Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo ta renmen gen yon dirijan ki siperyè lèzòm

Yo ta renmen gen yon dirijan ki siperyè lèzòm

Chapit 53

Yo ta renmen gen yon dirijan ki siperyè lèzòm

LÈ Jezi te fè mirak pou l bay plizyè milye moun manje, moun yo sezi. Yo di: “Se sèten, se li menm ki pwofèt ki te gen pou vini nan monn nan.” Yo panse nonsèlman Jezi dwe se pwofèt ki pi enpòtan pase Moyiz la, men tou li ta dwe yon dirijan tout moun ta renmen genyen. Se sa k fè yo fè plan pou yo met men sou li pou yo fè l wa.

Men, Jezi vin konnen sa moun yo ap manniganse a. Se sa k fè li deplase byen vit pou l evite yo fè fòs sou li pou y al avè l. Li voye foul moun yo ale e li mande disip li yo pou yo monte bato yo a pou yo kase tèt tounen Kapènawòm. Apre sa, li wete kò l, l al sou mòn nan pou l priye. Jou swa sa a, Jezi ret la poukont li.

Yon ti tan anvan l jou, pandan Jezi sou mòn nan, li wè lanmè a move akoz yon gwo van k ap soufle. Etandone fèt Pak la prèske rive e se prèske nouvèl lin, lalin nan klere, sa pèmèt Jezi wè bato a ak disip li yo k ap goumen ak lanm lanmè a pou yo dirije bato a. Mesye yo t ap rame ak tout fòs yo.

Lè Jezi wè sa, li desann mòn nan e li kòmanse mache nan mitan lanm lanmè yo nan direksyon bato a. Bato a gentan rive nan yon distans senk oswa sis kilomèt sou lanmè lè Jezi rive kote l. Men, Jezi kontinye ale, li fè kòmsi l ap pase kite yo. Lè disip yo wè l, yo di byen fò: “Se yon aparisyon!”

Pou Jezi fè yo pran kouraj, li di: “Se mwen menm, nou pa bezwen pè.”

Men, Pyè di: “Seyè, si se ou, ban m lòd pou m vin jwenn ou sou dlo a.”

Jezi reponn: “Ou mèt vini!”

Menm kote a, Pyè desann bato a, li mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. Men, lè Pyè ap gade jan van an fò, li vin pè, e lè l kòmanse koule, li rele: “Seyè, sove m!”

Menm kote a, Jezi lonje men l li kenbe l, epi li di: “Ou manke lafwa. Poukisa w kite dout anvayi w?”

Apre Pyè ak Jezi fin retounen nan bato a, van an sispann soufle, epi disip yo sezi. Men, èske yo ta dwe sezi? Si yo te rive konprann “siyifikasyon mirak li te fè lè li te distribye pen yo”, yo t ap montre rekonesans pou gwo mirak Jezi te fè sa gen kèk èdtan lè li te nouri plizyè milye moun ak sèlman senk pen ak de ti pwason. Konsa, yo pa ta dwe sezi poutèt li ka mache sou dlo e poutèt li fè van an sispann soufle. Men kounye a, disip yo rann Jezi omaj e yo di: “Vrèmanvre, ou se Pitit Bondye.”

Nan yon ti tan, yo rive Jenezarèt, yon bèl plèn ki bay anpil manje ki toupre Kapènawòm. Pandan yo la, yo jete lank. Men, lè yo desann atè, moun yo rekonèt Jezi epi y al nan tout zòn nan, y al chèche moun ki malad yo. Lè moun yo mennen sou branka yo annik touche franj rad Jezi, yo geri nèt.

Pandan tan sa a, foul moun ki te temwen mirak Jezi te fè pou l bay plizyè milye moun manje yo remake Jezi ale. Se sa k fè, lè ti bato ki sot Tiberyad yo rive, yo monte ladan yo e yo fè vwal pou Kapènawòm pou y al chèche Jezi. Lè yo jwenn li, yo mande l: “Anseyan, ki lè w rive la a?” Jezi reprimande yo, jan nou pral wè sa pi devan. Jan 6:14-25; Matye 14:22-36; Mak 6:45-56.

▪ Apre Jezi fin fè mirak pou l nouri plizyè milye moun, ki sa moun yo vle fè avè l?

▪ Ki sa Jezi wè detan l nan mòn kote l ret poukont li a, e ki sa l fè lè sa a?

▪ Poukisa bagay sa yo pa ta dwe fè disip yo sezi konsa?

▪ Ki sa k pase apre yo fin rive sou rivaj la?