Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo fè lòt tantativ pou touye Jezi

Yo fè lòt tantativ pou touye Jezi

Chapit 81

Yo fè lòt tantativ pou touye Jezi

PISKE se sezon fredi, Jezi ap mache nan yon zòn ki kouvri yo rele kolonad Salomon an ki te tou long nan yon bò nan tanp lan. Pandan l la, Juif yo antoure l e yo di l: “Pou konbyen tan w ap kenbe nou sou sispenns? Si w se Kris la, di nou sa aklè.”

Jezi reponn: “Mwen di nou sa, epoutan nou pa kwè.” Jezi pa t di yo dirèkteman se li ki Kris la, menm jan li te di Samaritèn nan sa bò pi a. Men anfèt, li te fè konn kiyès li ye lè l te esplike yo li se moun anwo e li te egziste anvan Abraram.

Sepandan, Jezi vle se moun yo ki pou rive wè poukont yo se li ki Kris la lè yo konpare aktivite l ak sa Bib la predi Kris la t ap gen pou l akonpli. Se sa k fè li te bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se li ki Kris la. E se poutèt sa kounye a li di Juif sa yo ki opoze ak li yo: “Bagay m ap fè nan non Papa m yo bay temwayaj sou mwen. Men, nou pa kwè.”

Poukisa yo pa kwè? Èske se paske yo pa gen ase prèv ki montre Jezi se Kris la? Non, men Jezi fè konnen rezon an lè l di yo: “Nou pa mouton m. Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo, e yo suiv mwen. E mwen ba yo lavi ki pap janm fini an. Yo pa gendwa janm detwi, e pèsonn pa ka rache yo nan men m. Sa Papa m ban mwen yo se bagay ki gen plis valè pase tout lòt bagay, e pèsonn pa ka rache yo nan men Papa a.”

Apre sa, Jezi pale de relasyon sere li gen ak Papa l, li di: “Mwen menm ak Papa a, nou se youn.” Piske Jezi sou tè a e Papa l nan syèl la, sa klè li pa vle di li menm ak Papa l se menm moun nan. Okontrè, li vle di yo gen menm objektif, yo ini.

Pawòl Jezi yo fè Juif yo fache anpil, yo ranmase wòch pou yo touye l, menm jan yo te fè sa pandan fèt Tabènak yo ki rele fèt Joupa tou. Avèk kouraj, Jezi fè fas ak moun ki vle touye l yo, li di yo: “Mwen te montre nou anpil bèl bagay Papa m te ban m fè. Pou kiyès ladan yo n ap touye m ak kout wòch la?”

Yo reponn: “Se pa pou bèl bagay ou fè n ap touye w ak kout wòch, men se pou blasfèm. Paske, byenke w se yon moun, ou fè tèt ou pase pou yon dye.” Poukisa Juif yo di sa, etandone Jezi pa janm pretann li se yon dye?

Sanble se paske Jezi fè konnen li gen yon seri pouvwa yo panse se Bondye sèlman ki gen pouvwa sa yo. Pa egzanp, sa pa gen twò lontan, etan Jezi t ap pale de “mouton” l yo, li te di: “Mwen ba yo lavi ki pap janm fini an”, alòske pa gen moun ki ka fè yon bagay konsa. Sepandan, Juif yo pa rive konprann Jezi rekonèt se Papa l ki ba l pouvwa li genyen an.

Ansuit, Jezi poze yon kesyon pou l montre Bondye gen yon pi gwo pozisyon pase l, li mande: “Èske Bondye pa di nan Lalwa nou an [nan Sòm 82:6]: ‘Mwen di: “Nou se dye”’? Si li rele moun pawòl li kondane yo ‘dye’, [...] èske, mwen menm Papa a sangtifye e li voye nan monn nan, n ap di m: ‘Ou blasfeme’, poutèt mwen di: Mwen se Pitit Bondye?”

Piske Ekriti yo rele menm moun ki jij ki enjis yo “dye”, ki peche Juif sa yo wè Jezi fè poutèt li di: “Mwen se Pitit Bondye”? Apre sa, Jezi di: “Si se pa sa Papa m ban m fè m ap fè, pa kwè m. Men, si se sa l ban m fè m ap fè, menmsi nou pa kwè m, kwè nan sa m ap fè yo, yon fason pou nou ka konnen Papa a ann inyon avè m e mwen ann inyon ak Papa a, e pou nou ka kontinye kwè sa.”

Lè Jezi fin di sa, Juif yo eseye met men sou li. Men, li chape anba men yo, menm jan l te fè sa nan fèt Tabènak yo. Li kite Jerizalèm l al pa lòt bò rivyè Jouden an pou l al kote Jan te kòmanse batize moun sa gen prèske katran an. Sanble kote li ale a pa twò lwen kòt sid lanmè Galile, e pou yon moun sot Jerizalèm al kote sa a, l ap fè anviwon de jou ap vwayaje.

Anpil moun vin jwenn Jezi kote sa a e yo di: “An reyalite, Jan pa t reyalize menm yon grenn siy, men tout sa l te di konsènan mesye sa a se laverite.” Se konsa anpil moun nan zòn nan mete lafwa nan Jezi. Jan 10:22-42; 4:26; 8:23, 58; Matye 16:20.

▪ Ki jan Jezi vle pou moun yo wè se li ki Kris la?

▪ Ki Jan Jezi ak Papa l se youn?

▪ Pou ki rezon, sanble, Juif yo di Jezi fè tèt li pase pou yon dye?

▪ Ki pawòl Jezi site ki nan liv Sòm nan ki montre li pa pretann li egal ak Bondye?