Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo pa rive arete l

Yo pa rive arete l

Chapit 67

Yo pa rive arete l

PANDAN fèt Tabènak yo ap dewoule, chèf relijye yo voye gad al arete Jezi. Li pa eseye kache. Okontrè, li kontinye anseye devan tout moun, li di: “M ap avèk nou pou yon ti tan ankò anvan m al jwenn sila a ki voye m nan. N ap chèche m, men nou pap jwenn mwen, e kote m prale a, nou pa ka vini.”

Juif yo pa konprann, e se sa k fè youn ap mande lòt: “Ki kote mesye sa a gen entansyon ale ki fè nou pap ka jwenn li an? Li pa gen entansyon al jwenn Juif ki gaye nan mitan Grèk yo pou l anseye Grèk yo, pa vre? Ki sa l vle di lè l di: ‘N ap chèche m, men nou pap jwenn mwen, e kote m prale a, nou pa ka vini’?” Anfèt, Jezi ap pale konsènan lanmò l k ap pwoche ak rezirèksyon l pou l al viv nan syèl la, kote ènmi l yo pa ka al dèyè l.

Setyèm jou fèt la ki se dènye jou a rive. Pandan fèt la, chak maten, gen yon prèt ki vide yon dlo li pran nan pisin Silowam nan, yon fason pou l koule al nan baz lotèl la. Sanble, pou Jezi fè pèp la sonje seremoni sa a, li di byen fò: “Si yon moun swaf, se pou l vin jwenn mwen pou l bwè. Yon moun ki mete lafwa nan mwen, jan yon pasaj nan Ekriti yo di sa: ‘Kouran dlo ki bay lavi a pral koule sot anndan l.’”

Anfèt, Jezi ap pale la a konsènan gwo bagay ki pral rive lè lespri sen pral vide sou moun. Nan ane ki vin apre a, lespri sen t apral vide sou moun pandan fèt Pannkòt la. Lè sa a, kouran dlo ki bay lavi a t ap koule lè 120 disip yo kòmanse preche moun yo. Men, jis nan moman sa a, yo pa resevwa okenn espri, sètadi poko gen disip Kris Bondye chwazi pa mwayen lespri sen pou al viv nan syèl la.

Ansèyman Jezi bay la pouse kèk moun di: “Vrèmanvre, mesye sa a se Pwofèt la.” Sandout, y ap pale konsènan pwofèt ki gen plis enpòtans pase Moyiz la yo te pwomèt ki t ap gen pou vini an. Gen lòt moun ki di: “Se li menm ki Kris la.” Men, gen lòt ki di: “Kris la pap soti nan Galile, pa vre? Èske pa gen yon pasaj nan Ekriti yo ki di Kris la ap soti nan desandans David, nan Betleyèm, bouk kote David te rete a?”

Se konsa vin gen yon divizyon nan foul la. Gen moun ki vle yo arete Jezi, men pèsonn pa gen kouraj met men sou li. Lè gad yo retounen san Jezi, prèt an chèf yo ak Farizyen yo mande: “Poukisa nou pa vin avè l?”

Gad yo reponn: “Pa janm gen yon moun ki pale konsa.”

Chèf relijye yo vin an kòlè, yo pase mesye yo nan jwèt, yo imilye yo e yo joure yo. Yo di avèk mepri: “Genlè nou menm tou nou kite l pran tèt nou! Nou pa wè pa gen pèsonn pami chèf yo ni pami Farizyen yo ki mete lafwa nan li? Men, bann moun sa yo ki pa konn Lalwa a, se yon bann moun modi.”

Lè sa a, yon Farizyen ki rele Nikodèm, yon chèf pami Juif yo (sètadi yon manm Sanedren an), gen kouraj pale an favè Jezi. Nou ka sonje, sa gen dezan edmi, Nikodèm te vin kot Jezi lannuit e li te fè l konnen li gen lafwa nan li. Kounye a, Nikodèm di: “Èske lwa nou an pèmèt nou kondane yon moun anvan nou tande l pou nou konnen sa l fè?”

Farizyen yo vin pi an kòlè toujou poutèt se youn nan yo k ap defann Jezi. Yo di avèk raj: “Genlè ou menm tou, ou se moun Galile? Al gade pou w wè, pa gen okenn pwofèt ki gen pou sot Galile.”

Byenke Ekriti yo pa di aklè gen yon pwofèt ki t ap gen pou sot Galile, men yo fè konprann se la Kris la t ap soti, lè yo di moun t ap wè “yon gwo limyè” nan zòn sa a. Anplis de sa, Jezi te fèt Betleyèm e li se yon desandan David. Piske Farizyen yo sanble te konn sa, sandout yo responsab dèske pèp la gen ide ki pa kòrèk sou Jezi. Jan 7:32-52; Izayi 9:1, 2; Matye 4:13-17.

▪ Ki sa yo fè chak maten pandan fèt la, e ki jan Jezi sanble atire atansyon moun yo sou sa?

▪ Poukisa gad yo pa rive arete Jezi, e ki jan chèf relijye yo reyaji?

▪ Kiyès Nikodèm ye, ki sa l di an favè Jezi, e ki jan Farizyen parèy li yo aji avè l?

▪ Ki sa k montre Kris la t ap gen pou l sot Galile?