Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon lòt kanpay predikasyon nan Galile

Yon lòt kanpay predikasyon nan Galile

Chapit 49

Yon lòt kanpay predikasyon nan Galile

APRE Jezi fin pase anviwon dezan ap preche san pran souf, èske kounye a li pral kòmanse ralanti pou l pran lèz kò l? Okontrè, li preche plis toujou, li kòmanse yon twazyèm kanpay predikasyon nan Galile. Li pase nan tout vil ak nan tout bouk yo, li anseye nan sinagòg yo e li preche bon nouvèl Wayòm nan. Sa l wè pandan kanpay sa a fè l wè moman sa a se moman pou l akselere nan travay predikasyon an.

Tout kote Jezi ale, li wè foul moun yo bezwen gerizon nan domèn espirityèl e yo bezwen rekonfò. Li gen pitye pou yo, paske yo lage tankou mouton ki san bèje e yo depafini. Li di disip li yo: “Wi, rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè. Kidonk, priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.”

Jezi byen planifye fason pou travay predikasyon an fèt. Li rele 12 apot yo, yo menm li te chwazi sa gen prèske ennan, li mete yo de pa de, li fè yo fè sis gwoup e li ba yo enstriksyon. Li di yo: “Pa al kot moun ki nan nasyon yo, e pa antre nan yon vil samariten. Men okontrè, ale sèlman kot mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la. Toutpandan nou prale, preche. Men sa pou nou di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre.’”

Wayòm sa a disip yo dwe preche mesaj li a se pou li Jezi te aprann yo priye nan modèl priyè li te bay la. Wayòm nan vin pi pre, sa vle di Jezi Kris, Wa Bondye chwazi a, prezan. Pou Jezi ka pwouve disip li yo reprezante gouvènman sa a ki siperyè gouvènman lèzòm yo, li ba yo pouvwa pou yo geri malad e menm pou yo leve moun mouri. Li ba yo lòd pou yo fè bagay sa yo gratis.

Apre sa, li di disip li yo pou yo pa fè okenn preparasyon materyèl pou kanpay predikasyon yo pral fè a. Li di yo: “Pa chèche gen ni lò, ni ajan, ni kuiv pou nou mete nan bous nou konn met nan senti nou. Pa chèche gen ni sak pou pwovizyon pou vwayaj la, ni de rad, ni sandal, ni baton. Paske, ouvriye a merite pou yo ba l manje.” Moun ki apresye mesaj la ap byen reyaji e y ap bay disip yo manje pou yo manje ak kote pou yo rete. Se sa k fè Jezi di: “Nan kèlkeswa vil oswa bouk nou antre, chèche yon moun ki diy ladan l, rete lakay li jiskaske nou ale.”

Apre sa, Jezi ba yo enstriksyon sou sa pou yo fè lè yo rankontre moun nan kay y ap preche mesaj Wayòm nan. Li di yo: “Lè n ap antre nan yon kay, salye moun nan kay la. Si kay la diy, se pou lapè nou swete l la vin sou li. Men, si li pa diy, se pou lapè nou an retounen vin jwenn nou. Si yon moun pa resevwa nou oswa si l pa koute pawòl nou, lè n ap kite kay sa a oswa vil sa a, souke pousyè ki nan pye nou.”

Jezi fè konnen jijman k ap tonbe sou yon vil ki ta rejte mesaj yo a ap terib anpil. Li di: “Anverite m ap di nou sa: Jou Jijman an, y ap gen plis pitye pou moun peyi Sodòm ak Gomò yo pase pou moun vil sa a.” Matye 9:35–10:15; Mak 6:6-12; Lik 9:1-5.

▪ Ki lè Jezi kòmanse yon twazyèm kanpay predikasyon nan Galile, e ki sa sa fè l rann li kont?

▪ Lè Jezi voye 12 apot li yo al preche, ki enstriksyon li ba yo?

▪ Poukisa li kòrèk pou disip Jezi yo anonse Wayòm nan vin pi pre?