Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon misyon nan Jide pou l demontre mizèrikòd

Yon misyon nan Jide pou l demontre mizèrikòd

Chapit 89

Yon misyon nan Jide pou l demontre mizèrikòd

SA GEN kèk semèn, pandan fèt Dedikas la nan Jerizalèm, Juif yo te eseye touye Jezi. Se sa k fè li t al nan nò, sanble se nan yon zòn ki pa twò lwen lanmè Galile li te ale.

Pa gen twò lontan depi li pran wout pou l retounen nan sid nan direksyon Jerizalèm. Tout sou wout l ap preche nan bouk ki nan Pere yo. Pere se yon distri ki nan lès rivyè Jouden. Apre Jezi fin bay egzanp konsènan mesye rich la ak Laza, li kontinye anseye disip li yo bagay li te deja anseye yo pandan yo te Galile.

Pa egzanp, li di li t ap pi bon pou yon moun “si yo ta mare yon wòch moulen nan kou l epi y al lage l nan lanmè” pase pou l ta lakòz youn nan “tipiti” ki pou Bondye yo peche. Li atire atansyon tou sou nesesite pou youn padone lòt, li esplike: “Menmsi [yon frè] peche sèt fwa pa jou kont ou, epi li vin kote w sèt fwa, li di: ‘Mwen regrèt sa m fè a’, ou dwe padone l.”

Lè disip yo di Jezi: “Ban nou plis lafwa”, li reponn: “Si lafwa nou te gwosè yon grenn moutad, nou t ap di gwo pyebwa sa a: ‘Derasinen tèt ou, al plante tèt ou nan lanmè a!’ li t ap obeyi nou.” Kidonk, menm yon lafwa ki toupiti ka pèmèt yon moun reyalize gwo bagay.

Apre sa, Jezi sèvi ak yon sitiyasyon ki parèt reyèl pou l montre bon atitid yon sèvitè Bondye toupisan an dwe genyen. Li di: “Kiyès nan nou la a ki gen yon esklav ki fin travay tè oswa ki fin siveye twoupo, epi k ap di esklav sa a lè l sot nan jaden: ‘Vin isit tousuit, vin chita sou tab pou w manje’? Okontrè, èske l pap di l pito: ‘Al prepare yon bagay pou mwen pou m soupe, epi met yon tabliye sou ou pou w sèvi m jiskaske mwen fin manje, jiskaske mwen fin bwè, apre sa, ou menm, w ap ka manje, w ap ka bwè’? Li pap gen rekonesans poutèt esklav la fè sa l te dwe fè yo, pa vre? Menm jan an nou menm tou, lè nou fin fè tout bagay nou te gen pou nou fè, di tèt nou: ‘Nou se esklav ki pa vo anyen, nou fè sa n te dwe fè.’” Donk, sèvitè Bondye yo pa ta dwe janm santi se favè y ap fè Bondye lè yo sèvi l. Okontrè, yo ta dwe toujou sonje se yon privilèj yo genyen lefètke y ap adore l antanke moun li fè konfyans ki lakay li.

Sanble, yon ti tan apre Jezi fin bay egzanp sa a, yon mesaje vin kote l. Se Mari ak Mat, sè Laza yo, k ap viv Betani nan Jide, ki voye l. Mesaje a di: “Seyè, moun ou gen afeksyon pou li a malad.”

Lè sa a, Jezi di: “Maladi sa a pa la pou lanmò, men li la pou glwa Bondye, dekwa pou l ka pèmèt Pitit Bondye a jwenn glwa.” Apre Jezi fin pase de jou kote l te ye a, li di disip li yo: “Ann al Jide ankò.” Sepandan, yo reponn li: “Anseyan, tou dènyèman la a Jideyen yo t ap chèche touye w ak kout wòch, epi w pral la ankò?”

Men sa Jezi di: “Gen douz èdtan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li pap bite sou anyen, paske li wè limyè k ap klere monn nan. Men, si yon moun ap mache lannuit, l ap bite sou yon bagay, paske li pa gen limyè ki pou pèmèt li wè.”

Sanble Jezi vle di, piske kantite ‘èdtan ki gen nan jounen’ an oubyen tan Bondye pèmèt li pase nan sèvis li sou tè a poko fini, pèsonn pa ka fè l anyen ki mal toutotan tan sa a poko fini. Li bezwen byen itilize ti tan kout li rete nan “jounen” an, piske apre sa “lannuit” ap rive kote ènmi l yo ap touye l.

Apre sa, Jezi di: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men, mwen pral lòtbò a pou m reveye l.”

Sanble disip yo panse Laza ap dòmi pou l repoze l e yo kwè se yon siy ki montre l ap refè, se sa k fè yo reponn: “Seyè, si se dòmi l ap dòmi, l ap refè.”

Lè sa a, Jezi di yo aklè: “Laza mouri, e mwen kontan pou nou dèske mwen pa t la, dekwa pou nou ka kwè. Ann al kote l.”

Toma panse li posib pou yo touye Jezi nan Jide, malgre sa li vle soutni l. Li di lòt disip yo: “Ann ale tou, pou nou ka mouri avè l.” Konsa, disip yo riske vi yo, yo akonpaye Jezi nan misyon sa a li pral fè nan Jide pou l demontre mizèrikòd. Lik 13:22; 17:1-10; Jan 10:22, 31, 40-42; 11:1-16.

▪ Ki kote Jezi te preche sa pa gen twò lontan?

▪ Ki sa Jezi anseye disip li yo ankò? Ki sitiyasyon ki parèt reyèl li dekri e ki pwen li vle fè parèt klè?

▪ Ki nouvèl Jezi resevwa, e ki sa li vle di lè l pale de “lajounen” ak “lannuit”?

▪ Ki sa Toma gen nan tèt li lè l di: ‘Ann ale pou nou ka mouri avè l’?