Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon Farizyen envite l lakay li

Yon Farizyen envite l lakay li

Chapit 83

Yon Farizyen envite l lakay li

JEZI lakay Farizyen ki gen anpil enfliyans lan toujou e li fèk sot geri yon mesye ki te gen yon maladi ki te fè men l ak pye l anfle. Pandan l ap gade lòt envite yo k ap chwazi pi bèl plas nan resepsyon an, li anseye yon leson sou imilite.

Lè sa a, Jezi di: “Lè yon moun envite w nan yon resepsyon maryaj, pa al chita nan plas ki pi devan an. Petèt nan moman an li te envite yon moun ki pi enpòtan pase w. Lè sa a, moun ki te envite nou toule de a ap vin di w: ‘Bay mesye sa a plas ou a.’ Lè sa a ou pral leve tou wont pou w al nan dènye plas la.”

Donk, men konsèy Jezi bay: “Lè yo envite w yon kote, al chita nan dènye plas la. Konsa, lè moun ki te envite w la parèt, l ap di w: ‘Zanmi m, vin pi devan.’ Lè sa a, w ap santi w onore devan tout lòt envite yo.” Finalman Jezi di: “Paske, nenpòt moun ki glorifye tèt li, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap glorifye l.”

Apre sa, Jezi pale ak Farizyen ki te envite l la e li esplike ki jan pou yon moun òganize yon dine ki gen valè toutbon nan je Bondye, li di: “Lè w ap òganize yon dine oswa yon soupe, pa envite zanmi w, frè w, fanmi w ak vwazen ki rich. Petèt, yon lè yo ka envite w tou, e y ap tou remèt ou sa. Men, lè w ap òganize yon resepsyon, envite moun ki pòv, moun ki domaje, ki enfim oswa ki avèg. W ap kontan, paske yo pa gen mwayen pou yo ta remèt ou sa.”

Lè yon moun òganize yon resepsyon konsa pou moun ki malere, sa bay moun ki òganize l la kè kontan. Paske, jan Jezi di Farizyen ki envite l la: “Se lè moun ki jis yo resisite w ap jwenn rekonpans ou.” Sa Jezi di sou resepsyon sa a ki gen anpil valè fè youn nan envite yo sonje yon lòt kalite resepsyon. Envite a di: “Byennere moun ki pral manje nan wayòm Bondye a.” Epoutan, se pa tout moun ki bay esperans sa a ki bay kè kontan an valè li genyen, jan Jezi pral montre sa ak yon egzanp.

Li di: “Gen yon mesye ki t ap òganize yon gwo soupe, li envite yon pakèt moun. Epi, [...] li voye esklav li al di envite yo konsa: ‘Nou mèt vini, tout bagay pare.’ Men, yo tout fè menm bagay, yo kòmanse chèche eskiz. Premye a di l: ‘Mwen achte yon teren, fòk m al gade l. Eskize m, mwen pap ka vini.’ Gen yon lòt ki di: ‘Mwen sot achte senk pè bèf, kounye a mwen pral eseye yo. Eskize m, mwen pap ka vini.’ Gen yon lòt ankò ki di: ‘Mwen fèk marye ak yon fi, se pou sa mwen pap ka vini.’”

Yo bay yon seri eskiz ki pa chita sou anyen. Si yon moun ap achte yon jaden oswa yon bèt, nòmalman se depi anvan pou l al gade l. Kidonk, pa vrèman gen ijans pou l al gade l apre sa. Menm jan an tou, maryaj yon moun pa ta dwe anpeche l aksepte yon envitasyon ki enpòtan konsa. Se sa k fè, lè mèt la tande mòd eskiz sa yo, li vin fache e li bay esklav li lòd, li di l:

“‘Soti vit, al nan gran wout yo ak nan riyèl ki nan vil la, epi vini ak moun ki pòv, ki domaje, ki avèg oswa ki enfim.’ Yon lòt moman, esklav la di: ‘Mèt, nou fè sa w te di a, men gen plas toujou.’ Mèt la di esklav la: ‘Al sou wout yo, al kote ki klotire yo, fòse moun yo vini, pou kay mwen ka plen moun. [...] Pa gen youn nan mesye mwen te envite yo k ap goute nan soupe m nan.’”

Ki sa nou aprann nan egzanp sa a? Ebyen, “mèt” ki òganize resepsyon an reprezante Jewova Dye. “Esklav” ki al fè envitasyon an reprezante Jezi Kris. E “gwo soupe a” reprezante posiblite moun jwenn pou yo fè pati Wayòm syèl la.

Premye moun ki resevwa envitasyon pou yo vin fè pati Wayòm nan anvan tout lòt moun se te chèf relijye juif yo nan epòk Jezi a. Sepandan, yo pa t aksepte envitasyon an. Se sa k fè, sitou apati Pannkòt ane 33 epòk nou an, se te malere yo ak moun yo te meprize nan nasyon juif la ki te resevwa dezyèm envitasyon an. Men, moun ki te aksepte envitasyon an pa t ase pou yo ranpli 144 000 plas ki gen nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la. Se sa k fè, twazan edmi apre sa, nan ane 36 epòk nou an, yo te fè moun ki pa Juif e ki pa sikonsi yo twazyèm envitasyon an, e jis nan epòk nou an yo kontinye rasanble moun sa yo. Lik 14:1-24.

▪ Ki leson Jezi anseye sou imilite?

▪ Ki jan yon moun ka òganize yon resepsyon ki gen valè nan je Bondye, e poukisa sa ap fè l gen kè kontan?

▪ Poukisa eskiz envite yo bay yo pa chita sou anyen?

▪ Ki sa “gwo soupe a” reprezante nan egzanp Jezi bay la?