Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo chape anba men diktatè a

Yo chape anba men diktatè a

Chapit 8

Yo chape anba men diktatè a

JOZÈF reveye Mari nan dòmi pou l di l yon bagay ki ijan. Zanj Jewova a fèk sot parèt devan Jozèf. Men sa zanj lan di l: “Leve, pran tipitit la ak tout manman l, kouri al nan peyi Ejip, epi rete la jiskaske mwen di w retounen. Paske, Ewòd pral chèche tipitit la pou l touye l.”

San pèdi tan, yo toule twa chape poul yo. Yo fè sa atan, paske Ewòd fèk aprann astwològ yo twonpe l e yo kite peyi a. Pa bliye, yo te sipoze tounen kot Ewòd lè yo jwenn Jezi pou yo di l ki kote l ye. Ewòd fache anpil! Konsa, pou l ka touye Jezi, li bay lòd touye tout tigason ki gen dezan oswa ki pi piti nan Betleyèm ak nan zòn ki ozalantou Betleyèm yo. E se enfòmasyon astwològ ki sot nan Lès yo ba li yo ki pèmèt li konprann se nan laj sa a timoun nan ta dwe ye.

Masak wa Ewòd voye fè pou touye tout tigason sa yo terib anpil! Sòlda Ewòd yo aji ak fòs pou yo antre nan chak kay youn apre lòt. E lè yo jwenn yon tibebe, depi se yon tigason, yo rale l nan men manman l. Nou pa konnen konbyen tibebe yo touye, men lè manman tibebe yo te kriye e yo te pouse gwo rèl, se te akonplisman yon pwofesi biblik Jeremi, yon pwofèt Bondye, te anonse.

Pandan tan sa a, Jozèf ak fanmi l rive sennesòf ann Ejip, e kounye a se la yo rete. Men, yon jou swa, zanj Jewova a parèt nan yon rèv devan Jozèf yon lòt fwa ankò, li di l: “Leve, pran tipitit la ak manman l, epi al nan peyi Izrayèl, paske moun yo ki t ap chèche touye tipitit la mouri.” Se konsa Jozèf pran fanmi l e li retounen nan peyi l. Aksyon sa a akonpli yon lòt pwofesi nan Bib la ki te predi yo t ava rele Pitit Bondye a pou l sot ann Ejip, e fanmi an t ava retounen nan peyi yo.

Sanble Jozèf gen entansyon retounen al viv nan vil Betleyèm ki nan Jide, vil kote li t ap viv anvan l te kouri al ann Ejip la. Men, li aprann se Akelayis, yon pitit gason Ewòd ki mechan, ki vin wa Jide kounye a, e nan yon lòt rèv Jewova avèti l konsènan danje a. Se konsa Jozèf ak fanmi l al nan nò peyi Izrayèl, y al abite Nazarèt, yon vil nan Galile. Se nan kominote sa a, lwen kote ki te sant aktivite relijye Juif yo, Jezi grandi. Matye 2:13-23; Jeremi 31:15; Ocheya 11:1.

▪ Lè astwològ yo pa tounen kot wa Ewòd, ki bagay terib li fè, e ki jan Bondye pwoteje Jezi?

▪ Lè Jozèf sot ann Ejip, poukisa li pa tounen al abite Betleyèm?

▪ Ki pwofesi nan Bib la ki akonpli nan epòk sa a?