Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon diskisyon eklate

Yon diskisyon eklate

Chapit 115

Yon diskisyon eklate

NAN kòmansman sware a, Jezi te anseye yon bèl leson sou imilite lè l te lave pye apot li yo. Apre sa, li etabli Memoryal lanmò l ki t ap pwoche. Kounye a, malgre sa k sot pase a, gen yon bagay etonan ki rive. Yon gwo diskisyon leve nan mitan apot li yo pou yo konnen kiyès nan yo ki gen plis enpòtans. Sanble se yon diskisyon ki pa janm fini.

N ap sonje, apre aparans Jezi te fin chanje sou mòn nan, apot yo t ap diskite pou yo konnen kiyès nan yo ki gen plis enpòtans. Anplis de sa, Jak ak Jan te mande pou yo gen gwo pozisyon nan Wayòm nan, e sa te leve plis diskisyon nan mitan apot yo. Kounye a, nan dènye nuit Jezi ap pase avèk yo, se pa ti tris li dwe santi l tris lè l wè y ap fè vye diskisyon sa a ankò! Ki sa l fè?

Jezi pa reprimande apot yo pou konpòtman yo genyen an. Men, yon lòt fwa ankò, li rezone avèk yo avèk pasyans, li di: “Wa nasyon yo dirije nasyon yo ak gwo ponyèt, e moun ki gen otorite sou yo, yo rele yo Papa bon kè. Men nou menm, nou pa dwe konsa. [...] Paske, kiyès ki pi enpòtan, moun ki chita bò tab la oswa moun k ap sèvi a? Èske se pa moun ki chita bò tab la?” Ansuit, li fè yo sonje egzanp li bay, li di: “Epoutan, mwen menm, mwen nan mitan nou antanke moun k ap sèvi nou.”

Malgre enpèfeksyon apot yo genyen, yo te toujou la ak Jezi nan eprèv li yo. Se sa k fè li di: “Menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen pou yon wayòm, m ap fè yon alyans avèk nou tou pou yon wayòm.” Alyans sa a Jezi fè ak disip fidèl li yo ap pèmèt yo dirije avè l nan Wayòm li an. Se sèlman yon kantite moun fiks, sètadi 144 000 moun, k ap antre finalman nan alyans sa a Jezi fè ak disip li yo pou yon Wayòm.

Byenke apot yo gen bèl posiblite sa a pou yo dirije ak Kris nan Wayòm nan, men nan moman an yo fèb nan domèn espirityèl. Jezi di: “Aswè a, nou tout pral kite m poutèt sa k pral rive m nan.” Sepandan, li di Pyè li priye pou li. Men ankourajman li ba li: “Yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs.”

Jezi di: “Timoun, se pou yon tikras tan ankò mwen avèk nou. Nou gen pou nou chèche m. E jan mwen te di Juif yo, m ap di nou sa kounye a tou: ‘Nou pa ka ale kote m prale a.’ M ap ban nou yon nouvo kòmandman: se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.”

Pyè mande: “Seyè, kote w prale?”

Jezi reponn: “Kote m prale a ou pa ka suiv mwen kounye a, men ou va suiv mwen apre.”

Pyè mande l: “Seyè, sa k fè mwen pa ka suiv ou kounye a? M ap bay lavi m pou ou.”

Jezi di: “W ap bay lavi w pou mwen? Anverite m ap di w sa: Se sèten, anvan yon kòk chante, w ap gentan nye m twa fwa.”

Pyè pa dakò, li di: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, pa gen anyen k ap fè m nye w.” E pandan lòt apot yo ap di menm bagay la, Pyè fè lwanj pou tèt li, li di: “Menmsi tout lòt yo kite w poutèt sa k pral rive w la, mwen menm, mwen pap janm kite w!”

Jezi pale konsènan moman l te voye apot yo al fè yon kanpay predikasyon nan Galile san yo pa t gen bous e san yo pa t pot sak pou pwovizyon, li mande yo: “Èske nou te manke yon bagay?”

Yo di: “Non!”

Li di yo: “Men, kounye a, se pou moun ki gen yon bous pran l, e se pou l pran yon sak pou pwovizyon tou. E si yon moun pa gen epe, se pou l vann rad li pou l achte youn. Paske, m ap di nou sa: Sa ki ekri a, pawòl ki di: ‘Yo te mete l pami moun ki san lwa yo’, dwe reyalize sou mwen. Paske, sa ki ekri sou mwen yo ap reyalize.”

Jezi atire atansyon sou moman yo pral kloure l sou yon poto ansanm ak bandi, sètadi moun ki san lwa. Anmenmtan, li fè konnen disip li yo pral jwenn pèsekisyon ki terib apre sa. Apot yo di: “Seyè, gade! gen de epe la a.”

Li di yo: “Sa sifi.” Jan nou pral wè sa, lefètke yo gen epe avèk yo, sa pral bay Jezi okazyon pou l anseye yo yon lòt leson enpòtan talè konsa. Matye 26:31-35; Mak 14:27-31; Lik 22:24-38; Jan 13:31-38; Revelasyon 14:1-3.

▪ Poukisa li etonan anpil pou apot yo nan diskisyon?

▪ Ki jan Jezi regle sa?

▪ Ki sa ki vin posib grasa alyans Jezi fè ak disip li yo?

▪ Ki nouvo kòmandman Jezi bay, e ki enpòtans kòmandman sa a genyen?

▪ Ki jan Pyè montre li kwè anpil nan tèt li, e ki sa Jezi di l?

▪ Poukisa enstriksyon Jezi bay konsènan bous ak sak pou pwovizyon an pa menm ak sa li te bay anvan yo?