Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèmon ki pi estrawòdinè yo te bay la

Sèmon ki pi estrawòdinè yo te bay la

Chapit 35

Sèmon ki pi estrawòdinè yo te bay la

SA K AP pase a se youn nan gwo evènman moun plis pa ka bliye yo rapòte nan Bib la: Jezi chita sou yon mòn, l ap bay yon diskou estrawòdinè yo rele Sèmon sou montay la. Kote sa a toupre lanmè Galile, sandout li pa twò lwen Kapènawòm. Jezi fèk fin chwazi 12 nan disip li yo kòm apot, apre l fin fè tout nuit la ap priye. Ansuit, li desann avèk yo tout yon kote ki plat nan mòn nan.

Kounye a, ou ka panse Jezi dwe fatige anpil e li ta vle fè yon ti dòmi. Men, gen gwo foul moun ki vin jwenn li, gen ladan yo ki soti Jide ak Jerizalèm, yo fè ant 100 ak 110 kilomèt ap vwayaje. Gen lòt moun ki soti Ti ak Sidon, de vil bò lanmè ki nan nò. Yo vini pou yo tande Jezi e pou l geri yo anba maladi yo genyen. Menm gen moun demon ap toumante ki vini. Demon yo se zanj mechan ki gen Satan kòm chèf yo.

Pandan Jezi ap desann, gen moun malad ki pwoche bò kote l pou yo touche l, e li geri yo tout. Annapre, sanble Jezi monte pi wo nan mòn nan. Lè l rive la, li chita e li kòmanse anseye foul moun yo ki epapiye devan l, kote ki plat la. Imajine kounye a pa menm gen yon moun nan tout moun k ap koute Jezi yo ki gen yon enfimite grav!

Moun yo pa ka tann pou yo tande anseyan ki gen pouvwa pou fè mirak etonan sa yo. Sepandan, sèmon Jezi bay la se sitou pou anseye disip li yo, sandout yo rasanble toutotou Jezi e sanble se yo ki pi pre l. Men, pou nou ka tire pwofi nan diskou sa a tou, ni Matye ni Lik ekri l pou nou.

Sa Matye rapòte sou sèmon an anviwon kat fwa pi long pase sa Lik rapòte a. Anplis de sa, Lik prezante kèk pati nan sa Matye rapòte yo kòm pawòl Jezi di nan yon lòt moman nan aktivite L, jan nou ka wè sa lè nou konpare Matye 6:9-13 ak Lik 11:1-4, e lè nou konpare Matye 6:25-34 ak Lik 12:22-31. Men, sa pa dwe etone nou. Sanble Jezi anseye menm bagay yo plizyè fwa, e Lik chwazi rapòte kèk nan ansèyman Jezi yo nan yon lòt kontèks.

Sa ki fè sèmon Jezi bay la gen anpil valè se pa sèlman jan verite ki ladan l yo pwofon, men tou se jan Jezi prezante verite sa yo yon fason ki senp e ki klè. Jezi sèvi ak sa moun yo wè chak jou, ak bagay yo abitye, dekwa pou tout moun ki ta renmen mache nan chemen Bondye pou yo mennen yon pi bon vi ka konprann sa l ap anseye yo fasilman.

Kiyès ki gen kè kontan toutbon?

Tout moun ta renmen viv ak kè kontan. Etandone Jezi konn sa byen, nan kòmansman Sèmon sou montay la, li esplike ki moun ki gen kè kontan toutbon. Jan nou ka imajine sa, sa l di yo kapte atansyon foul moun k ap koute l yo tousuit. Epoutan, pou anpil nan moun ki la yo, pawòl li di pou kòmanse sèmon l lan ka sanble gen kontradiksyon ladan yo.

Jezi ap pale ak disip li yo, men sa l di pou l kòmanse: “Byennere nou menm ki pòv, paske wayòm Bondye a se pou nou. Byennere nou menm ki grangou kounye a, paske nou pral nan abondans. Byennere nou menm k ap kriye kounye a, paske nou pral ri. Nou byennere lè moun rayi nou [...]. Jou sa a, nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, paske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la.”

Se ak pawòl sa yo Lik rapòte fason Jezi kòmanse sèmon l lan. Men, selon sa Matye rapòte, Jezi di tou se moun ki gen tanperaman dou, moun ki gen mizèrikòd, moun ki gen kè yo pwòp ak moun ki renmen fè lapè ki byennere. Jezi fè konnen moun sa yo byennere paske Bondye pral ba yo tè a, paske y ap fè yo mizèrikòd, paske y ap wè Bondye e paske y ap rele yo pitit Bondye.

Sepandan, Jezi pa vle di yon moun k ap viv ak kè kontan se yon moun ki toujou ap ri, tankou lè yon moun ap pran plezi l. Vrè kè kontan an se yon bagay ki pi pwofon toujou, li bay ide yon moun ki kontante l e ki jwenn satisfaksyon nan lavi a.

Konsa, Jezi montre moun k ap viv ak kè kontan toutbon yo se moun ki rekonèt yo bezwen Bondye e ki tris akoz eta yo antanke pechè, e yo se moun ki vin konn Bondye e k ap sèvi l. Se poutèt sa, menmsi yo rayi yo oubyen yo pèsekite yo paske y ap fè volonte Bondye, yo gen kè kontan piske yo konnen yo fè Bondye plezi e yo konnen y ap resevwa lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans.

Sepandan, menm jan ak kèk moun jodi a, anpil nan moun k ap koute Jezi yo kwè se richès ak plezi ki bay moun kè kontan. Jezi wè bagay yo yon lòt jan. Se sa k fè li di yon bagay ki kontrè ak sa moun k ap koute l yo ap atann. Men sa l di:

“Malè pou nou, nou menm ki rich, paske nou deja jwenn tout konsolasyon nou. Malè pou nou, nou menm ki nan abondans kounye a, paske nou pral grangou. Malè pou nou, nou menm k ap ri kounye a, paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye. Malè pou nou, lè tout moun ap pale an byen de nou, paske se konsa zansèt moun sa yo te fè pou fo pwofèt yo.”

Ki sa Jezi vle di la a? Si yon moun rich, si yon moun ap pran plezi l ak kè kontan, e si moun fè lwanj pou moun sa a, poukisa pou sa pote malè? Se paske lè yon moun ap jwi bagay sa yo e yo gen anpil valè nan je l, li pa bay sèvis Bondye a okenn plas nan lavi l, alòske se sèl sa ki bay kè kontan toutbon. Anmenmtan, Jezi pa vle di depi yon moun pòv oswa li grangou oubyen li nan lapenn l ap viv ak kè kontan. Sepandan, souvan, moun ki nan sitiyasyon sa yo ka byen reyaji devan ansèyman Jezi yo, e konsa yo gen kè kontan toutbon kòm benediksyon.

Ansuit, Jezi pale ak disip li yo, li di yo: “Nou se sèl pou tè a.” Natirèlman, li pa vle di disip li yo se sèl nan yon sans literal. Yo konn itilize sèl pou konsève yon bagay. Yo te konn mete yon gwo kantite sèl toupre lotèl ki nan tanp Jewova a, e prèt ki t ap fè sèvis yo te konn pran nan sèl sa a pou yo met nan ofrann yo.

Lè Jezi di disip li yo se “sèl pou tè a”, sa vle di enfliyans yo gen sou yon moun ka prezève lavi moun nan. E se vre, mesaj disip Jezi yo ap bay la ap ede tout moun ki byen reyaji prezève lavi yo! Mesaj sa a ede moun sa yo kiltive kalite tankou fidelite e li anpeche yo deteryore nan domèn espirityèl ak nan domèn nan moral.

Jezi di disip li yo: “Nou se limyè pou monn nan.” Se pa anba yon pànye yo mete yon lanp, men se sou yon etajè yo mete l, se poutèt sa Jezi di: “Menm jan an tou, se pou limyè nou briye devan lèzòm.” Disip Jezi yo fè sa grasa temwayaj yo bay tout moun e grasa bèl egzanp yo bay nan konduit yo ki ann amoni ak prensip ki nan Bib la.

Li anseye disip li yo bonjan prensip

Chèf relijye yo konsidere Jezi kòm yon moun k ap vyole Lwa Bondye a, e pa gen lontan depi yo te fè konplo pou yo touye l. Se poutèt sa, pandan Jezi ap bay Sèmon sou montay la, li di: “Pinga nou panse mwen vini pou m aboli Lalwa oswa pou m aboli pawòl pwofèt yo. Mwen pa vini pou m aboli, men mwen vini pou m akonpli.”

Jezi gen gwo respè pou Lwa Bondye a e li ankouraje lòt moun gen menm respè a pou Lwa sa a. Se poutèt sa li di: “Kèlkeswa moun ki vyole youn nan kòmandman ki pi piti yo e ki anseye lòt moun pou yo fè menm jan an, y ap rele moun sa a ‘pi piti’ anrapò ak wayòm syèl la”, sa vle di yon moun konsa pap antre nan Wayòm nan menm.

Jezi pa t ap janm meprize Lwa Bondye a, okontrè li menm kondane mantalite ki ka pouse yon moun vyole Lwa sa a. Apre Jezi fin fè remake Lalwa di: “Ou pa dwe asasinen moun”, li di: “Men mwen menm, men sa m di nou: Nenpòt moun ki ret an kòlè kont frè l, l ap gen pou l rann kont nan tribinal.”

Piske se yon bagay ki grav anpil pou yon moun ret an kòlè kont yon konpayon l, sa ki kapab menm mennen nan touye moun, Jezi bay yon egzanp pou montre jis nan ki pwen yon moun dwe fè efò pou l fè lapè. Li di: “Si w ap pote ofrann ou [pou sakrifis] devan lotèl la, e pandan w la ou sonje yon frè w gen yon bagay avè w, kite ofrann ou an la, devan lotèl la, epi ale. Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen w a bay ofrann ou an.”

Kounye a, Jezi atire atansyon moun k ap koute l yo sou setyèm kòmandman nan Dis Kòmandman yo, li di: “Nou tande yo te di: ‘Ou pa dwe fè adiltè.’” Sepandan, Jezi kondane menm panchan yon moun genyen ki ka fè l tonbe nan adiltè, li di: “Men mwen menm, men sa m di nou: Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l nan kè l.”

Lè Jezi di sa a, li pa jis pale konsènan yon panse imoral ki annik pase konsa nan lespri yon moun, men li vle pale de sitiyasyon kote yon moun ap ‘kontinye gade’. Si yon moun kontinye aji konsa, sa ka fè l vin gen gwo anvi, e kou okazyon an prezante, gwo anvi sa a ka fè l tonbe nan adiltè. Ki jan yon moun ka evite yon bagay konsa rive? Jezi montre ki jan li ka nesesè pou yon moun pran gwo dispozisyon, li di: “Si se je dwat ou k ap fè w peche, rache l, voye l jete byen lwen w. [...] E si se men dwat ou k ap fè w peche, koupe l, voye l jete byen lwen w.”

Byen souvan, gen moun ki dispoze pèdi yon pati nan kò yo ki malad pou yo sove vi yo. Men, selon Jezi, li pi enpòtan toujou pou yon moun voye kèlkeswa bagay la ‘jete byen lwen l’, menmsi se yon bagay ki gen anpil valè, tankou yon grenn je l oswa yon men l, pou l evite panse oswa aji yon fason ki imoral. Si se pa sa, y ap jete l nan Jeyèn nan (se yon kote yo te konn boule fatra toupre Jerizalèm) ki reprezante destriksyon etènèl.

Jezi montre tou fason pou nou boule ak moun ki fè nou mechanste oubyen ki ofanse nou. Men konsèy li bay: “Pa kenbe tèt ak yon moun ki mechan. Okontrè, si yon moun ba w yon kalòt sou bò figi dwat ou, vire lòt bò a ba li.” Jezi pa vle di yon moun pa dwe defann tèt li si yon moun atake l oubyen si l atake fanmi l. An jeneral, yon moun pa bay yon lòt moun kalòt paske l konnen l ap fè l mal, men li ba li l pou l imilye l. Konsa, Jezi vle di si yon moun ap chèche goumen ak yon lòt moun oswa l ap chèche joure avè l, kit se yon kalòt li ba li, kit se move pawòl li di l, li pa t ap bon pou l aji kifkif avè l.

Apre Jezi fin atire atansyon sou lwa Bondye a ki mande pou nou renmen pwochen nou, li di: “Men mwen menm, men sa m di nou: Kontinye renmen ènmi nou, e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou.” Li bay yon rezon solid pou nou fè sa, li di: “[Konsa] nou ka montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la, piske l fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon.”

Men konsèy Jezi bay nan fen pati sa a nan sèmon l lan: “Kidonk, nou dwe pafè menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè.” Jezi pa vle di yon moun ka vin pafè yon fason total. Men, si moun sa a imite Bondye, li ka rive demontre lanmou menm pou moun ki ènmi l. Men ki jan Lik rapòte pawòl Jezi a: “Kontinye gen mizèrikòd, menm jan Papa nou gen mizèrikòd.”

Priyè ak konfyans nan Bondye

Pandan Jezi ap kontinye bay sèmon l lan, li kondane ipokrizi moun k ap pran pòz yo gen atachman pou Bondye pou fè wè. Li di: “Lè w ap fè moun charite, pa sonnen twonpèt anvan, jan ipokrit yo fè.”

Apre sa, Jezi di: “Lè n ap priye, pinga nou fè menm jan ak ipokrit yo. Paske, lè y ap priye, yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou gran wout yo pou moun ka wè yo.” Men, li di: “Lè w ap priye, antre nan chanm ou, epi lè w fin fèmen pòt ou, priye Papa w moun pa ka wè a.” Jezi pa kondane priyè moun fè an piblik, dayè li menm tou li te fè priyè an piblik. Sa li kondane se priyè moun fè pou enpresyone moun k ap koute yo, dekwa pou yo ka jwenn konpliman.

Apre sa, Jezi bay konsèy sa a: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo, jan moun ki nan nasyon yo fè sa.” Jezi pa vle di li pa bon pou nou repete yon pawòl lè n ap priye. Yon lè, etan l t ap priye, li te sèvi ak “menm pawòl la” plizyè fwa. Men, sa l di ki pa bon, se lè yon moun ap “plede repete” yon pakèt fraz li aprann pa kè, menm jan ak moun k ap woule chaplè pandan y ap repete priyè yo aprann pa kè.

Pou Jezi ede moun k ap koute l yo konnen kòman pou yo priye, li ba yo yon modèl priyè ki gen sèt demann ladan l. Nòmalman, twa premye demann yo gen rapò ak konsiderasyon nou dwe genyen pou souvrènte Bondye e pou objektif li yo. Nan demann sa yo, nou mande pou non Bondye vin sen, pou Wayòm li an vini, e pou volonte l fèt. Nan kat lòt demann yo, nou priye pou bagay pèsonèl nou, sètadi pou manje nou bezwen chak jou, pou peche nou jwenn padon, pou nou pa tante depase sa nou ka sipòte, e pou nou delivre anba Mechan an.

Ansuit, Jezi pale konsènan pyèj ki genyen lè nou bay byen materyèl twòp valè. Men konsèy li bay: “Sispann anpile trezò sou tè a, kote ki gen mit ak wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè ka antre pou yo vòlè yo.” Nonsèlman trezò sa yo pa la pou toutan, men yo pap ede nou jwenn favè Bondye.

Se poutèt sa Jezi di: “Okontrè, anpile trezò nan syèl la.” Nou fè sa lè nou mete sèvis n ap bay Bondye a nan premye plas nan lavi nou. Lè nou aji konsa, pèsonn pap ka retire favè Bondye fè nou an nan men nou oswa gwo rekonpans sa fè nou jwenn nan. Apre sa, Jezi di: “Kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.”

Ansuit, pandan Jezi ap pale konsènan pyèj ki genyen nan kouri dèyè byen materyèl, men egzanp li bay: “Se je ki lanp kò a. Konsa, si je w fikse sou yon sèl bagay, tout kò w ap klere. Men, si je w fikse sou sa ki mal, tout kò w ap nan fènwa.” Lè je yon moun byen fonksyone, li tankou yon lanp ki klere kò a nan fènwa. Men, pou moun sa a wè byen, je l dwe fikse sou yon sèl bagay. Si je moun nan wè twoub, l ap bay bagay yo valè yo pa genyen, l ap mete objektif materyèl yo anvan sèvis Bondye a, e kòm rezilta, “tout kò” l ap nan fènwa.

Jezi kore sa l sot di a ak yon egzanp ki gen anpil fòs. Li di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan. Paske, swa l ap rayi youn e l ap renmen lòt la, oubyen l ap atache ak youn e l ap meprize lòt la. Nou pa ka esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.”

Apre Jezi fin bay konsèy sa a, li bay moun k ap koute l yo asirans yo pa bezwen bay tèt yo pwoblèm pou bezwen materyèl yo genyen si yo mete sèvis Bondye a nan premye plas nan lavi yo. Li di: “Gade zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al met nan depo. Poutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje.” Ansuit, li poze kesyon sa a: “Èske nou pa gen plis valè pase yo?”

Apre sa, Jezi sèvi ak flè ki nan savann pou l fè remake “menm Salomon, nan tout glwa li, pa t konn abiye tankou youn nan yo”. Ansuit, li di: “Donk, si Bondye abiye plant ki nan savann, [...] nou pa bezwen mande si l ap abiye nou tou! Ki jan nou fè manke lafwa konsa a?” Se sa k fè Jezi di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’ ‘Ki sa n ap bwè?’ ‘Ki sa n ap met sou nou?’ Paske, [...] Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Kidonk, kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.”

Chemen ki mennen nan lavi a

Pou yon moun mache nan chemen ki mennen nan lavi a, li dwe obeyi ansèyman Jezi yo. Men, li pa fasil pou nou fè sa. Pa egzanp, Farizyen yo gen tandans jije moun di, e sanble gen anpil moun ki imite yo. Se poutèt sa, pandan Jezi kontinye ap bay Sèmon sou montay la, li bay avètisman sa a: “Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. Paske, jan n ap jije a, se konsa y ap jije nou.”

Li danjere pou nou suiv egzanp Farizyen yo ki te konn kritike moun yon fason egzajere. Selon sa Lik rapòte, men sa Jezi di pou l montre danje ki gen nan sa: “Èske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Toule de t ap tonbe nan twou, pa vre?”

Se yon fot grav lè yon moun kritike lòt moun yon fason egzajere, kit se chèche li chèche fè fot moun nan fè a parèt pi grav pase jan l ye, kit se nui l ap plede nui l. Se poutèt sa Jezi poze kesyon sa a: “Kòman w ka fè di frè w la: ‘Kite m retire pay ki nan je w la’, alòske ou menm ou gen yon gwo bout bwa nan je pa w? Ipokrit! Retire gwo bout bwa ki nan je w la anvan, apre sa, w a wè klè ki jan pou w retire pay ki nan je frè w la.”

Sa pa vle di disip Jezi yo pa dwe sèvi ak bon jijman nan relasyon yo gen ak lòt moun, paske men sa Jezi di: “Pa bay chen bagay ki sakre, nitou pa lage grenn pèl nou devan kochon.” Verite ki nan Pawòl Bondye a se bagay ki sakre. Nan yon sans senbolik, yo tankou grenn pèl. Si, menm jan ak chen ak kochon, gen moun ki pa gen okenn konsiderasyon pou verite sa yo ki gen anpil valè, disip Jezi yo dwe kite moun sa yo pou y al chèche moun ki pi byen reyaji.

Byenke Jezi deja pale konsènan lapriyè nan Sèmon sou montay la, kounye a, li ensiste sou nesesite pou nou kontinye priye. Li di: “Kontinye mande, e y ap ban nou.” Pou Jezi montre jan Bondye dispoze reponn priyè nou, li mande: “Kiyès nan nou la a, si pitit li mande l yon pen, k ap lonje yon wòch ba li? [...] Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun bon bagay si yo mande l!”

Ansuit, Jezi bay yon prensip moun vin byen konnen sou konduit. Li di: “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” Pou nou aplike prensip sa a, sa mande pou nou fè bèl aksyon anvè lòt moun, pou nou aji avèk yo menm jan nou ta renmen yo aji avèk nou.

Jezi bay yon konsèy ki montre chemen ki mennen nan lavi a pa fasil. Men sa l di: “Pase nan pòt ki jis la. Paske, wout ki mennen nan destriksyon an se yon wout ki laj e ki gran, e anpil moun pase ladan l. Alòske pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li.”

Risk pou yo twonpe nou an anpil, se poutèt sa Jezi bay avètisman sa a: “Fè atansyon ak fo pwofèt yo k ap vin sou nou ak po mouton sou yo, tandiske se lou voras yo ye pa anndan.” Jezi fè remake menm jan yo ka rekonèt bon pyebwa ak pyebwa ki pa bon pa mwayen fwi yo bay, se konsa tou yo ka rekonèt fo pwofèt yo pa mwayen konduit yo ak ansèyman yo.

Apre sa, Jezi di se pa sa yon moun annik di ki fè moun sa a se disip li, men se sa moun sa a ki fè l se disip li. Gen kèk moun ki pretann Jezi se Seyè yo, men, si yo pa fè volonte Papa l, li di: “M ap di yo: Mwen pa t janm konnen nou! Rale kò nou sou mwen, nou menm k ap pratike sa ki mal.”

Finalman, Jezi fini sèmon l lan ak pawòl sa yo moun pa ka bliye. Li di: “Yon moun ki tande pawòl mwen di la yo e ki obeyi yo ap sanble ak yon moun ki prevwayan ki bati kay li sou karyann. Epi lapli vide, gwo dlo desann, e van k ap soufle frape kay la ak anpil fòs, men li pa tonbe, paske li te bati sou karyann.”

Yon lòt bò, Jezi deklare: “Yon moun ki tande pawòl mwen di la yo e ki pa obeyi yo ap sanble ak yon moun sòt ki bati kay li sou sab. Epi lapli vide, gwo dlo desann, e van k ap soufle frape kay la ak anpil fòs, li tonbe, e li kraze nèt.”

Lè Jezi fini sèmon l lan, foul moun yo rete bouch ouvè devan fason l anseye, paske li anseye yo antanke moun ki gen otorite, li pa t anseye yo tankou chèf relijye yo. Lik 6:12-23; Matye 5:1-12; Lik 6:24-26; Matye 5:13-48; 6:1-34; 26:36-45; 7:1-29; Lik 6:27-49.

▪ Ki kote Jezi ye lè l ap bay sèmon moun plis pa ka bliye a, kiyès ki la, e ki sa k pase yon ti tan anvan li bay li?

▪ Poukisa li pa etonan lefètke Lik rapòte kèk ansèyman ki nan sèmon an nan yon lòt kontèks?

▪ Sa k fè sèmon Jezi bay la gen anpil valè konsa?

▪ Kiyès ki gen kè kontan toutbon, e poukisa?

▪ Kiyès ki jwenn malè, e poukisa?

▪ Nan ki sans disip Jezi yo se “sèl pou tè a” e yo se “limyè pou monn nan”?

▪ Ki jan Jezi montre anpil respè pou Lwa Bondye a?

▪ Ki konsèy Jezi bay pou nou derasinen koz ki mennen nan touye moun ak nan adiltè?

▪ Ki sa Jezi vle di lè l di vire lòt bò figi a bay la?

▪ Ki jan nou ka vin pafè menm jan Bondye pafè?

▪ Ki konsèy Jezi bay sou lapriyè?

▪ Poukisa trezò ki nan syèl la gen plis valè, e ki jan yon moun ka jwenn yo?

▪ Ki egzanp yo bay pou ede yon moun evite kouri dèyè byen materyèl?

▪ Poukisa Jezi di li pa nesesè pou yon moun bay tèt li pwoblèm?

▪ Ki sa Jezi di konsènan jije moun? Poutan, ki jan li montre disip li yo bezwen sèvi ak bon jijman nan relasyon yo gen ak lòt moun?

▪ Ki lòt bagay Jezi di konsènan lapriyè, e ki prensip li bay sou konduit?

▪ Ki jan Jezi montre chemen ki mennen nan lavi a pa fasil e gen risk pou yo twonpe nou?

▪ Ki jan Jezi fini sèmon l lan, e ki efè sa genyen?