Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon leson sou imilite

Yon leson sou imilite

Chapit 62

Yon leson sou imilite

APRE Jezi fin geri tigason ki gen demon sou li a nan yon zòn ki toupre Sezare Filip, li anvi tounen lakay li Kapènawòm. Men, li vle fè vwayaj la poukont li ak disip li yo yon fason pou l ka prepare yo plis toujou pou lanmò l ak responsablite yo pral gen apre sa. Li di disip li yo: “Yo gen pou yo livre Pitit lòm nan nan men lèzòm, y ap touye l, men menm lè yo touye l, l ap leve twa jou apre.”

Sa pa gen twò lontan Jezi te pale sou sa, e gen twa apot ki te wè aparans li chanje pandan konvèsasyon li te genyen sou “ale li gen pou l ale” a. Malgre sa, jis kounye a disip li yo poko konprann. Byenke pa gen youn nan yo ki eseye montre yo pa dakò poutèt li di y ap gen pou touye l, menm jan Pyè te eseye montre sa, yo pè poze Jezi kesyon sou sa.

Finalman, yo rantre Kapènawòm, vil kote Jezi te konn òganize aktivite l la. Se moun zòn nan Pyè ye ansanm ak plizyè lòt apot. Nan moman sa a, mesye k ap ranmase enpo pou tanp lan pwoche kot Pyè. Petèt, pou eseye pouse Jezi vyole yon koutim moun yo genyen, yo mande disip yo: “Èske anseyan nou an pa peye enpo pou tanp lan?”

Pyè reponn: “Wi, li peye.”

Petèt Jezi rive nan kay la yon ti tan apre sa e li konnen sa k sot pase a. Se poutèt sa, menm anvan Pyè pale sou sa avè l, li di: “Sa w panse, Simon? Nan men ki moun wa ki sou latè yo resevwa taks oubyen enpo? Nan men pitit yo, oubyen nan men etranje?”

Pyè reponn: “Nan men etranje.”

Jezi di: “Donk, pitit yo pa gen pou yo peye enpo.” Piske Papa Jezi se Wa linivè, e se Li menm yo adore nan tanp lan, legalman, Pitit Bondye a pa ta dwe peye enpo pou tanp lan. Jezi di: “Men, pou nou pa fè yo pale nou mal, al nan lanmè a, lage zen w, epi premye pwason w pran an, ouvri bouch li w ap jwenn yon pyès monnen ann ajan. Pran l, epi ba yo l pou mwen avè w.”

Lè disip yo reyini ansanm, petèt lakay Pyè, apre yo fin retounen Kapènawòm, yo mande Jezi: “Kiyès ki pi enpòtan nan wayòm syèl la?” Etandone Jezi konnen sou ki sa yo t ap pale lè yo te dèyè l pandan yo t ap sot Sezare Filip, li konnen sa k pouse yo poze kesyon sa a. Se poutèt sa li mande yo: “Sou ki sa nou t ap diskite sou wout la?” Yo santi yo jennen e yo rete an silans, paske pandan yo te sou wout la, yo t ap diskite pou yo konnen kiyès nan yo ki ta dwe gen plis enpòtans.

Apre Jezi fin pase prèske twazan ap anseye, ou kwè yon moun ta ka panse disip yo ta nan yon diskisyon konsa? Ebyen, sa montre jan enpèfeksyon lòm ak fòmasyon relijye moun resevwa ka gen gwo enfliyans. Relijyon juif la, kote disip yo te leve a, te bay pozisyon oswa ran anpil enpòtans nan tout aktivite y ap mennen. Anplis de sa, petèt Pyè te santi l siperyè poutèt Jezi te pwomèt li l ap resevwa kèk “kle” Wayòm nan. Sanble Jak ak Jan te panse menm bagay la tou paske yo te gen privilèj wè lè Jezi te chanje aparans lan.

Kèlkeswa rezon an, Jezi sèvi ak yon egzanp ki touchan pou l korije atitid yo genyen an. Li rele yon timoun, li mete l kanpe nan mitan yo, li pase men nan kou l, li di: “Si nou pa chanje pou nou vin tankou timoun piti, nou pa gendwa antre nan wayòm syèl la. Se sa k fè, nenpòt moun ki rabese tèt li pou l vin tankou tipitit sa a, se li ki pi enpòtan nan wayòm syèl la. E nenpòt moun ki resevwa yon timoun piti ki tankou timoun sa a poutèt non mwen, se mwen li resevwa tou.”

Ala yon bèl fason Jezi korije disip li yo! Jezi pa fè kòlè sou yo e li pa di yo yo ògeye, yo ava oubyen yo gen anbisyon. Non, men li pran yon timoun kòm egzanp pou l bay yon ansèyman pou korije yo, paske timoun konnen yo gen limit, timoun pa gen anbisyon, e an jeneral kesyon ran pa enpòtan pou yo. Se sa k fè Jezi montre disip li yo bezwen chèche gen kalite sa yo ki gen lakay timoun yo ki gen imilite. Finalman, Jezi di: “Moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou tout, se li ki enpòtan.” Matye 17:22-27; 18:1-5; Mak 9:30-37; Lik 9:43-48.

▪ Lè Jezi ap retounen Kapènawòm, ki enfòmasyon li bay disip li yo, e ki jan yo resevwa enfòmasyon an?

▪ Poukisa Jezi pa oblije peye enpo pou tanp lan, men, poukisa li peye l?

▪ Ki sa k fè petèt disip yo t ap diskite youn ak lòt, e ki jan Jezi korije yo?