Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Vrèmanvre, mesye sa a se Pitit Bondye”

“Vrèmanvre, mesye sa a se Pitit Bondye”

Chapit 126

“Vrèmanvre, mesye sa a se Pitit Bondye”

MIDI. Jezi potko gen anpil tan sou poto a lè vin gen yon gwo fènwa moun pa ka konprann ki dire twazèdtan. Se pa yon eklips solè ki lakòz sa, etandone se sèlman lè gen nouvèl lin ka gen eklips, e nan moman fèt Pak la se plèn lin ki genyen. Anplis de sa, eklips solè yo dire kèk minit sèlman. Donk, se Bondye ki lakòz fènwa sa a. Sandout, sa fè moun k ap pase Jezi nan rizib yo fèmen bouch yo, sa menm fè yo sispann manke l dega.

Si fenomèn etranj sa a rive anvan youn nan bandi yo reprimande bandi parèy li a e li mande Jezi pou l sonje l, se petèt youn nan rezon ki fè l repanti. Petèt, se pandan fènwa a kat medam yo, anpalan de manman Jezi ak Salome, sè manman Jezi, ak Mari, moun Magdala, ansanm ak Mari, manman apot Jak Pi Piti a, vin toupre poto Jezi a. Jan, apot Jezi renmen anpil la, ansanm avèk yo.

Manman Jezi pran yon gwo kout kouto nan kè l lè l ap gade pitit gason lan li te bay tete e li te pran swen an pandye la nan yon gwo soufrans. Epoutan, Jezi pa panse ak soufrans pa l, men se ak manman l l ap panse. Li fè gwo efò pou l fè yon mouvman ak tèt li nan direksyon Jan, epi li di manman l: “Gade! Men pitit gason w!” Apre sa, li fè yon mouvman ak tèt li nan direksyon Mari, epi li di Jan: “Gade! Men manman w!”

Donk, Jezi bay apot li a li renmen anpil la pran swen manman l sanble ki vèv kounye a. Li fè sa, paske lòt pitit gason Mari yo poko demontre lafwa nan li. Konsa, Jezi bay yon bèl egzanp lè li pran dispozisyon pou manman l jwenn sa l bezwen nonsèlman nan domèn materyèl, men tou nan domèn espirityèl.

Vè twazè nan aprèmidi, Jezi di: “Mwen swaf.” Nan yon sans, li santi Papa l retire pwoteksyon l sou li, dekwa pou entegrite l ka pase anba eprèv nan dènye limit. Se sa k fè li rele byen fò, li di: “Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa w abandone m?” Gen kèk nan moun ki kanpe toupre a, lè yo tande sa, yo di: “Gade! Men l ap rele Eliya.” Menm kote a, youn nan yo kouri tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon wozo e l al ba li l pou l bwè. Men, lòt moun yo di: “Kite l! Annou wè si Eliya ap vin desann li sou poto a.”

Lè Jezi fin goute vinèg la, li di byen fò: “Sa reyalize!” Vrèmanvre, li fin fè tout sa Papa l te voye l vin fè sou tè a. Alafen, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” Konsa, Jezi remèt Bondye fòs lavi li genyen an avèk konfyans Bondye ap remèt li l ankò. Apre sa, li bese tèt li epi l mouri.

Nan moman Jezi rann dènye souf li, gen yon gwo tranblemanntè ki fèt, epi mas wòch yo fann. Tranblemanntè a tèlman fò, tonm yo ki deyò vil Jerizalèm kraze, yo ouvè e kadav yo sot anndan yo. Gen moun k ap pase ki wè kadav yo atè, yo antre nan vil la al rakonte sa.

Anplis de sa, lè Jezi mouri, gwo rido ki separe pati nan tanp Bondye a ki rele Sen an ak pati ki rele Trèsen an fann an de, soti anlè rive anba. Sanble bèl rido byen dekore sa a gen anviwon 18 mèt wotè e li lou anpil! Bondye fè mirak etonan sa a nonsèlman pou l montre li an kòlè kont moun ki touye Pitit li a, men tou pou l fè konnen wout ki mennen anndan Trèsen an, sètadi syèl la menm, vin ouvri kounye a grasa lanmò Jezi.

Ebyen, lè moun yo santi tranblemanntè a e yo wè bagay ki rive yo, yo vin pè anpil. Ofisye ki responsab pou fè egzekisyon an bay Bondye glwa. Li di: “Vrèmanvre, mesye sa a se te Pitit Bondye.” Petèt li te la lè yo t ap diskite sou kesyon Jezi se Pitit Bondye a, nan moman Jezi t ap jije devan Pilat. Men, kounye a, ofisye a gen konviksyon Jezi se Pitit Bondye, wi, li se moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a.

Gen lòt moun tou ki sezi lè yo wè mirak sa yo, yo kòmanse retounen lakay yo, e yo t ap frape lestomak yo, sa ki montre yo nan gwo tristès e yo wont. Anpil nan medam ki disip Jezi yo ret byen lwen ap suiv sa k ap pase a, sa boulvèse yo anpil lè yo wè evènman estrawòdinè sa yo. Apot Jan la tou. Matye 27:45-56; Mak 15:33-41; Lik 23:44-49; 2:34, 35; Jan 19:25-30.

▪ Poukisa se pa yon eklips solè ki fè gen twazèdtan fènwa a?

▪ Yon ti tan anvan Jezi mouri, ki bèl egzanp li kite pou moun ki gen paran yo ki granmoun?

▪ Site kat dènye deklarasyon Jezi fè anvan l mouri.

▪ Ki sa tranblemanntè a lakòz, e ki sans sa genyen lefètke rido tanp lan fann an de?

▪ Ki efè mirak ki fèt yo gen sou ofisye ki responsab egzekisyon an?