Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon leson sou mizèrikòd

Yon leson sou mizèrikòd

Chapit 40

Yon leson sou mizèrikòd

SANBLE Jezi toujou Nayin kote li fèk resisite pitit gason yon vèv, oubyen petèt l ap vizite yon vil ki toupre a. Gen yon Farizyen ki rele Simon ki ta renmen rankontre moun sa a k ap fè travay estrawòdinè sa yo. Se poutèt sa li envite Jezi vin manje avè l.

Kòm Jezi wè okazyon sa a se yon opòtinite li jwenn pou l preche moun k ap la yo, li aksepte envitasyon an, menm jan li te aksepte envitasyon li te resevwa pou l manje ansanm ak pèseptè ak moun k ap pratike peche. Sepandan, lè Jezi antre lakay Simon, li pa resevwa yon bèl akèy, jan yo abitye akeyi moun.

Lè yon moun ki gen sandal nan pye l mache nan wout ki gen pousyè, pye l vin cho e yo vin sal. E lè moun ap resevwa envite lakay yo, yo te gen abitid lave pye yo ak dlo fre. Men, lè Jezi rive, yo pa lave pye l, ni yo pa bo l pou yo akeyi l, jan moun yo konn abitye resevwa moun. E yo pa t pase luil nan cheve l, jan yo konn abitye fè pou moun y ap akeyi.

Pandan envite yo chita bò tab la y ap manje, gen yon dam yo pa envite ki rantre tou dousman nan pyès kote yo ye a. Tout moun nan vil la konnen l se yon moun k ap mennen yon vi imoral. Sanble li te tande ansèyman Jezi yo ki gen ladan l envitasyon Jezi bay pou ‘tout moun ki gen chay y ap pote vin jwenn li pou yo jwenn soulajman’. Epitou, sa l te wè ak sa l te tande te touche l anpil, e sa pouse l chèche Jezi.

Dam nan pase dèyè Jezi ki chita bò tab la, li met ajenou bò pye l. Toutpandan dlo ap sot nan je l tonbe sou pye Jezi, l ap siye yo ak cheve l. Epitou, li pran luil santi bon nan yon ti boutèy li genyen, e pandan l ap bo pye Jezi avèk tandrès, li pase luil la sou yo. Simon gade dam nan avèk mepri. Li di nan kè l: “Si mesye sa a te yon pwofèt, li te dwe konnen ki kalite moun fi sa a k ap manyen l lan ye, li te dwe konnen l ap mennen yon movèz vi.”

Jezi konnen sa k nan panse Simon, li di l: “Simon, m gen yon bagay pou m di w.”

Li di: “Anseyan, pale non!”

Jezi di: “De mesye te dwe yon lòt mesye ki te konn prete moun kòb. Premye a te dwe l 500 denye, lòt la te dwe l senkant denye. Kòm yo pa t gen mwayen pou yo remèt li sa yo te dwe l la, li anile dèt la pou yo san pwoblèm. Kounye a, kiyès nan yo de a k ap renmen mesye a plis?”

Piske kesyon Jezi a sanble pa gen plas li nan moman an, petèt Simon reponn yon fason vag: “M sipoze se sa ki te gen pi gwo dèt la.”

Jezi di: “Ou byen reponn.” Li vire gade dam nan, epi li di Simon: “Ou wè dam sa a? Gade mwen vin lakay ou, ou pa ban m dlo pou m lave pye m. Men, dam sa a lave pye m ak dlo nan je l, e li siye yo ak cheve l. Ou pa bo m, men dam sa a, depi lè m antre la a, li pa sispann bo pye m avèk tandrès. Ou pa pase luil nan tèt mwen, men dam sa a pase luil santi bon nan pye m.”

Konsa, dam nan montre aklè li repanti sensèman pou vi imoral li te konn mennen an. Alafen, Jezi di: “Se poutèt sa, m ap di w sa, peche l yo, byenke yo anpil, yo jwenn padon, paske li demontre anpil lanmou. Men, moun yo padone yon tikras demontre yon tikras lanmou.”

Jezi pa t ap janm aksepte okenn imoralite, ni li pa t ap tolere sa ditou. Okontrè, sa k pase a montre li konprann moun ki fè erè nan lavi yo men apre sa ki montre yo regrèt sa yo te fè a e ki vin jwenn Kris pou yo jwenn soulajman, e sa montre tou li gen konpasyon pou yo. Jezi bay dam nan yon vrè soulajman, li di l: “Peche w yo padone. [...] Lafwa w sove w. Ale anpè.” Lik 7:36-50; Matye 11:28-30.

▪ Ki jan Simon resevwa Jezi li envite lakay li?

▪ Kiyès ki t ap chèche Jezi, e poukisa?

▪ Ki egzanp Jezi bay, e ki aplikasyon li fè?