Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo pa reyisi pran Jezi nan pyèj

Yo pa reyisi pran Jezi nan pyèj

Chapit 108

Yo pa reyisi pran Jezi nan pyèj

KÒM Jezi t ap anseye nan tanp lan e li fèk sot bay ènmi relijye l yo twa egzanp pou l devwale mechanste yo, Farizyen yo vin fache anpil e yo met tèt yo ansanm pou yo pran l nan pyèj pou yo wè si l a di yon bagay pou yo ka fè arete l. Yo monte yon konplo e yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo pou yo eseye pran l nan pyèj.

Mesye sa yo di: “Anseyan, nou konnen ou toujou di laverite, ou anseye chemen Bondye a ann amoni ak laverite, e ou pap chèche fè moun plezi, paske ou pa gade moun sou aparans. Di nou non: Sa w panse? Èske nou dwe peye enpo Seza egzije chak moun nan, oubyen èske nou pa dwe peye?”

Jezi pa kite yo twonpe l ak flatri. Li rann li kont si l di: ‘Non, yo pa dwe peye enpo sa a’, se revòlte li revòlte kont Wòm. Men, si l di: ‘Wi, yo dwe peye enpo sa a’, Juif yo ki deteste dominasyon Women yo ap rayi l. Se poutèt sa li reponn: “Bann ipokrit, poukisa n ap teste m? Montre m pyès monnen nou peye enpo a.”

Lè yo pote youn ba li, li mande: “Pòtre kiyès ak non kiyès ki sou li la a?”

Yo reponn: “Seza.”

Lè sa a, li di yo: “Ebyen, bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” Ebyen, lè mesye sa yo wè Jezi bay yon repons entèlijan, yo sezi. E yo kite l, y ale.

Lè Sadiseyen yo, ki di pa gen rezirèksyon, wè Farizyen yo pa rive jwenn anyen kont Jezi, yo pwoche bò kote l e yo mande l: “Anseyan, Moyiz te di: ‘Si yon gason mouri san l pa gen pitit, yon frè l dwe pran madanm li, li dwe marye avè l pou l fè pitit pou frè l la ki mouri a.’ Twouve, te gen sèt frè nan mitan nou. Premye a vin marye, e annapre, li mouri. E kòm li pa t gen pitit, yon frè l marye ak madanm li. E sa pase menm jan an pou dezyèm frè a, pou twazyèm nan, e pou toule sèt. E alafen, madanm nan mouri. Bon, lè rezirèksyon an, madanm kiyès nan sèt frè yo l ap ye? Paske, yo tout te marye avè l.”

Jezi reponn yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen ni Ekriti yo ni pisans Bondye. Anfèt, lè moun yo ap leve sot nan lanmò, ni gason ni fi pap marye, men y ap tankou zanj nan syèl la. Epitou, konsènan mò yo ki gen pou leve a, èske nou pa li nan liv Moyiz la, nan istwa sou ti pye pikan ki t ap boule a, ki sa Bondye te di l: ‘Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb’? Li pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan. Nou nan erè anpil.”

Yon lòt fwa ankò, foul moun yo sezi tande repons Jezi bay. Menm kèk espè nan Lalwa di: “Anseyan, ou byen pale.”

Lè Farizyen yo wè Jezi fèmen bouch Sadiseyen yo, yo fè yon sèl gwoup, yo vin kote l. Gen yon espè nan Lalwa pami yo ki poze l kesyon pou teste l ankò. Li mande l: “Anseyan, ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa?”

Jezi reponn: “Men premye a: ‘Tande, o Izrayèl, Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova. Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou.’ Men dezyèm nan: ‘Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou.’ Pa gen okenn kòmandman ki pi enpòtan pase sa yo.” Annefè, Jezi di apre sa: “Se sou de kòmandman sa yo tout Lalwa ak tout pawòl pwofèt yo chita.”

Espè nan Lalwa a dakò avè l, li di l: “Anseyan, ou byen pale, sa w di a ann akò ak laverite: ‘Li se yon Sèl, e apre Li menm, pa gen lòt.’ Epi lè yon moun renmen l ak tout kè l, ak tout entèlijans li, ak tout fòs li, epi li renmen pwochen l menm jan li renmen tèt li, sa gen plis valè lontan pase tout olokos ak tout sakrifis.”

Jezi wè espè nan Lalwa a reponn avèk sajès, li di l: “Ou pa lwen wayòm Bondye a.”

Kounye a, sa fè twa jou, sètadi dimanch, lendi, madi, depi Jezi ap anseye nan tanp lan. Pèp la pran plezi koute l, epoutan chèf relijye yo vle touye l. Men, jiska prezan, pa gen anyen yo eseye ki mache. Matye 22:15-40; Mak 12:13-34; Lik 20:20-40.

▪ Ki konplo Farizyen yo monte pou yo pran Jezi nan pyèj, e ki sa k t ap pase si l ta reponn wi oswa non?

▪ Ki jan Jezi fè pou l pa pran nan pyèj Sadiseyen yo?

▪ Ki jan Farizyen yo eseye teste Jezi ankò, e ki rezilta sa bay?

▪ Pandan Jezi ap mennen dènye aktivite l nan Jerizalèm, konbyen jou li fè ap anseye nan tanp lan, e ki efè sa gen sou moun yo?