Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Travayè nan jaden rezen an

Travayè nan jaden rezen an

Chapit 97

Travayè nan jaden rezen an

JEZI fèk sot di: “Anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo ap premye.” Kounye a, li rakonte yon istwa pou l esplike sa l sot di a. Men sa l di pou l kòmanse: “Wayòm syèl la sanble ak yon mesye ki gen yon jaden rezen ki soti granmmaten al chèche moun pou travay nan jaden rezen l lan.”

Ansuit Jezi di: “Lè [mesye ki gen jaden rezen an] fin antann li ak travayè yo pou l peye yo yon denye pou jounen an, li voye yo al nan jaden rezen l lan. Li soti ankò vè twazyèm èdtan nan jounen an, li wè lòt moun kanpe sou plas piblik la, yo pap fè anyen. Li di yo: ‘Nou menm tou, ale nan jaden rezen an, e m ap ban nou sa m dwe ban nou an.’ Konsa, yo ale nan jaden an. Li soti ankò vè sizyèm èdtan ak vè nevyèm èdtan nan jounen an, li fè menm bagay la. Finalman, vè onzyèm èdtan nan jounen an, li soti e li jwenn lòt moun ki kanpe, li di yo: ‘Poukisa nou kanpe la a tout jounen an san nou pap fè anyen?’ Yo di li: ‘Se paske pèsonn pa ban nou travay.’ Li di yo: ‘Nou menm tou, ale nan jaden rezen an.’”

Mèt jaden rezen an se Jewova Dye, e jaden rezen an se nasyon Izrayèl la. Travayè nan jaden rezen an se moun ki vin antre nan alyans Lalwa a, an patikilye Juif ki t ap viv nan epòk apot yo. Se sèlman ak travayè ki te travay tout jounen an mèt jaden an te antann pou kantite kòb l ap peye yo. Kantite kòb l ap peye yo pou jounen travay la se yon denye. Piske “twazyèm èdtan an” se 9 è dimaten, travayè yo rele pou vin travay nan 3yèm, 6yèm, 9yèm ak 11yèm èdtan an travay sèlman pandan 9 èdtan, 6 èdtan, 3 èdtan ak 1 èdtan.

Travayè ki fè 12 èdtan yo oswa tout jounen an ap travay reprezante chèf relijye juif yo ki te toujou okipe nan sèvis relijye yo. Yo pa menm jan ak disip Jezi yo ki pase pifò vi yo nan aktivite lapèch oswa nan lòt aktivite. Se jis ann otòn ane 29 epòk nou an “mèt jaden rezen an” voye Jezi Kris al rasanble moun sa yo pou vin disip li. Konsa, se yo ki vin an “dènye” oswa se yo menm ki travayè ki vin nan jaden rezen an nan 11yèm èdtan an.

Finalman, jounen travay senbolik la rive nan bout li lè Jezi mouri, e se lè sa a moman an rive pou yo peye travayè yo. Kontrèman ak sa yo abitye fè, yo peye travayè ki vin an dènye yo anvan, jan Jezi esplike sa. Men sa l di: “Lè aswè rive, mèt jaden rezen an di administratè l la konsa: ‘Rele travayè yo, epi peye yo lajan yo. Kòmanse sou moun ki te vin an dènye yo pou rive sou premye yo.’ Lè mesye yo te pran nan onzyèm èdtan yo parèt, yo chak resevwa yon denye. Se sa k fè, lè sa k te la an premye yo parèt, yo te panse yo t ap jwenn plis, men yo peye yo yon denye tou. Lè yo resevwa kòb la, yo tonbe plenyen bay mèt jaden an, yo di: ‘Mesye sa yo ki vin an dènye a travay inèdtan, poutan, ou peye yo menm kantite lajan avèk nou, nou menm ki te fè tout jounen an ap travay di anba solèy cho a!’ Men, mèt jaden an reponn youn nan yo, li di: ‘Zanmi, mwen pa fè w anyen ki pa sa. Ou te antann avè m pou yon denye, se pa sa? Pran sa k pou ou a, epi ale. Se mwen ki vle bay moun sa a ki vin travay an dènye a menm kantite lajan avè w. Èske m pa gen dwa fè sa m vle ak sa ki pou mwen? Oswa, èske poutèt mwen bon an, sa rann ou jalou?’” Alafen, Jezi redi yon pawòl li te di anvan sa. Men sa l di ankò: “Se konsa dènye yo ap premye, e premye yo ap dènye.”

Se pa lè Jezi mouri travayè yo resevwa denye a, men se nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè “administratè a”, sètadi Kris, vide lespri sen sou disip li yo. Disip Jezi yo sanble ak travayè ki vin an “dènye” yo oswa nan 11yèm èdtan an. Denye a pa reprezante lespri sen yo bay kòm kado a. Denye a se yon bagay pou disip yo itilize sou tè a. Se yon bagay ki reprezante sa yo bezwen pou yo viv, sètadi pou yo viv pou toutan. Se privilèj pou yo vin Izrayelit espirityèl, moun Bondye chwazi pou preche Wayòm nan.

Moun yo te pran pou travay an premye yo pa pran tan pou yo wè yo peye disip Jezi yo, e yo wè ki jan y ap sèvi ak denye senbolik yo a. Men, yo vle plis pase lespri sen ak privilèj ki gen rapò ak Wayòm nan lespri sen fè moun jwenn. Plenyen y ap plenyen an ak sa yo di pou montre yo pa dakò yo reprezante pèsekisyon yo fè kont disip Kris yo, sètadi travayè ki vin an “dènye” nan jaden rezen an.

Èske egzanp Jezi bay la se nan premye syèk la sèlman li te jwenn akonplisman l? Non, nan dènye syèk sa yo, parapò ak pozisyon ak responsablite klèje lakretyente a genyen, se yo menm yo te pran pou travay an “premye” nan jaden rezen senbolik Bondye a. Yo konsidere moun devwe k ap preche ki fè pati kongregasyon kretyen Temwen Jewova yo kòm moun ki resevwa yon travay nan sèvis Bondye a an “dènye”. Men anfèt, moun sa yo klèje a meprize a se yo menm ki resevwa denye a, sètadi privilèj pou yo sèvi kòm moun Bondye chwazi pou reprezante Wayòm li an ki nan syèl la. Matye 19:30–20:16.

▪ Ki sa jaden rezen an reprezante? Kiyès mèt jaden rezen an reprezante e kiyès travayè ki te travay pandan 12 èdtan yo ak 1 èdtan yo reprezante?

▪ Ki lè jounen travay senbolik la fini, e ki lè yo te peye travayè yo?

▪ Ki sa denye yo te peye travayè yo reprezante?