Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon leson sou padon

Yon leson sou padon

Chapit 64

Yon leson sou padon

SANBLE Jezi toujou nan kay la Kapènawòm ak disip li yo. L ap pale ak yo sou fason pou frè ak frè rezoud pwoblèm yo genyen. Se poutèt sa Pyè mande: “Seyè, konbyen fwa pou yon frè m peche kont mwen pou m padone l?” Piske anseyan relijye juif yo di yon moun dwe padone twa fwa, petèt Pyè panse se yon bagay ki bon nèt lefètke li pwopoze pou yon moun padone “jiska sèt fwa”.

Men, ide pou yon moun ap kontwole kantite fwa li padone yon lòt la pa kòrèk. Jezi korije sa Pyè di a, li di: “M ap di w sa, se pa jiska sèt fwa, men, jiska swasanndisèt fwa.” Jezi fè konnen yon moun pa dwe limite kantite fwa li dwe padone frè l.

Pou Jezi fè disip li yo sonje yo gen obligasyon pou yo padone lòt moun, li ba yo yon egzanp. Li rakonte istwa yon wa ki vle fè regleman ak esklav li yo. Yo mennen yon esklav ba li ki gen yon gwo dèt pou li, li dwe li 60 000 000 denye. Men, esklav la pa gen mwayen pou l peye dèt la. Se poutèt sa, jan Jezi esplike sa, wa a bay lòd pou yo vann ni misye, ni madanm li, ni pitit li, pou peye dèt la.

Lè sa a, esklav la met ajenou nan pye mèt li e li sipliye l, li di: “Pran pasyans pou mwen, e m ap remèt ou tout sa m dwe w la.”

Mèt la vin pran pitye pou li. Avèk mizèrikòd, li anile gwo dèt esklav la genyen an. Apre sa, Jezi fè konnen apèn esklav la ale, li rankontre yon esklav parèy li ki dwe li 100 denye sèlman. Li met men nan kou esklav parèy li a e li kòmanse trangle l, li di l: “Remèt mwen sa w dwe m nan.”

Men, esklav la pa gen kòb la. Se poutèt sa li met ajenou nan pye esklav li dwe a, li sipliye l, li di: “Pran pasyans pou mwen, e m ap remèt ou kòb la.” Esklav la pa menm jan ak mèt li, li pa gen mizèrikòd, li fè met esklav parèy li a nan prizon.

Ansuit, Jezi di, lè lòt esklav yo wè sa k pase a, y al di mèt yo sa. Mèt la vin fache, li fè rele esklav la, li di l: “Esklav mechan! Mwen te anile tout dèt ou a pou ou lè w te sipliye m nan. Èske ou menm tou, ou pa t dwe gen pitye pou esklav parèy ou a, menm jan mwen menm, mwen te gen pitye pou ou a?” Kòlè monte mèt la e li lage esklav san pitye a nan men gadyen prizon yo, jiskaske l fin peye tout sa l dwe a.

Apre sa, Jezi di: “Se konsa Papa m ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou.”

Ala yon bèl leson sou padon! Kèlkeswa peche yon frè oswa yon sè ta ka fè kont nou, se yon bagay ki piti anpil lè nou konpare l ak kantite peche Bondye padone nou. Anplis de sa, Jewova Dye padone nou plizyè milye fwa. Souvan, nou pa menm rann nou kont nou peche kont li. Kidonk, èske nou pa ka padone frè nou oswa sè nou ki peche kont nou kèk fwa, menmsi nou gen yon bon rezon pou nou fache? Tankou Jezi te anseye sa nan Sèmon sou montay la, n ap sonje Bondye ap “padone peche nou, menm jan nou menm tou nou padone moun ki peche kont nou”. Matye 18:21-35; 6:12; Kolosyen 3:13.

▪ Sa k fè Pyè poze kesyon anrapò ak padone frè l, e poukisa li ka panse se yon bagay ki bon nèt lefètke li pwopoze pou yo padone yon moun sèt fwa?

▪ Ki jan fason wa a reyaji anvè esklav ki sipliye l pou l gen pitye pou li a pa menm ak fason esklav sa a reyaji anvè yon esklav parèy li?

▪ Ki sa nou aprann nan egzanp Jezi bay la?