Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo antere l vandredi, kavo a vid dimanch

Yo antere l vandredi, kavo a vid dimanch

Chapit 127

Yo antere l vandredi, kavo a vid dimanch

KOUNYE A, li byen ta nan vandredi aprèmidi, e saba 15 Nizan an pral kòmanse nan moman solèy la kouche. Kò Jezi pandye san vi sou poto a, men de bandi ki bò kote l yo toujou vivan. Yo rele vandredi jou Preparasyon paske se nan vandredi aprèmidi moun yo ap prepare manje e y ap fin fè tout lòt travay ki ijan ki pa ka tann jis apre saba.

Saba ki pral kòmanse la a se pa sèlman yon saba nòmal (setyèm jou nan semèn nan), men tou se yon saba doub oubyen yon “gran” saba. Yo rele l konsa, paske 15 Nizan, sètadi premye jou fèt Pen san ledven an ki dire sèt jou, tonbe menm jou ak jou saba nòmal la (15 Nizan toujou yon jou saba, kèlkeswa jou li tonbe nan semèn nan).

Selon Lwa Bondye a, yo pa dwe kite kadav pase nuit pandye sou yon poto. Se poutèt sa Juif yo mande Pilat pou l fè kase janm moun y ap egzekite yo pou yo ka mouri pi vit. Se sa k fè sòlda yo kase janm de bandi yo. Men, etandone Jezi sanble mouri, yo pa kase janm li. Sa akonpli pasaj nan Ekriti yo ki di: “Pa gen yon zo l k ap kraze.”

Men, pou yo ka sèten Jezi mouri vre, youn nan sòlda yo pèse bò kòt li ak yon lans. Lans lan antre bò kè l, e menm kote a, san ak dlo soti. Apot Jan, ki temwen bagay sa yo, fè konnen sa akonpli yon lòt pasaj nan Ekriti yo ki di: “Yo pral gade Sila a yo te pèse a.”

Lòt moun ki te la tou nan moman egzekisyon an se Jozèf, moun vil Arimate. Se yon manm respektab nan Sanedren an. Li pa t dakò vote pou l apiye akizasyon tribinal siprèm Juif yo t ap fè kont Jezi. An reyalite, Jozèf se yon disip Jezi, byenke li te pè di se sa l ye. Men kounye a, li ranmase kouraj li, l al kot Pilat pou l mande l kò Jezi. Pilat fè rele ofisye ki responsab egzekisyon an, e lè ofisye a fin fè konnen Jezi mouri, Pilat bay Jozèf kò a.

Jozèf pran kò a e li vlope l nan yon twal len bon kalite ki pwòp pou l prepare l pou antere l. Gen Nikodèm, yon lòt manm nan Sanedren an, ki vin ede l. Nikodèm tou pa t fè konnen li gen lafwa nan Jezi, paske li te pè pèdi pozisyon l. Men kounye a, li pote yon woulo ki gen anviwon san liv lami ak lalwa ki koute chè. Yo vlope kò Jezi nan twal ki gen pwodui sa yo ki santi bon, jan Juif yo abitye prepare kadav pou antèman.

Apre sa, yo depoze kò Jezi nan yon kavo tounèf Jozèf genyen yo fouye nan wòch nan yon jaden ki pa twò lwen. Finalman, yo woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Pou yo fè antèman an anvan saba, yo prepare kò a byen vit. Se sa k fè Mari, moun Magdala, ak Mari, manman Jak Pi Piti a, petèt ki t ap ede fè preparasyon an kouri al lakay yo pou y al prepare plis pwodui santi bon ak luil santi bon. Yo antann yo pou yo kontinye okipe kò Jezi apre saba, pou l ka konsève pi lontan.

Nan demen samdi (jou saba a), prèt an chèf yo ak Farizyen yo al kot Pilat pou yo di l: “Gouvènè, nou sonje lè blofè sa a te vivan, li te di: ‘Apre twa jou m gen pou m leve.’ Kidonk, bay lòd pou yo met sekirite devan kavo a rive jis nan twazyèm jou a, pou disip li yo pa vin vòlè kò a, apre sa pou y al di pèp la: ‘Li leve sot nan lanmò!’ Blòf sa a ap pi rèd pase premye a.”

Pilat di yo: “Men sòlda. Al met sekirite devan kavo a jan nou vle a.” Konsa, yo ale, yo met sekirite devan kavo a, yo sele wòch ki devan bouch li a, e yo met sòlda women veye l.

Dimanch maten bonè, Mari, moun Magdala, ak Mari, manman Jak, ansanm ak Salome ak Jàn ak kèk lòt medam, pote pwodui santi bon nan kavo a pou yo prepare kò Jezi. Pandan yo nan wout, youn di lòt: “Kiyès ki pral woule wòch la sot devan bouch kavo a pou nou?” Men, lè yo rive, yo jwenn gen yon tranblemanntè ki te fèt e yon zanj Jewova te woule wòch la sou kote. Sòlda yo ale, e kavo a vid! Matye 27:57–28:2; Mak 15:42–16:4; Lik 23:50–24:3, 10; Jan 19:14, Jn 19:31–20:1; 12:42; Levitik 23:5-7; Detewonòm 21:22, 23; Sòm 34:20; Zekarya 12:10.

▪ Poukisa yo rele vandredi jou Preparasyon, e ki sa yon “gran” saba ye?

▪ Ki pasaj nan Ekriti yo ki gen rapò ak kò Jezi ki akonpli?

▪ Ki wòl Jozèf ak Nikodèm jwe nan antèman Jezi, e ki rapò yo te gen ak Jezi?

▪ Ki sa prèt yo mande Pilat, e ki sa l di yo?

▪ Ki sa k rive dimanch maten bonè?