Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Siy dènye jou yo

Siy dènye jou yo

Chapit 111

Siy dènye jou yo

KOUNYE A, li madi aprèmidi. Pandan Jezi chita sou mòn Oliv e l ap gade tanp lan anba a, Pyè, Andre, Jak ak Jan pwoche bò kote l apa. Yo enkyete pou tanp lan, piske Jezi fèk sot anonse pa gen yon wòch k ap ret sou yon lòt wòch ladan l.

Men, sanble se pa pou sa sèlman y ap enkyete lè y ap pwoche bò kot Jezi a. Kèk semèn anvan sa, li te pale ak yo konsènan “prezans” li, sètadi moman kote “Pitit lòm nan gen pou l parèt aklè”. E nan yon okazyon anvan sa, li te pale ak yo konsènan “fen sistèm nan”. Se poutèt sa apot yo ap poze tèt yo kesyon.

Yo di Jezi: “Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt, [sètadi destriksyon Jerizalèm ak tanp li an,] e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” Anfèt, kesyon yo poze a gen twa pati. Toudabò, yo vle gen plis enfòmasyon sou destriksyon Jerizalèm ak tanp li an, ansuit sou prezans Jezi antanke Wa nan Wayòm nan, e finalman sou fen tout sistèm nan.

Jezi bay yon repons byen long pou l reponn toule twa pati ki gen nan kesyon an. Li bay yon siy ki montre ki lè fen sistèm juif la ap rive. Men, li bay lòt siy toujou. Anplis de sa, li bay yon siy k ap pèmèt moun k ap vin disip li yo konnen y ap viv diran prezans li ak nan epòk kote tout sistèm nan pral detwi.

Tank ane ap pase, apot yo wè akonplisman pwofesi Jezi te bay la. Annefè, bagay Jezi te anonse yo te kòmanse rive nan epòk yo a. Se konsa, kretyen ki te ret vivan 37 an apre yo, nan ane 70 epòk nou an, pa sezi lè sistèm juif la ak tanp li an detwi.

Sepandan, prezans Kris la pa t kòmanse nan ane 70 epòk nou an. Prezans li antanke Wa nan Wayòm nan kòmanse byen lontan apre. Men, ki lè sa fèt? Lè nou egzamine pwofesi Jezi bay la, nou wè ki lè sa fèt.

Jezi anonse t ap gen “lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè”. Li di: “Nasyon pral leve kont nasyon” e pral gen rate manje, tranblemanntè ak epidemi. Y ap rayi disip li yo e y ap touye yo. Anpil fo pwofèt pral parèt e y ap twonpe anpil moun. Mechanste pral ogmante, e lanmou pifò moun ap rafredi. Nan menm epòk sa a, yo pral preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan, kòm yon temwayaj pou tout nasyon.

Anfèt, pwofesi Jezi bay la te gen yon akonplisman limite anvan destriksyon Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an, men li gen yon pi gwo akonplisman diran prezans Jezi ak nan fen sistèm nan. Lè nou byen egzamine evènman ki pase nan monn nan depi 1914, nou kapab rann nou kont pwofesi sa a Jezi bay la, yon pwofesi ki antre nan listwa, gen yon pi gwo akonplisman depi nan ane sa a.

Yon lòt pati ki nan siy Jezi bay la gen rapò ak “bagay repiyan ki lakòz dezolasyon an” ki t ap parèt. Nan ane 66 epòk nou an, bagay repiyan sa a se te ‘lame women an ki te tabli kan’ toutotou Jerizalèm e ki te febli baz miray tanp lan. “Bagay repiyan ki lakòz dezolasyon an” kanpe kote li pa dwe kanpe.

Nan pi gwo akonplisman siy lan, bagay repiyan an se Sosyete Nasyon yo ak òganizasyon ki ranplase l la, anpalan de Nasyonzini. Lakretyente konsidere se òganizasyon sa a ki la pou mete lapè nan monn nan k ap pran plas Wayòm Bondye a. Ala repiyan! Se poutèt sa, rive yon lè, pisans politik ki nan Nasyonzini yo ap vire kont lakretyente (Jerizalèm senbolik la) e y ap devaste l.

Se sa k fè Jezi anonse: “Pral gen yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki potko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap janm rive ankò.” Destriksyon Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an se vrèman yon gwo tribilasyon ki te lakòz yo touye plis pase yon milyon moun, dapre sa yo rapòte. Akonplisman prensipal pati sa a nan pwofesi Jezi bay la ap pi gwo lontan.

Yo pa pè pandan dènye jou yo

Alòske jou madi 11 Nizan an prèske fini, Jezi kontinye pale ak apot li yo konsènan siy prezans li antanke Wa nan Wayòm nan e konsènan fen sistèm nan. Li avèti yo pou yo pa kouri dèyè fo Kris. Li di y ap eseye “twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa te posib”. Men, tankou èg ki wè lwen, moun sa yo Bondye chwazi ap rasanble kote y ap jwenn vrè manje espirityèl la, sètadi ak vrè Kris la pandan prezans li ki envizib. Yo pap kite yo twonpe yo e yo pap rasanble bò kote okenn fo Kris.

Fo Kris yo ka parèt sèlman yon fason ki vizib. Sepandan, prezans Jezi ap envizib. Jezi di apre tribilasyon an fin kòmanse “solèy la ap vin tou nwa, e lalin nan pap klere ankò”. Wi, se ap peryòd kote ki gen plis latwoublay depi limanite egziste. Se kòmsi solèy la ap vin tou nwa lajounen e lalin nan pap klere lannuit ankò.

Apre sa, Jezi di: “Pisans ki nan syèl la pral souke.” Konsa, li montre syèl la pral gen yon aspè ki bay kè kase. Laperèz ak vyolans k ap genyen lè sa a se ap bagay moun pa janm wè nan istwa lèzòm.

Jezi di, kòm rezilta, “nasyon yo pral gen gwo kè kase, yo pap konn ki sa pou yo fè, akoz gwo bri lanmè a ap fè e akoz li move. Lè sa a, lèzòm pral faya poutèt y ap pè, e poutèt y ap tann bagay ki gen pou rive sou latè”. Anfèt, ofiramezi peryòd sa a k ap gen pi plis latwoublay nan listwa limanite ap rive nan fen l, “siy Pitit lòm nan pral parèt nan syèl la, epi, tout nasyon sou tè a pral frape lestomak yo tèlman y ap tris”, jan Jezi di sa.

Men, se pa tout moun k ap tris lè ‘Pitit lòm nan vini avèk pisans’ pou l detwi sistèm mechan sa a. “Moun Bondye chwazi yo”, anpalan de 144 000 moun ki pral dirije ak Kris nan Wayòm li an nan syèl la pap tris e konpayon moun sa yo, sètadi moun Jezi rele “lòt mouton” l yo, pap tris tou. Malgre y ap viv nan epòk ki gen plis latwoublay nan listwa limanite, yo byen reyaji devan ankourajman Jezi bay lè l di: “Lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche.”

Men egzanp Jezi bay pou disip li yo ki t ap gen pou yo viv nan dènye jou yo te ka wè nan ki pwen lafen an toupre, li di: “Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo. Lè nou wè y ap boujonnen, nou konnen lete toupre rive. Menm jan an tou, lè nou wè bagay sa yo ap rive, konnen wayòm Bondye a toupre. Anverite m ap di nou sa: Non, jenerasyon sa a pap pase anvan tout bagay sa yo rive.”

Konsa, lè disip li yo wè diferan pati nan siy lan ap reyalize, yo t ap rann yo kont fen sistèm nan toupre rive e nan yon ti tan Wayòm Bondye a ap elimine tout mechanste. Jezi avèti moun ki disip li ki t ap vivan pandan dènye jou yo ki t ap yon peryòd enpòtan nan listwa, li di:

“Fè atansyon pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a, epi pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, sanzatann, tankou yon pyèj. Paske, l ap vini sou tout moun ki abite sou tè a. Kidonk, rete je klè. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive, e pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan.”

Fi vyèj prevwayan yo ak fi vyèj sòt yo

Jezi fin reponn kesyon apot li yo te poze l pou mande l yon siy sou prezans li antanke Wa nan Wayòm nan. Kounye a, li bay twa parabòl oubyen egzanp pou l ka bay plis detay sou siy nan.

Moun k ap viv pandan prezans li ap ka wè akonplisman chak egzanp li bay. Men premye egzanp li bay: “Anplis, wayòm syèl la sanble ak dis fi vyèj ki pran lanp yo e ki soti al rankontre lemarye. Senk nan yo te sòt e senk lòt yo te prevwayan.”

Lè Jezi itilize ekspresyon “wayòm syèl la sanble ak dis fi vyèj” la, li pa vle di mwatye nan moun ki benefisye Wayòm syèl la se moun ki sòt, e lòt mwatye a prevwayan! Non, men li vle di, anrapò ak Wayòm syèl la, gen de kategori moun, oubyen bagay ki gen rapò ak Wayòm nan ap parèt sou yon aspè oswa sou yon lòt aspè.

Dis fi vyèj yo reprezante tout kretyen ki gen posiblite pou yo fè pati Wayòm syèl la oswa ki fè konnen yo gen posiblite pou yo fè pati Wayòm syèl la. Se nan Pannkòt ane 33 epòk nou an kongregasyon kretyen an te fiyanse ak Jezi Kris ki resisite e ki resevwa glwa antanke Lemarye. Men, maryaj la t ap gen pou fèt nan syèl la alavni, nan yon tan moun pa konnen.

Nan egzanp lan, dis fi vyèj yo soti pou y al akeyi lemarye e pou yo antre nan kòtèj maryaj la. Lè lemarye rive, y ap klere wout kote kòtèj la ap pase a ak lanp yo a, konsa y ap onore l pandan l ap mennen lamarye nan kay ki prepare pou li a. Sepandan, men sa Jezi esplike: “Senk te sòt, paske yo te pran lanp yo, men yo pa t pran luil, tandiske lòt yo te prevwayan, paske yo te vin ak lanp yo e yo te vin ak luil nan veso yo. Kòm lemarye te pran tan pou l vini, yo tout tonbe kabicha, epi dòmi ale avèk yo.”

Lefètke lemarye te anreta anpil, sa montre se nan yon tan byen lwen Kris ap prezan antanke Wa. Finalman, li monte sou twòn li an 1914. Nan nuit byen long anvan moman sa a, dòmi ale ak tout fi vyèj yo. Men, yo pa kondane yo pou sa. Yo kondane fi vyèj ki sòt yo poutèt yo pa t gen luil nan veso yo. Jezi esplike ki jan fi vyèj yo te reveye anvan lemarye rive. Men sa l di: “Nan mitan nuit lan, yon rèl pati: ‘Men lemarye! Soti pou n al rankontre l.’ Lè sa a, tout fi vyèj yo leve pou yo prepare lanp yo. Sa ki sòt yo di sa ki prevwayan yo konsa: ‘Ban nou enpe nan luil nou an, paske lanp pa nou yo prèske etenn.’ Sa ki prevwayan yo reponn: ‘Petèt ka pa gen ase pou nou menm avèk nou. Pito n al achte nan men moun k ap vann yo.’”

Luil la reprezante sa ki fè vrè kretyen yo kontinye klere tankou flanbo. E sa ki fè yo kontinye klere a se Pawòl Bondye enspire a kretyen yo kenbe fèm, ansanm ak lespri sen ki ede yo konprann Pawòl la. Luil espirityèl sa a pèmèt vyèj ki prevwayan yo fè limyè a klere pou yo akeyi lemarye pandan kòtèj la pral nan resepsyon maryaj la. Men, klas fi vyèj ki sòt yo pa gen luil espirityèl yo bezwen an nan veso yo, sètadi nan yo menm. Kidonk, Jezi esplike sa ki rive:

“Pandan [fi vyèj ki sòt yo] al achte [luil], lemarye rive, e fi vyèj ki te pare yo antre ansanm avèk li nan resepsyon maryaj la, epi yo fèmen pòt la. Annapre, lòt fi vyèj yo vin rive tou, yo di: ‘Mesye, mesye, ouvè pou nou!’ Li reponn yo, li di: ‘Franchman m ap di nou sa: Mwen pa konnen nou.’”

Apre Kris fin rive nan Wayòm li nan syèl la, klas fi vyèj ki prevwayan an ki gen ladan l vrè kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la reveye pou yo pran responsablite yo genyen pou yo fè limyè klere nan monn fènwa sa a pou yo ka fè louwanj pou Lemarye ki retounen. Men, moun fi vyèj sòt yo reprezante yo pa prepare pou yo bay Lemarye louwanj pou yo akeyi l. Se sa k fè, lè moman an rive, Kris pa ouvè pòt la pou yo antre nan resepsyon maryaj la nan syèl la. Li kite yo deyò nan fon lannuit lan nan fènwa pwès ki gen nan monn nan, pou yo ka peri ansanm ak tout lòt moun k ap pratike sa ki mal yo. Finalman, Jezi di: “Se sa k fè, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.”

Egzanp talan yo

Jezi kontinye konvèsasyon l ap fè ak apot li yo sou mòn Oliv la, li ba yo yon lòt egzanp, e se dezyèm nan twa egzanp l ap bay yo. Kèk jou anvan sa, pandan l te Jeriko, li te bay egzanp pyès monnen ann ajan yo pou l montre Wayòm nan t ap pran yon bonkou tan toujou anvan l vini. Byenke egzanp li bay kounye a gen plizyè aspè ki sanble ak sa ki nan egzanp pyès monnen ann ajan an, egzanp sa a anonse yon seri aktivite k ap reyalize pandan prezans Kris antanke Wa nan Wayòm nan. Egzanp sa a montre disip li yo dwe travay pandan yo toujou sou tè a pou yo ogmante “byen l genyen yo”.

Men ki jan Jezi kòmanse egzanp lan: “Anfèt, [evènman ki gen rapò ak Wayòm nan] se tankou yon mesye k ap vwayaje al nan peyi etranje. Li rele esklav li yo, e li konfye yo byen l genyen yo.” Jezi se mesye ki konfye esklav li yo, sètadi disip li yo ki jwenn posiblite pou yo fè pati Wayòm syèl la, byen l yo, anvan li vwayaje al nan peyi etranje, sètadi syèl la. Byen sa yo se pa byen materyèl, men yo reprezante yon jaden kote Jezi simen semans pou l ka fè plis disip.

Jezi konfye esklav li yo byen l yo yon ti tan anvan li monte nan syèl la. Kòman l fè sa? Li ba yo lòd pou yo kontinye travay nan jaden an, sètadi pou yo preche mesaj Wayòm nan jis nan zòn ki pi lwen sou tè a. Men sa Jezi di: “Li bay youn senk talan, li bay yon lòt de talan, epi li bay yon dènye yon sèl talan. Li bay yo chak selon kapasite yo, epi li pati.”

Konsa, Kris distribye uit talan yo, sètadi byen l yo, selon kapasite esklav yo, sètadi selon posiblite yo nan domèn espirityèl. Esklav yo reprezante diferan klas disip. Nan premye syèk la, li klè apot yo te fè pati klas disip ki te resevwa senk talan yo. Apre sa, Jezi fè konnen ni esklav ki te resevwa senk talan an ni sa k te resevwa de talan an te double sa yo te gen nan men yo grasa travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la. Sepandan, esklav ki te resevwa yon sèl talan an te sere l anba tè.

Ansuit, Jezi di: “Apre yon bon tan, mèt esklav sa yo retounen e li fè regleman avèk yo.” Se jis nan 20yèm syèk la, anviwon 1 900 an apre, Kris retounen vin fè regleman. Donk, se “apre yon bon tan” vre li te retounen. Apre sa, Jezi di:

“Esklav ki te resevwa senk talan an avanse, li vin ak senk lòt talan, li di: ‘Mèt, ou te konfye m senk talan, gade, mwen fè senk anplis.’ Mèt li di l: ‘Trè byen, ou se yon bon esklav, e ou fidèl! Ou te fidèl nan kèk bagay, m ap mete w responsab anpil bagay. Vin rejwi ak mèt ou.’” Menm jan an tou, esklav ki te resevwa de talan an double kantite talan li te gen nan men l yo, mèt li fè l menm konpliman an e li rekonpanse l menm jan an.

Men, ki jan esklav fidèl sa yo vin rejwi ak mèt yo? Ebyen, sa ki rejwi Mèt yo, Jezi Kris, se lefètke li resevwa Wayòm nan lè l t al nan peyi etranje a, sètadi kot Papa l nan syèl la. Kanta esklav fidèl yo jodi a, yo rejwi anpil lefètke yo konfye yo plis responsablite anrapò ak Wayòm nan, e lè yo fin viv sou tè a, yo pral gen pi gwo jwa ki genyen an lè yo resisite pou y al nan Wayòm syèl la. Bon, ki sa k rive twazyèm esklav la?

Esklav sa a tonbe plenyen, li di: “Mèt, mwen konnen ou se yon moun ki egzijan [...]. Se sa k fè, mwen te vin pè, mwen t al sere talan w lan anba tè. Men afè w.” Esklav sa a te fè espre li pa travay nan jaden an, sètadi li pa preche e li pa fè disip. Se poutèt sa mèt la di l: “Ou se yon move esklav, ou parese.” E men santans li di pou yo ba li: “Pran talan an nan men l [...]. Epi, voye esklav ki pa vo anyen an nan fènwa deyò a. Se la li pral kriye e li pral manje dan.” Etandone yo voye moun ki fè pati klas move esklav sa a deyò, sa fè yo pèdi tout jwa yo ta ka genyen nan domèn espirityèl.

Sa a se yon gwo leson pou tout moun ki di yo se disip Kris. Si yo vle jwenn konpliman ak rekonpans nan men l e si yo pa vle li fè voye yo nan fènwa deyò a e apre sa pou yo detwi, yo dwe travay pou yo ogmante byen Mèt yo a ki nan syèl la, lè yo fè tout sa yo kapab nan travay predikasyon an. Èske w chofe pou w fè sa?

Lè Kris vini antanke Wa nan Wayòm nan

Jezi ak apot li yo sou mòn Oliv toujou. Kounye a, li rakonte yo dènye egzanp nan twa egzanp li t ap ba yo kòm repons pou siy yo te mande l sou prezans li ak sou fen sistèm nan. Men ki jan Jezi kòmanse egzanp lan: “Lè Pitit lòm nan ap vini nan glwa li, ansanm ak tout zanj yo, li pral chita sou twòn li a nan laglwa.”

Li vini lè fen sistèm nan prèske rive. Men, poukisa li vini? Men esplikasyon Jezi bay: “Tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. Li pral mete mouton yo adwat li, men l ap mete kabrit yo agoch li.”

Men sa Jezi di pou l montre sa k pral rive moun yo mete sou bon bò a: “Apre sa, Wa a ap di moun ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm Papa m beni, vin resevwa wayòm ki te prepare pou nou depi lè monn nan te fonde a.’” Mouton yo pale de yo nan egzanp sa a pa pral dirije ak Kris nan syèl la, men y ap benefisye Wayòm nan nan sans yo pral anba dominasyon l sou tè a. “Monn nan te fonde” lè Adan ak Èv te kòmanse fè pitit ki t ap ka benefisye dispozisyon Bondye pran pou l sove limanite.

Men, poukisa yo mete mouton yo adwat Wa a, sètadi sou bon bò a? Men repons Wa a bay: “Paske, mwen te grangou, nou te ban m manje. Mwen te swaf, nou te ban m yon bagay pou m bwè. Mwen te yon etranje, nou te byen resevwa m. Mwen te touni, nou te abiye m. Mwen te malad, nou te pran swen m. Mwen te nan prizon, nou te vin wè m.”

Kòm se sou tè a mouton yo ye, yo ta renmen konnen kòman l fè posib pou yo te rive fè bèl aksyon sa yo pou Wa yo a, alòske se nan syèl la li ye. Yo mande: “Seyè, ki lè nou te wè w grangou, nou te ba w manje a? Ki lè nou te wè w swaf, nou te ba w yon bagay pou w bwè a? Ki lè w te yon etranje, nou te byen resevwa w la? Ki lè nou te wè w touni, nou te abiye w la? Ki lè nou te wè w malad oswa nan prizon, nou t al wè w la?”

Wa a reponn: “Anverite m ap di nou sa: Kèlkeswa sa nou te fè pou youn nan pi piti nan frè m sa yo, se pou mwen nou te fè l.” Frè Kris yo se rès moun sou tè a ki fè pati 144 000 moun ki pral dirije avè l nan syèl la. E Jezi di si yon moun aji byen avèk yo se avè l yo aji byen.

Apre sa, Wa a pale ak kabrit yo, li di yo: “Rale kò nou sou mwen, bann moun modi. Ale nan dife ki pap janm etenn nan, dife ki te prepare pou Dyab la ak zanj li yo. Paske, mwen te grangou, nou pa t ban m anyen pou m manje. Mwen te swaf, nou pa t ban m anyen pou m bwè. Mwen te yon etranje, nou pa t byen resevwa m. Mwen te touni, nou pa t abiye m. Mwen te malad e mwen te nan prizon, nou pa t pran swen m.”

Sepandan, kabrit yo tonbe plenyen, yo di: “Seyè, ki lè nou te wè w grangou, oswa w swaf, oswa w te yon etranje, oswa w touni, oswa w malad, oswa w nan prizon, epi nou pa t ede w?” Kabrit yo resevwa yon jijman kondanasyon pou fason yo te aji, menm jan mouton yo te resevwa yon bon jijman pou fason yo te aji. Jezi reponn: “Kèlkeswa sa nou pa t fè pou youn nan pi piti sa yo [nan frè m yo], se pou mwen nou pa t fè l.”

Kidonk, pral gen yon peryòd jijman pandan prezans Kris antanke Wa nan Wayòm nan. Sa pral fèt pandan gwo tribilasyon an, yon tikras tan anvan fen sistèm mechan sa a. Kabrit yo “pral detwi pou toutan, men moun ki jis yo [sètadi mouton yo] pral resevwa lavi ki pap janm fini an”. Matye 24:2–25:46; 13:40, 49; Mak 13:3-37; Lik 21:7-36; 19:43, 44; 17:20-30; 2 Timote 3:1-5; Jan 10:16; Revelasyon 14:1-3.

▪ Ki sa k pouse apot yo poze kesyon yo poze a, men ak ki lòt bagay sanble yo t ap panse?

▪ Ki pati nan pwofesi Jezi bay la ki akonpli nan ane 70 epòk nou an, men ki sa k pa t rive lè sa a?

▪ Ki lè pwofesi Jezi bay la te gen yon premye akonplisman, men ki lè li gen yon pi gwo akonplisman?

▪ Ki sa ki bagay repiyan an nan premye akonplisman pwofesi a, e ki sa l ye nan dezyèm akonplisman an?

▪ Poukisa destriksyon Jerizalèm se pa t akonplisman prensipal gwo tribilasyon an?

▪ Ki jan kondisyon monn nan t ap montre prezans Kris?

▪ Ki lè “tout nasyon sou tè a pral frape lestomak yo tèlman y ap tris”, men ki sa disip Kris yo pral fè?

▪ Ki egzanp Jezi bay pou l ede moun k ap vin disip li yo konprann lè lafen an toupre?

▪ Ki avètisman Jezi bay moun ki disip li ki t ap viv pandan dènye jou yo?

▪ Kiyès dis fi vyèj yo reprezante?

▪ Ki lè kongregasyon kretyen an te fiyanse ak lemarye, men, ki lè lemarye te rive pou l vin pran lamarye pou l mennen l nan resepsyon maryaj la?

▪ Ki sa luil la reprezante, e lefètke fi vyèj ki prevwayan yo genyen l, ki sa sa pèmèt yo fè?

▪ Ki kote resepsyon maryaj la fèt?

▪ Ki gwo rekonpans fi vyèj sòt yo pèdi, e ki sa k rive yo?

▪ Ki leson nou aprann nan egzanp talan an?

▪ Kiyès esklav yo ye, e ki byen yo konfye yo?

▪ Ki lè mèt la vini pou l fè regleman, e ki sa l jwenn?

▪ Ki jan esklav ki fidèl yo vin rejwi, e sa k rive twazyèm esklav la, sètadi move esklav la?

▪ Ki jijman Kris fè diran prezans li?

▪ Nan ki sans mouton yo resevwa Wayòm nan?

▪ Ki lè “monn nan te fonde”?

▪ Sou ki baz yo deklare moun yo se mouton oswa yo se kabrit?