Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon nasyon ki kondane, men se pa tout nasyon an

Yon nasyon ki kondane, men se pa tout nasyon an

Chapit 79

Yon nasyon ki kondane, men se pa tout nasyon an

YON ti tan apre Jezi fin pale ak moun ki te rasanble deyò kay Farizyen an, gen kèk moun ki di l Pons “Pilat [gouvènè women an] te touye kèk moun Galile etan yo t ap fè sakrifis”. Petèt, moun Galile sa yo se moun yo te touye lè plizyè milye Juif pa t dakò poutèt Pilat te itilize lajan li pran nan trezò tanp lan pou l konstwi yon kanal pou fè dlo vin Jerizalèm. Moun ki di Jezi bagay sa yo ka vle fè konprann malè te rive moun Galile sa yo akoz yo te mal aji.

Sepandan, pou Jezi korije sa moun yo di a, li mande: “Èske n panse moun Galile sa yo ki viktim bagay sa yo se yo menm ki te pi gwo pechè pase tout lòt moun Galile yo? Mwen di nou non!” Apre sa, li sèvi ak sa k te pase a pou l avèti Juif yo. Li di: “Si nou pa repanti, nou tout ap peri menm jan an.”

Ansuit, Jezi fè yo sonje yon lòt evènman grav ki te pase, petèt sa gen rapò tou ak konstriksyon kanal la. Li mande: “Oubyen, dizuit moun fò Silowam nan te tonbe sou yo a e ki te mouri yo, èske nou panse se yo menm ki te pi gwo pechè pase tout moun k ap viv Jerizalèm?” Non. Jezi di se pa paske moun sa yo te mechan ki fè yo mouri. Okontrè, sa k konn lakòz malè konsa rive se ‘evènman moun pa prevwa ki rive yo nan moman yo pa atann’. Sepandan, Jezi pwofite okazyon an yon lòt fwa ankò pou l avèti moun yo, li di: “Men, si nou pa repanti, nou tout ap peri menm jan an.”

Apre sa, Jezi kontinye pale, li bay yon egzanp ki byen tonbe, li di: “Gen yon mesye ki te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen l. Epi, li vin chèche fwi ladan l, li pa jwenn. Lè sa a, li di moun ki t ap travay nan jaden rezen an: ‘Sa fè twazan m ap vin chèche fwi nan pye fig frans sa a, mwen pa janm jwenn. Ou mèt koupe l! Poukisa pou l ret nan tè a, piske l pa itil?’ Li reponn li: ‘Mèt, kite l ane sa a toujou. Pandan tan sa a, m ap fouye toutotou l, m ap met fimye. Konsa, si l vin pwodui fwi, se bon. Men si l pa bay anyen, lè sa a w a koupe l.’”

Pandan plis pase twazan, Jezi chèche ede nasyon juif la pou l ede yo gen lafwa. Men, malgre tout efò l fè, se sèlman kèk santèn disip li te vin genyen. Kounye a, li nan katriyèm ane aktivite l e li fè plis efò toujou. Se kòmsi li fouye e li mete fimye toutotou pye fig frans Juif yo reprezante a pa mwayen travay predikasyon ak ansèyman li fè avèk zèl nan Jide ak nan Pere. Epoutan, sa pa bay okenn rezilta! Nasyon an refize repanti, e se sa k fè se destriksyon k ap tann li. Se sèlman yon rès nan nasyon an ki byen reyaji.

Yon ti tan apre sa, Jezi ap anseye nan yon sinagòg yon jou saba. Li wè yon dam ki pliye an de depi 18 an, akoz li gen yon demon k ap malmennen l. Avèk konpasyon, Jezi di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la.” Lè sa a, li poze men l sou dam nan, epi menm kote a, dam nan drese kò l e li kòmanse bay Bondye glwa.

Men, mesye k ap dirije sinagòg la fache. Li montre li pa dakò lè l di: “Gen sis jou moun gen dwa travay. Se nan jou sa yo pou nou vin fè geri nou. Pa vin jou saba.” Kidonk, mesye k ap dirije sinagòg la rekonèt pouvwa Jezi genyen pou l fè gerizon, men li kondane moun yo poutèt yo vini pou yo jwenn gerizon jou saba.

Jezi reponn: “Bann ipokrit! Èske jou saba nou chak ki la a nou pa demare towo bèf nou oswa bourik nou nan kay kote nou gade yo pou nou mennen yo al bwè dlo? Alò, èske dam sa a, yon pitit Abraram Satan te mare depi dizuit an, pa merite pou yo demare l nan kòd sa a yon jou saba?”

Ebyen, lè moun ki opoze ak Jezi yo tande sa, yo vin santi yo wont. Men, foul moun yo kontan pou tout bèl bagay yo wè Jezi fè yo. Jezi rebay de egzanp ki gen pwofesi konsènan Wayòm Bondye a ladan yo, menm egzanp li te bay lè l te nan yon bato sou lanmè Galile, sa gen anviwon ennan. Lik 13:1-21; Eklezyas 9:11; Matye 13:31-33.

▪ Ki malè ki te rive yo mansyone la a, e ki leson Jezi montre yo gen ladan yo?

▪ Ki aplikasyon nou ka fè anrapò ak pye fig frans ki pa bay fwi a e anrapò ak efò ki fèt pou yo wè si l a bay fwi?

▪ Ki jan mesye k ap dirije sinagòg la rekonèt kapasite Jezi genyen pou l fè gerizon, men ki jan Jezi devwale ipokrizi mesye a?