Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon jounen trèzenpòtan kòmanse

Yon jounen trèzenpòtan kòmanse

Chapit 105

Yon jounen trèzenpòtan kòmanse

LÈ Jezi kite Jerizalèm nan lendi swa, li retounen Betani ki sou bò lès mòn Oliv. Li gentan gen de jou depi l ap mennen dènye aktivite l nan Jerizalèm. Sandout, Jezi al dòmi lakay zanmi l lan Laza ankò. Depi lè l rive sot Jeriko nan vandredi, se katriyèm nuit li pase Betani.

Kounye a, madi 11 Nizan, byen bonè nan maten, li menm ak disip li yo pran wout la ankò. Jou sa a se yon jou ki trèzenpòtan nan aktivite Jezi, anfèt se jou kote li gen plis aktivite a. Se dènye jou l al nan tanp lan. E se dènye jou li pase nan aktivite l anvan yo jije l e anvan yo egzekite l.

Jezi ak disip li yo pase nan menm wout la sou mòn Oliv pou y al Jerizalèm. Pandan yo sou wout ap sot Betani, Pyè remake pye fig frans Jezi te lage malediksyon sou li yè maten an. Pyè di Jezi: “Anseyan, gade: pye fig frans ou te modi a seche.”

Men, poukisa Jezi te touye pye fig frans lan? Li fè konnen pou ki rezon lè l di: “Anverite m ap di nou sa: Si nou gen lafwa e nou pa gen dout, nonsèlman n ap fè sa m sot fè pye fig la, men tou, si nou di mòn sa a [mòn Oliv, kote yo kanpe a]: ‘Leve, al lage kò w nan lanmè’, sa ap fèt. E tout bagay nou mande nan lapriyè, depi nou gen lafwa, n ap resevwa yo.”

Konsa, lè Jezi fè pye fig la seche a, li bay disip li yo yon leson sou nesesite pou yo gen lafwa nan Bondye. Li di: “Tout sa nou mande nan lapriyè, si nou kwè nou deja resevwa yo, n ap jwenn yo.” Se yon leson ki vrèman enpòtan yo bezwen aprann, sitou lè nou konsidere eprèv terib yo pral jwenn talè konsa! Sepandan, gen yon lòt relasyon ant seche pye fig la seche a avèk lafwa.

Menm jan ak pye fig frans lan, nasyon Izrayèl la gen yon aparans ki twonpe moun. Byenke nasyon sa a fè yon alyans ak Bondye e li bay enpresyon li obsève lwa Li bay yo, li montre li pa gen lafwa e li pa pwodui bon fwi. Piske li manke lafwa, li menm rejte pwòp Pitit Bondye a. Se sa k fè, lè Jezi fè pye fig frans ki pa bay fwi a seche, li itilize yon egzanp frapan pou l montre ki sa k pral rive nasyon sa a ki pa pwodui fwi e ki pa gen lafwa.

Yon ti moman apre, Jezi ak disip li yo antre Jerizalèm, e jan yo abitye fè, yo ale nan tanp lan kote Jezi kòmanse anseye. Sandout, prèt an chèf yo ak ansyen yo sonje sa Jezi te fè kanbis yo lavèy, yo mande l: “Ki kote w jwenn otorite pou w fè bagay sa yo? Kiyès ki ba w otorite sa a?”

Jezi reponn yo, li di: “Mwen menm tou, m ap mande nou yon sèl bagay. Si nou reponn mwen, m ap di nou tou ki kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo. Ki kote Jan te jwenn otorite pou l batize moun? Nan men Bondye oswa nan men lèzòm?”

Prèt yo ak ansyen yo al pale youn ak lòt pou yo konnen ki jan pou yo reponn. Youn di lòt: “Si nou di: ‘Nan men Bondye’, l ap di nou: ‘Si se sa, poukisa nou pa t kwè nan li?’ Men, si nou di: ‘Nan men lèzòm’, fòk nou fè atansyon ak foul la, paske yo tout pran Jan pou yon pwofèt.”

Chèf yo pa konn ki sa pou yo reponn. Se sa k fè yo di Jezi: “Nou pa konnen.”

Donk, Jezi di yo: “Mwen menm tou, mwen pap di nou ki kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.” Matye 21:19-27; Mak 11:19-33; Lik 20:1-8.

▪ Poukisa madi 11 Nizan se yon jou enpòtan?

▪ Ki leson Jezi bay lè l fè pye fig frans lan seche a?

▪ Ki jan Jezi reponn moun ki mande l ki kote li jwenn otorite pou l fè bagay sa yo?