Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Responsablite yon disip genyen

Responsablite yon disip genyen

Chapit 84

Responsablite yon disip genyen

APRE Jezi fin kite kay Farizyen ki gen enfliyans lan, e sanble se yon manm nan Sanedren an, li kontinye wout li pou l al Jerizalèm. Gen gwo foul moun ki suiv li. Men, ki sa k pouse yo fè sa? An reyalite, ki sa sa gen ladan l pou yon moun vin vrè disip Jezi?

Pandan foul moun yo t ap vwayaje ansanm ak Jezi, li vire gade yo e sanble li di yon pawòl ki choke yo. Men sa l di yo: “Si yon moun vle vin jwenn mwen epi li pa rayi papa l, manman l, madanm li, pitit li, frè l ak sè l, e menm tèt li, li pa ka disip mwen.”

Ki sa Jezi vle di? La a, Jezi pa vle di moun k ap suiv li yo ta dwe rayi fanmi yo vre. Okontrè, li vle di yo dwe rayi fanmi yo nan sans yo dwe renmen l plis pase fanmi yo. Pa egzanp, Labib fè konnen Jakòb, yon zansèt Jezi, te “rayi” Leya e li te renmen Rachèl, sa vle di li te renmen Rachèl plis pase sè l la, Leya.

Anplis de sa, remake Jezi di yon disip ta dwe rayi “menm tèt li” oubyen vi l. La a tou, Jezi vle di yon vrè disip dwe renmen l plis pase pwòp tèt pa l. Konsa, Jezi atire atansyon sou gwo responsablite yon moun genyen pou l vin disip li. Se pa yon bagay yon moun dwe pran alalejè.

Lè yon moun vin disip Jezi, l ap jwenn eprèv ak pèsekisyon, jan Jezi di sa annapre. Men sa l di: “Yon moun ki pa pran poto soufrans li pou l suiv mwen, moun sa a pa ka disip mwen.” Se sa k fè yon vrè disip dwe dispoze sibi menm gwo lawont Jezi te sibi a. Li ka menm mouri anba men ènmi Bondye yo, e se sa k rive Jezi yon ti tan apre.

Kidonk, foul moun k ap suiv Kris yo bezwen byen egzamine sa sa vle di pou yon moun vin disip li. Jezi bay yon egzanp pou l atire atansyon moun yo sou sa. Li di: “Pa egzanp, kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l? Si l pa fè sa, li ka fè fondasyon an, epi li pa ka fini fò a. Lè sa a, tout moun t ap pran pase l nan rizib, yo t ap di: ‘Mesye sa a kòmanse bati, men l pa menm ka fini sa l kòmanse a.’”

Konsa, Jezi montre foul moun k ap suiv li yo, anvan yo vin disip li, yo ta dwe pran desizyon fèm pou yo fè sa sa mande, menm jan lè yon moun vle bati yon fò li asire l anvan pou l wè si l ap gen kòb pou l fini l. Apre sa, Jezi bay yon lòt egzanp, li di:

“Oubyen ankò, ki wa, si l pral fè lagè ak yon lòt, ki pap chita anvan pou l pale ak lòt moun pou l wè si ak 10 000 òm l ap kapab kanpe devan lòt wa k ap vin anfas li ak 20 000 lan? Konsa, si l pap kapab, pandan lòt wa a lwen toujou, l ap voye yon delegasyon pou l mande fè lapè.”

Ansuit, Jezi atire atansyon sou leson ki nan egzanp li bay yo, li di: “Se konsa tou, okenn nan nou pa ka disip mwen si l pa abandone tout sa l genyen.” Se sa foul moun k ap suiv li yo ak tout moun ki resevwa ansèyman Kris yo dwe dispoze fè. Yo dwe pare pou yo sakrifye tout sa yo genyen, sa vle di tout byen yo e menm pwòp vi yo, si yo vle vin disip li. Èske w dispoze fè sa?

Apre sa, Jezi di: “An reyalite, sèl se yon bon bagay.” Nan Sèmon sou montay la, li te di disip li yo: “Nou se sèl pou tè a”, sa vle di yo enfliyanse moun yo yon fason k ap prezève lavi yo, menm jan sèl konsève yon bagay pou l pa gate. Finalman Jezi di: “Men, si sèl la pèdi gou l, ak ki sa y ap fè l vin sale ankò? Li pa bon ni pou met nan tè, ni pou fè fimye.Yo annik voye l jete. Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.”

Konsa, Jezi montre menm moun ki disip li depi yon bon bout tan dwe toujou detèmine pou yo kontinye kenbe. Si yo pa fè sa, y ap vin pa itil anyen, monn nan ap pase yo nan rizib e yo pap diy devan Bondye, anfèt y ap rale lawont sou Bondye. Se sa k fè, menm jan ak yon sèl ki pèdi gou l e ki kontamine, y ap voye yo jete, wi, y ap detwi yo. Lik 14:25-35; Jenèz 29:30-33; Matye 5:13.

▪ Ki sa sa vle di pou yon moun “rayi” fanmi l e pou l rayi pwòp tèt li?

▪ Ki de egzanp Jezi bay, e ki sans yo genyen?

▪ Ki sa nou ka aprann nan dènye esplikasyon Jezi bay konsènan sèl la?