Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Timoun Bondye te pwomèt la

Timoun Bondye te pwomèt la

Chapit 6

Timoun Bondye te pwomèt la

OLYE Jozèf ak Mari retounen Nazarèt, yo rete Betleyèm. Lè Jezi gen uit jou, yo fè sikonsi l, ann amoni ak sa Lwa Bondye te bay Moyiz la mande. Sanble, selon koutim nan, se sou uityèm jou a tou yo te gen abitid bay tigason yo non. Kidonk, Jozèf ak Mari rele tibebe a Jezi, jan zanj Gabriyèl te di sa.

Gen plis pase yon mwa ki pase, e kounye a Jezi gen 40 jou depi l fèt. Ki kote paran l yo ap mennen l kounye a? Nan tanp lan nan Jerizalèm, ki gen kèk kilomèt sèlman ki separe l ak kote yo rete a. Selon Lwa Bondye te bay Moyiz la, 40 jou apre yon fi fin fè yon pitit gason, li dwe pote yon ofrann nan tanp lan pou l ka pirifye.

Se sa Mari fè. Kòm ofrann, li pote de ti zwazo. Sa montre nan ki sitiyasyon ekonomik Jozèf ak Mari ye. Selon Lwa Moyiz la, se yon ti mal mouton yo te dwe bay kòm ofrann, yon bèt ki gen plis valè lontan pase zwazo. Men, si manman pitit la pa gen mwayen pou l bay ofrann sa a, li ka bay yon pè toutrèl oubyen de pijon.

Nan tanp lan, gen yon mesye ki granmoun ki pran Jezi nan bra l. Li rele Simeyon. Bondye te fè l konnen li pa t ap mouri toutotan li pa wè Kris oubyen Mesi Li te pwomèt la. Jou sa a, lè Simeyon vin nan tanp lan, lespri sen pouse l al kot tibebe Jozèf ak Mari mennen nan tanp lan.

Simeyon pran Jezi e li kòmanse remèsye Bondye. Men sa l di: “Kounye a, Souvren Seyè, ou mèt kite esklav ou a ale anpè, selon pawòl ou. Paske, mwen wè mwayen w ap sèvi pou w bay delivrans lan ak je m. Ou pare l met devan je tout pèp. Li se yon limyè k ap retire vwal ki bouche je nasyon yo, li se yon glwa pou Izrayèl, pèp ou a.”

Jozèf ak Mari sezi lè yo tande sa. Apre sa, Simeyon beni yo e li di Mari, grasa pitit gason l lan, “gen anpil moun ann Izrayèl k ap tonbe, genyen k ap leve”. Li di l tou chagren pral travèse zantray li tankou yon epe ki byen file.

Twouve, nan okazyon sa a, gen yon pwofetès ki rele Àn ki la, li gen 84 an. Anfèt, li pa janm pa nan tanp lan. Nan moman sa a menm, li pwoche, li kòmanse di Bondye mèsi, e li kòmanse pale de Jezi ak tout moun ki dispoze koute l.

Se pa ti kontan Jozèf ak Mari kontan poutèt bagay sa yo ki rive nan tanp lan! Asireman, tout bagay sa yo montre timoun sa a se Moun Bondye te pwomèt la. Lik 2:21-38; Levitik 12:1-8.

▪ Selon koutim ki te genyen ann Izrayèl, ki lè petèt yo te abitye bay tigason yo non?

▪ Ki sa yo te mande pou yon manman izrayelit fè lè pitit gason l gen 40 jou, e ki jan fason Mari obeyi lwa sa a montre nan ki sitiyasyon ekonomik li ye?

▪ Jou sa a, ki moun ki rekonèt kiyès Jezi ye vrèman, e ki jan yo montre sa?