Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon krim fèt pandan y ap fete yon anivèsè nesans

Yon krim fèt pandan y ap fete yon anivèsè nesans

Chapit 51

Yon krim fèt pandan y ap fete yon anivèsè nesans

APRE Jezi fin bay apot li yo enstriksyon, li voye yo nan tèritwa a de pa de. Sanble Pyè al ansanm ak frè l, Andre. Konsa tou, Jak al ansanm ak Jan, Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, Jak ak Tade, epi Simon ak Jida Iskaryòt. Sis gwoup evanjelizatè sa yo anonse bon nouvèl Wayòm nan epi yo fè gerizon tout kote yo ale.

Pandan tan sa a, Jan ki te konn batize moun nan nan prizon toujou. Kounye a, li prèske gen dezan la. Ou ka sonje Jan te di devan tout moun Ewòd Antipas pa gen dwa pran Ewodyad, madanm Filip frè l, pou madanm li. Etandone Ewòd Antipas te deklare l ap suiv Lwa Moyiz la, Jan te byen fèt fè konnen se nan adiltè l ap viv. Se sa k fè Ewòd te fè met Jan nan prizon, e petèt se Ewodyad ki te pouse l fè sa.

Ewòd Antipas rann li kont Jan se yon moun ki jis e li menm pran plezi koute l. Se poutèt sa li pa konn sa pou l fè avè l. Ewodyad, bò kote pa l, rayi Jan e li pa sispann chèche fè touye l. Finalman, okazyon li t ap tann nan rive.

Yon ti tan anvan fèt Pak ane 32 epòk nou an, Ewòd òganize yon gwo fèt pou anivèsè nesans li. Tout mesye ki nan gwo pozisyon nan gouvènman l lan ak ofisye yo nan fèt la ansanm ak gwo zotobre nan Galile yo. Pandan sware a, yo rele Salome, pitit fi Ewodyad gen ak Filip, ansyen mari l la, pou l vin danse pou envite yo. Fason l danse a chame mesye yo.

Salome fè kè Ewòd kontan anpil. Ewòd di l: “Mande m sa w vle, m ap ba ou l.” Li menm sèmante, li di: “Kèlkeswa sa w mande m nan, m ap ba ou l, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.”

Anvan Salome reponn, l al kot manman l, li di l: “Ki sa pou m mande?”

Finalman, Ewodyad jwenn sa l t ap chèche a! Li reponn san ezite: “Mande tèt Jan ki konn batize moun nan.”

Salome tounen al kot Ewòd byen vit e li mande l: “Mwen vle pou w ban m tèt Jan ki konn batize moun nan kounye a nan yon plato.”

Ewòd boulvèse anpil! Men, akoz envite yo te tande sèman l te fè a, li santi l jennen pou l pa ta kenbe pawòl li, menm lè se yon inosan yo mande l pou l fè touye a. Tousuit, yo voye yon moun al nan prizon an pou egzekite misyon makawon sa a. Yon ti tan apre, li retounen ak tèt Jan nan yon plato, e li bay Salome l. Apre sa, Salome bay manman l li. Lè disip Jan yo tande sa k pase a, yo vini, yo pran kadav la y al antere l, ansuit yo fè Jezi konn sa k rive a.

Pi devan, lè Ewòd tande Jezi ap geri moun e l ap chase demon, li kraponnen, li pè pou Jezi se pa Jan ki leve sot nan lanmò. Se sa k fè li bezwen wè Jezi. Se pa pou l tande l k ap preche, men se pou l asire l si sa l krenn nan se vre oswa se pa vre. Matye 10:1-5; 11:1; 14:1-12; Mak 6:14-29; Lik 9:7-9.

▪ Poukisa Jan nan prizon, e poukisa Ewòd pa vle fè touye l?

▪ Ki jan Ewodyad rive fè touye Jan?

▪ Poukisa Ewòd vle wè Jezi apre Jan fin mouri?