Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo mennen l bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif

Yo mennen l bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif

Chapit 119

Yo mennen l bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif

YO MARE Jezi tankou nenpòt kriminèl epi yo mennen l bay Àn, yon ansyen gran prèt ki gen enfliyans. Àn te gran prèt lè Jezi te fè anseyan relijye yo nan tanp lan sezi lè l te gen 12 an. Annapre, gen plizyè pitit gason Àn ki te sèvi kòm gran prèt, e kounye a se bofis li Kayif ki nan pòs sa a.

Sandout, se lakay Àn yo mennen Jezi toudabò, paske depi lontan prèt an chèf sa a jwe yon gwo wòl nan aktivite relijye juif yo. Eskal yo fè pou yo wè Àn nan bay Kayif, gran prèt la, tan pou l reyini Sanedren an, tribinal siprèm Juif yo ki gen 71 manm ladan l, epi pou l rasanble moun pou bay fo temwayaj.

Kounye a, Àn, prèt an chèf la, poze Jezi kesyon konsènan disip li yo e konsènan ansèyman l. Men, Jezi reponn, li di: “Mwen te pale ak monn nan devan tout moun. Mwen te toujou konn anseye nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout Juif yo konn rasanble, e mwen pa t di anyen an kachèt. Poukisa se mwen w ap poze kesyon? Mande moun ki te tande sa m te konn di yo. Yo menm yo konnen sa m te konn di.”

Lè Jezi fin di sa, gen youn nan gad ki te kanpe toupre l yo ki ba l yon kalòt nan figi l e ki di l: “Se konsa w reponn prèt an chèf la?”

Jezi reponn: “Si mwen mal pale, di m sa m di ki mal la. Men si m byen pale, poukisa w frape m?” Apre pale sa a, Àn voye Jezi tou mare bay Kayif.

Kounye a, tout prèt an chèf yo ak ansyen yo ansanm ak espè nan Lalwa yo, anfèt tout Sanedren an, kòmanse rasanble. Sanble, se kay Kayif yo reyini. Li klè, se yon bagay ki kont lalwa Juif yo pou yo fè yon jijman konsa nan nuit yon fèt Pak. Men, sa pa fè chèf relijye yo abandone pwojè malveyan yo genyen an.

Plizyè semèn anvan sa, lè Jezi te resisite Laza, Sanedren an te deja pran detèminasyon pou fè touye l. Sa gen sèlman de jou, nan mèkredi, otorite relijye yo te met tèt yo ansanm pou yo fè yon plan pou yo met men sou Jezi e pou yo touye l. Imajine sa, yo kondane l anvan menm yo jije l!

Kounye a, y ap fè tout sa yo kapab pou yo jwenn temwen pou bay fo temwayaj, yon fason pou yo ka jwenn akizasyon pou yo lage sou do l. Men, yo pa jwenn okenn temwen ki bay yon temwayaj ki pa depaman. Finalman, gen de ki prezante, e yo di: “Nou te tande l k ap di: ‘M ap kraze tanp sa a lèzòm fè ak men yo a, e nan twa jou m ap bati yon lòt, men se pa lèzòm k ap fè l ak men yo.’”

Kayif di Jezi: “Apa w pa reponn anyen? Ou pa tande sa y ap di sou ou?” Men, Jezi ret an silans. Malgre fo akizasyon sa a, temwayaj yo bay la depaman, e se yon wont pou Sanedren an. Se sa k fè gran prèt la eseye yon lòt taktik.

Kayif konnen jan Juif yo estomake lè yon moun pretann li se Pitit Bondye. Nan de okazyon anvan sa, yo te kouri di Jezi ap fè blasfèm e li merite mouri, youn nan fwa sa yo se paske yo te mal konprann sa Jezi te di, yo te panse li te di li egal ak Bondye. Kounye a, Kayif di Jezi avèk riz: “M ap mande w pou w sèmante devan Bondye vivan an pou w di nou si se ou menm ki Kris la, Pitit Bondye a!”

Kèlkeswa sa Juif yo panse, Jezi se Pitit Bondye a toutbon. E si l ta ret an silans, sa t ap lese konprann li nye se li ki Kris la. Se poutèt sa li reponn ak kouraj, li di: “Wi. Nou menm, nou pral wè Pitit lòm nan ki chita adwat Sila a ki gen pisans lan e l ap vini avèk nyaj yo nan syèl la.”

Lè sa a, Kayif fè yon kokenn demonstrasyon, li chire rad sou li, li di: “Misye blasfeme! Èske nou bezwen temwen ankò? Gade! Kounye a, nou menm tou nou tande blasfèm nan. Sa nou panse?”

Sanedren an deklare: “Li merite mouri.” Apre sa, yo kòmanse pase l nan jwèt, epi yo di anpil pawòl kont li pou manke l dega. Yo souflete l e yo krache nan figi l. Gen lòt moun ki kouvri figi l e yo ba l kout pwen, yo pase l nan rizib, yo di l: “Kris, si w se yon pwofèt, di nou kiyès ki frape w?” Se fason derespektan sa a, fason ilegal sa a yo aji ak Jezi nan nuit yo t ap jije l la. Matye 26:57-68; 26:3, 4; Mak 14:53-65; Lik 22:54, 63-65; Jan 18:13-24; 11:45-53; 10:31-39; 5:16-18.

▪ Ki kote yo mennen Jezi toudabò, e ki sa k rive l kote sa a?

▪ Ki kote yo mennen Jezi annapre, e poukisa?

▪ Ki jan Kayif rive fè Sanedren an deklare Jezi merite lanmò?

▪ Ki fason derespektan e ilegal yo aji ak Jezi pandan y ap jije l la?