Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SENK

Enstwi pitit ou depi l toupiti

Enstwi pitit ou depi l toupiti

1, 2. Nan men kiyès paran yo dwe chèche èd pou yo leve pitit yo ?

“ PITIT gason se yon eritaj Jewova bay ”, se sa yon paran ki gen rekonesans te deklare gen anviwon 3 000 an (Sòm 127:3). Annefè, lajwa ki genyen pou moun paran se yon rekonpans ki gen anpil valè Bondye bay, yon rekonpans pifò moun marye ka jwenn. Toutfwa, moun ki gen pitit pa pran tan pou yo rann yo kont lajwa moun genyen pou yo paran mache ak responsablite.

2 Sitou jodi a, leve timoun se yon travay ki difisil. Malgre tou, gen anpil moun ki rive fè l avèk siksè, e gen yon salmis enspire ki esplike rezon an, li di : “ Si Jewova li menm pa bati kay la, se pou granmesi moun k ap bati l yo travay di ladan l. ” ​(Sòm 127:1). Plis ou byen suiv enstriksyon Jewova bay yo, se plis w ap vin pi bon paran. Bib la di : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. ” ​(Pwovèb 3:5). Èske w dispoze koute konsèy Jewova bay pandan w antame pwojè leve timoun nan, yon pwojè k ap pran 20 an ?

AKSEPTE PWENNVI BIB LA

3. Ki responsablite papa yo genyen nan edikasyon timoun yo ?

3 Nan lemonnantye, nan anpil kay, mesye yo konsidere enstwi timoun sitou kòm travay fi. Se vre, Pawòl Bondye a montre wòl papa a prensipalman se pran swen fanmi an materyèlman. Sepandan, li di tou papa a gen responsablite nan kay la. Bib la di : “ Prepare travay ou deyò, epi fè l pre pou ou nan jaden an. Apre sa, ou dwe bati moun lakay ou tou. ” ​(Pwovèb 24:27). Nan je Bondye, ni papa ni manman gen responsablite pou yo enstwi timoun yo. — Pwovèb 1:8, 9.

4. Poukisa nou pa ta dwe konsidere tigason tankou yo siperyè tifi ?

4 Kòman w konsidere pitit ou yo ? Rapò ki soti ann Azi fè konnen, “ souvan, tibebe fi resevwa yon move akèy ”. Dapre sa yo rapòte, ann Amerik latin, toujou gen prejije kont tifi, menm nan “ fanmi ki pi eklere yo ”. Sepandan, verite a sèke, tifi pa yon kategori timoun ki gen mwens enpòtans. Jakòb, yon papa nan tan lontan ki te gen renome, te dekri tout desandan l yo, san wete pitit fi li te fè lè sa a, kòm “ pitit Bondye fè [l] favè yo ”. (Jenèz 33:1-5 ; 37:35.) Menm jan an tou, Jezi te beni tout “ timoun ” ​(tigason kou tifi) yo te mennen ba li (Matye 19:13-15). Nou ka sèten li te reflete pwennvi Jewova. — Detewonòm 16:14.

5. Ki bagay de moun marye yo bezwen pran an konsiderasyon lè y ap deside ki gwosè fanmi yo vle genyen ?

5 Èske nan peyi pa w yo atann pou fi fè kantite pitit li kapab ? Se de moun marye yo ki gen dwa pou yo deside ki kantite pitit yo vle fè. E si paran yo pa gen mwayen pou yo bay yon bann timoun manje, pou yo ba yo rad e pou yo fè edikasyon yo ? Sètènman, de moun marye yo dwe pran sa an konsiderasyon lè y ap deside ki gwosè fanmi yo vle genyen. Kèk koup ki pa anmezi pou yo okipe tout pitit yo genyen bay moun nan fanmi yo responsablite pou yo leve kèk ladan yo pou yo. Èske se yon pratik ki bon ? Pa vrèman. E sa pa retire obligasyon paran yo genyen anvè pitit yo. Bib la di : “ Si yon moun pa bay moun pa li yo sa yo gen bezwen, sitou sa ki manm kò kay li, li renye lafwa. ” ​(1 Timote 5:8). De moun marye ki montre yo responsab fè efò pou yo detèmine ki gwosè pou “ kò kay ” yo ye, dekwa pou yo ka ‘ bay moun pa yo sa yo gen bezwen ’. Èske yo kapab fè planing yon fason pou yo rive fè sa ? Sa tou se yon desizyon pèsonèl, e si koup la deside fè planing, se yo menm ki pou chwazi ki metòd kontraseptif yo vle. “ Chak moun ap pote pwòp chay pa l. ” ​(Galat 6:5). Sepandan, planing ki pwovoke avòtman sou kèlkeswa fòm nan, kontrè ak prensip biblik yo. Se Jewova Dye ki “ sous lavi ”. (Sòm 36:9.) Kidonk, detwi yon vi apre konsepsyon t ap demontre yon gwo mank respè pou Jewova e sa t ap egal ak asasinen yon moun. — Egzòd 21:22, 23 ; Sòm 139:16 ; Jeremi 1:5.

KONBLE BEZWEN PITIT OU

6. Ki lè yo dwe kòmanse enstwi yon timoun ?

6 Pwovèb 22:6 di : “ Enstwi tigason an selon chemen ki pou li a. ” Enstwi timoun yo se yon lòt kokenn responsablite paran yo genyen. Men, ki lè pou enstriksyon sa a kòmanse ? Byen bonè. Apot Pòl te fè remake Timote te resevwa enstriksyon ‘ depi li toupiti ’. (2 Timote 3:15.) Mo grèk yo itilize la a ka fè referans ak yon vyepti bebe oubyen menm yon timoun ki poko fèt (Lik 1:41, 44 ; Travay 7:18-20). Konsa, Timote te resevwa enstriksyon depi lè li te toupiti, yon bagay ki toutafè rekòmande. Lè yon timoun toupiti, se moman ideyal pou yo kòmanse enstwi l. Menm yon vyepti bebe swaf konesans.

7. a) Poukisa li enpòtan pou toule de paran yo devlope yon relasyon sere ak tibebe a ? b) Ki relasyon ki te egziste ant Jewova ak sèl Pitit Gason li fè a ?

7 Men sa yon manman di : “ Lè m te wè tibebe m nan pou premye fwa, mwen te renmen l menm kote a. ” Se menm sansasyon sa a pifò manman genyen. Bèl atachman sa a ki egziste ant manman an ak tibebe a ap ogmante ofiramezi y ap pase tan ansanm apre tibebe a fin fèt. Lè manman an ap bay tibebe a tete, sa ajoute sou entimite sa a (gade 1 Tesalonisyen 2:7). Li endispansab pou manman an karese tibebe l, pou l pale ak li dekwa pou l konble bezwen afektif li (gade Izayi 66:12). Men, e papa a menm ? Li menm tou li dwe gen relasyon sere ak tibebe a. Jewova li menm bay egzanp nan domèn nan. Nan liv Pwovèb la, nou aprann relasyon ki te egziste ant Jewova ak sèl Pitit Gason li fè a, Pitit yo reprezante k ap di : “ Jewova li menm te fè m antanke kòmansman travay li, [...] mwen vin tounen sila li te espesyalman atache avè l la, jou apre jou. ” ​(Pwovèb 8:22, 30 ; Jan 1:14). Se menm jan an tou, yon bon papa kiltive yon relasyon ki gen lanmou e ki gen chalè ak pitit li depi nan kòmansman lavi timoun nan. Gen yon papa ki di : “ Demontre anpil afeksyon pou yo, pa janm gen yon timoun ki mouri paske yo te vlope l nan bra e yo te bo l. ”

8. Ki sa paran yo dwe fè pou yo ogmante kapasite mantal tibebe yo pi bonè posib ?

8 Men, tibebe yo bezwen plis bagay toujou. Depi yo fèk fèt, sèvo yo tou pare pou yo resevwa enfòmasyon e pou yo stoke yo, e paran yo se prensipal sous enfòmasyon sa yo. Annou pran langaj pa egzanp. Gen rechèch ki montre fasilite yon timoun genyen pou l aprann pale e pou l aprann li “ gen rapò sere ak kalite premye relasyon paran yo te genyen ak timoun nan ”. Pale ak pitit ou epi fè lekti pou li depi l tibebe. Nan yon ti moman l ap vle imite w, e anvan lontan w ap aprann li li. Li posib pou li gentan konn li anvan l rantre lekòl. Sa sitou itil si w ap viv nan yon peyi kote pa gen anpil pwofesè e klas yo chaje timoun.

9. Ki objektif ki pi enpòtan paran yo bezwen sonje ?

9 Prensipal sousi paran kretyen yo se konble bezwen espirityèl pitit yo (gade Detewonòm 8:3). Nan ki objektif ? Pou yo ede pitit yo devlope yon pèsonalite ki sanble ak pa Kris, e konsa y ap abiye ak “ nouvo pèsonalite a ”. (Efezyen 4:24.) Pou sa rive fèt, paran yo bezwen anvizaje sèvi ak bon materyo konstriksyon ansanm ak bon metòd konstriksyon.

FÈ LAVERITE ANTRE NAN LESPRI PITIT OU

10. Ki kalite timoun yo bezwen devlope lakay yo ?

10 Kalite yon konstriksyon depann anpil de kalite materyo yo itilize. Apot Pòl te di pi bon materyo pou konstwi pèsonalite kretyen yo se “ lò, ajan, pyè presye ”. (1 Korentyen 3:10-12.) Bagay sa yo reprezante kalite tankou lafwa, sajès, disènman, fidelite, respè, rekonesans ki chaje lanmou nou genyen pou Jewova ak lwa li yo (Sòm 19:7-11 ; Pwovèb 2:1-6 ; 3:13, 14). Kòman paran yo ka ede pitit yo devlope kalite sa yo depi yo tou piti ? Lè yo suiv yon metòd ki defini depi byen lontan.

11. Kòman paran izrayelit yo te ede pitit yo devlope yon pèsonalite ki fè Bondye plezi ?

11 Yon ti tan anvan nasyon Izrayèl la te antre nan Latè pwomiz, Jewova te di paran izrayelit yo : “ Pawòl sa yo mwen òdone w jodi a dwe nan kè w. Ou dwe fè yo antre nan lespri pitit gason w, e ou dwe pale l de yo lè w chita lakay ou, lè w ap mache sou wout, lè w kouche, e lè w leve. ” ​(Detewonòm 6:6, 7). Wi, paran yo dwe yon egzanp, yon zanmi, yon moun ki konn kominike e yon anseyan.

12. Poukisa li trèzenpòtan pou paran yo se bon egzanp ?

12 Se pou w yon egzanp. Toudabò, Jewova te di : “ Pawòl sa yo [...] dwe nan kè w. ” Apre sa, li ajoute : “ Ou dwe fè yo antre nan lespri pitit gason w. ” Kidonk, kalite ki fè Bondye plezi yo dwe nan kè paran yo dabò. Paran yo dwe renmen laverite e yo dwe viv laverite. Se sèlman konsa yo ka touche kè pitit yo (Pwovèb 20:7). Pou ki rezon ? Paske sa timoun yo wè enfliyanse yo pi fasil pase sa yo tande. — Lik 6:40 ; 1 Korentyen 11:1.

13. Ki jan paran ki kretyen yo imite egzanp Jezi lè yo bay pitit yo atansyon ?

13 Se pou w yon zanmi. Jewova te di paran yo ann Izrayèl : ‘ Pale ak pitit ou lè w chita lakay ou, lè w ap mache sou wout. ’ Sa mande pou paran yo pase tan ak timoun yo kèlkeswa jan yo okipe. Li klè, Jezi te santi timoun yo te merite pou l ba yo nan tan l. Pandan dènye jou ministè l, “ moun yo te pran mennen timoun ba li pou l ka touche yo ”. Ki jan Jezi te reyaji ? “ Li pran timoun yo nan bra li, e li kòmanse beni yo. ” ​(Mak 10:13, 16). Imajine sa, se dènye moman Jezi t ap pase nan lavi l. Poutan, li te bay timoun yo tan l ak atansyon l. Ala yon bèl egzanp !

14. Poukisa li pwofitab pou paran yo pase tan ak pitit yo ?

14 Se pou w yon moun ki konn kominike. Lè w pase tan ak pitit ou sa ap ede w kominike ak li. Plis ou kominike ansanm ak li se plis w ap disène fason pèsonalite l ap devlope. Sepandan, sonje kominike se pa sèlman pale. Yon manman k ap viv nan peyi Brezil di : “ Mwen te oblije devlope abilite pou m tande, wi, pou m tande avèk kè m. ” Pasyans li te pote fwi lè pitit gason l lan te kòmanse rakonte l tout sa l gen nan kè l.

15. Ki sa nou bezwen sonje anrapò ak detant ?

15 Timoun yo bezwen ‘ yon tan pou yo ri ak yon tan pou yo vole anlè ’ sa vle di, yo bezwen moman detant (Eklezyas 3:1, 4 ; Zekarya 8:5). Detant se yon bagay ki trè pwofitab lè paran ak pitit pran l ansanm. Malerezman, nan anpil kay, detant vle di gade televizyon. Byenke gen kèk pwogram nan televizyon ki gendwa amizan, anpil nan yo detwi bon prensip, e gade televizyon gen tandans anpeche dyalòg fèt nan yon fanmi. Konsa, poukisa ou pa mete w ak pitit ou pou nou fè aktivite ki edifyan ansanm ? Aktivite tankou chante, fè jwèt, reyini ak zanmi, vizite bèl kote, se aktivite ki ankouraje dyalòg.

16. Ki sa paran yo dwe anseye pitit yo konsènan Jewova, e kòman yo ta dwe fè sa ?

16 Se pou w yon anseyan. Jewova te di : “ Ou dwe fè [pawòl sa yo] antre nan lespri pitit gason w. ” Kontèks la di ki sa pou w anseye e kòman pou w anseye l. Toudabò, “ ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou e ak tout fòs lavi w ”. (Detewonòm 6:5.) Ansuit, “ pawòl sa yo [...] ou dwe fè yo antre nan lespri ” pitit ou. Ba yo enstriksyon nan objektif pou w devlope lakay yo lanmou pou Jewova ak lanmou pou lwa l yo ak tout nanm yo (gade Ebre 8:10). Ekspresyon “ fè antre nan lespri ” a siyifi anseye grasa repetisyon. Konsa, Jewova di w pi bon mwayen pou w ede pitit ou devlope yon pèsonalite ki fè l plezi, se pale ak yo regilyèman de li. Sa gen ladan l fè yon etid biblik regilye ak yo.

17. Ki sa paran yo ka bezwen devlope lakay pitit yo ? Poukisa ?

17 Pifò paran konnen fè konesans sa a antre nan kè yon timoun se pa bagay ki fasil. Apot Pyè te bay kretyen parèy li yo egzòtasyon sa a : “ Menm jan ak timoun ki fèk fèt, se pou nou gen anvi pou lèt san melanj pawòl la. ” ​(1 Pyè 2:2). Ekspresyon “ gen anvi ” a lese konprann anpil moun pa natirèlman grangou pou nouriti espirityèl. Paran yo bezwen chèche fason pou yo devlope anvi sa a lakay pitit yo.

18. Site kèk metòd Jezi te itilize pou l anseye, paran yo ankouraje pou yo imite.

18 Jezi te touche kè moun lè li te itilize egzanp (Mak 13:34 ; Lik 10:29-37). Metòd sa a Jezi te itilize pou l anseye a bay bon rezilta sitou ak timoun. Anseye prensip biblik yo lè w sèvi ak istwa ki vivan, istwa ki enteresan, petèt istwa nou jwenn nan liv ki rele Liv istwa biblik mwen an *. Fè timoun yo patisipe. Eveye imajinasyon yo lè w mande yo fè desen sèn biblik oubyen jwe yo. Jezi te konn sèvi ak kesyon tou (Matye 17:24-27). Imite metòd sa a pandan w ap fè etid familyal la. Olye pou w jis site yon lwa Bondye, poze kesyon tankou : Poukisa Jewova ban nou lwa sa a ? Ki sa k ap rive si nou obeyi l ? Ki sa k ap rive si nou pa obeyi l ? Jan de kesyon sa yo ap ede yon timoun rezone e y ap ede l konprann lwa Bondye yo pratik e yo bon. — Detewonòm 10:13.

19. Si paran yo suiv prensip biblik yo nan relasyon yo ak pitit yo, ki gwo byenfè timoun yo ap jwenn ?

19 Si w yon egzanp, yon zanmi, yon moun ki konn kominike e yon anseyan, w ap anmezi pou w ede pitit ou kiltive yon relasyon pèsonèl sere ak Jewova Dye depi byen bonè. Relasyon sa a ap fè pitit ou santi l kontan dèske li se kretyen. L ap fè efò pou l viv ann amoni ak fwa li, menm lè l ap fè fas ak presyon timoun parèy li ap fè sou li ansanm ak tantasyon y ap mete devan l. Toujou ede l apresye relasyon presye sa a. — Pwovèb 27:11.

DISIPLIN SE YON BEZWEN VITAL

20. Ki sa disiplin ye, e kòman yo ta dwe bay li ?

20 Disiplin se yon enstriksyon ki korije ni panse ni kè. Timoun bezwen sa toutan. Pòl te konseye papa yo pou yo “ kontinye leve [pitit yo] nan disiplin ak nan avètisman Jewova ”. (Efezyen 6:4.) Paran yo dwe disipline timoun yo avèk amou, menm jan Jewova fè sa (Ebre 12:4-11). Yo ka ba yo disiplin ki fonde sou lanmou lè yo rezone avèk yo. Se sa k fè, Bib la di pou nou “ koute disiplin ”. (Pwovèb 8:33.) Kòman paran yo dwe bay disiplin ?

21. Ki prensip paran yo dwe sonje lè y ap disipline pitit yo ?

21 Gen kèk paran ki panse disipline pitit yo vle di annik pale ak yo sou yon ton menasan, raboure yo oubyen menm joure yo. Sepandan, sou sijè sa a, apot Pòl bay mizangad sa a : “ Nou menm papa, pa irite pitit nou yo. ” ​(Efezyen 6:4). Tout kretyen ankouraje pou yo ‘ janti ak tout moun, pou yo enstwi moun ki pa byen dispoze yo avèk dousè ’. (2 Timote 2:24, 25.) Toutpandan paran ki kretyen yo rekonèt yo bezwen fèm, yo fè efò pou yo sonje pawòl sa yo lè y ap disipline pitit yo. Toutfwa, gendelè, rezone avèk yo pa sifi, kèk fòm pinisyon ka nesesè. — Pwovèb 22:15.

22. Si li nesesè pou yo pini yon timoun, ki sa yo dwe ede l konprann ?

22 Timoun diferan mande disiplin diferan. Gen timoun ki “ pap kite senp pawòl korije ” yo. Pou timoun sa yo, pinisyon paran yo ba yo pafwa pou dezobeyisans yo fè kapab sove lavi yo (Pwovèb 17:10 ; 23:13, 14 ; 29:19). Toutfwa, timoun nan dwe konprann poukisa yo pini l. “ Baton ak reprimann, se sa ki bay sajès. ” ​(Pwovèb 29:15 ; Jòb 6:24). Anplis de sa, pinisyon gen limit. Jewova te di pèp li a : “ Fòk mwen pini w nan yon mezi ki apwopriye. ” ​(Jeremi 46:28b). Bib la pa apwouve ditou pou moun filange timoun ak kout fwèt oubyen pou yo bat yo avèk raj, sa ki ka fè mak sou kò timoun nan oubyen menm blese l. — Pwovèb 16:32.

23. Ki sa yon timoun ta dwe anmezi pou l disène lè paran l pini l ?

23 Lè Jewova te avèti pèp li a li t ap disipline l, toudabò li te di l : “ Ou pa bezwen pè [...], paske mwen avè w. ” ​(Jeremi 46:28a). Menm jan an tou, disiplin paran yo ap bay, kèlkeswa fòm ki apwopriye a, pa dwe janm kite timoun nan ak santiman yo rejte l (Kolosyen 3:21). Okontrè, timoun nan ta dwe santi paran l disipline l paske yo ‘ avè l ’, yo bò kote l.

PWOTEJE PITIT OU KONT DANJE

24, 25. Kont ki menas efreyan yo dwe pwoteje timoun yo jodi a ?

24 Anpil moun ki granmoun sonje epòk yo te timoun se te yon epòk yo te gen kè kontan. Yo sonje bonjan santiman sekirite yo te genyen, asirans yo te genyen paran yo ap pran swen yo nan tout sikonstans. Paran yo ta renmen pou pitit yo santi yo konsa tou, men, nan monn jodi a k ap deteryore a, li pi difisil pase lontan pou yo pwoteje timoun yo.

25 Yon menas efreyan ki vin kouran dènye ane sa yo, se agresyon seksyèl sou timoun. Nan peyi Malezi, selon rapò yo, sou dizan, ka kote yo fè agresyon seksyèl sou timoun ogmante kat fwa plis. Ann Almay, chak ane, gen anviwon 300 000 timoun ki viktim anba agresyon seksyèl, alòske nan yon peyi nan Amerik di Sid, dapre yon sondaj, kantite a bay kè kase, se 9 000 000 pa ane ! Sa k pi trajik, sèke pifò nan timoun sa yo se moun yo konnen, moun yo fè konfyans, ki fè agresyon seksyèl sou yo nan pwòp kay yo. Men, timoun yo ta dwe jwenn yon pwoteksyon solid nan men paran yo. Ki jan paran yo ka pwoteje yo ?

26. Site kèk fason timoun yo ka jwenn pwoteksyon, e ki jan konesans kapab pwoteje yo ?

26 Piske eksperyans montre timoun ki pa konn anpil bagay sou kesyon seksyèl se sitou yo menm ki pi an danje parapò ak moun k ap fè agresyon seksyèl sou timoun, youn nan prensipal metòd pou w pwoteje yon timoun se fè edikasyon l, menmsi li piti toujou. Konesans ka pwoteje l kont “ move chemen an ”, li ka pwoteje l kont “ moun k ap pale bagay ki pèvèti ”. (Pwovèb 2:10-12.) Ki konesans sa a ? Konesans sou prensip ki nan Bib la, sou sa ki byen ak sa ki mal moralman. Timoun yo dwe konnen tou gen granmoun k ap fè move bagay e yon timoun pa dwe obeyi yon moun ki mande l fè yon aksyon ki pa bon (gade Dànyèl 1:4, 8 ; 3:16-18). Se pa yon sèl fwa pou w pale ak yon timoun sou yon enstriksyon konsa. Pifò timoun bezwen pou yo repete yon enstriksyon plizyè fwa pou yo anvan pou yo byen sonje l. Toutpandan pitit fi yon papa ap grandi, avèk amou, li ta dwe respekte dwa timoun nan genyen pou l gen pwòp entimite l, e manman an ta dwe fè menm bagay la anvè pitit gason l, konsa y ap ranfòse konpreyansyon timoun nan genyen sou sa ki konvnab. E, natirèlman, youn nan pi bon pwoteksyon kont agresyon se bonjan siveyans ou menm paran ou bay.

CHÈCHE DIREKSYON BONDYE

27, 28. Kiyès ki pi gwo Sous èd pou paran yo lè y ap fè fas ak defi leve timoun reprezante a ?

27 Anfèt, enstwi yon timoun depi li toupiti se yon defi, men paran kwayan yo pap afwonte defi a poukont yo. Nan epòk jij yo, lè yon mesye ki te rele Manowa te aprann li t apral vin papa, li te mande Jewova pou l gide l nan edikasyon pitit la. Jewova te reponn priyè l. — Jij 13:8, 12, 24.

28 Menm jan an tou jodi a, pandan paran kwayan yo ap leve pitit yo, yo ka pale ak Jewova tou nan lapriyè. Lè yon moun paran se yon djòb ki difisil, men sa bay gwo benediksyon. Gen yon koup kretyen k ap viv Awayi ki di : “ Ou gen 12 an pou w fè travay ou anvan ane kritik adolesans yo rive. Men, si w fè tout sa w kapab pou w aplike prensip biblik yo, lè timoun yo pran desizyon pou yo sèvi Jewova ak tout kè yo se pral yon moman pou w rekòlte lajwa ak lapè. ” ​(Pwovèb 23:15, 16). Lè pitit ou pran desizyon sa a, ou menm tou w ap motive pou w di : “ Pitit gason [ak pitit fi] se yon eritaj Jewova bay. ”

^ § 18 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.