Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT KENZ

Onore paran nou yo ki aje

Onore paran nou yo ki aje

1. Ki redevans nou genyen anvè paran nou yo, e pou rezon sa a ki ta dwe santiman nou anvè yo e kòman nou ta dwe aji ak yo ?

“ KOUTE papa w ki fè w, e pa meprize manman w tou senpleman paske l vyeyi ”, se òm saj nan tan lontan an ki te bay konsèy sa a (Pwovèb 23:22). Petèt ou ka di : ‘ Mwen pap janm fè yon bagay konsa ! ’ Olye nou meprize manman nou oubyen papa nou, pifò nan nou gen yon lanmou pwofon pou yo. Nou rekonèt nou gen gwo redevans anvè yo. Avantou, paran nou yo ban nou lavi. Byenke se Jewova ki Sous lavi, san paran nou yo, nou tou senpleman pa t ap egziste. Pa gen anyen nou ka bay paran nou ki presye menm jan ak lavi. Alò, jis reflechi sou sakrifis, swen atantif, depans ak atansyon ki chaje lanmou sa mande pou ede yon timoun depi l tibebe jis li rive nan laj majè. Se sa k fè, se pa ti rezonab sa rezonab pou Pawòl Bondye a ban nou konsèy sa a : “ Onore papa w ak manman w [...] : Pou sa ka ale byen pou ou e pou w ka rete lontan sou tè a. ” — Efezyen 6:2, 3.

REKONÈT YO BEZWEN AFEKSYON

2. Kòman timoun ki vin gran yo ka bay paran yo “ konpansasyon pou sa yo dwe yo ” ?

2 Men sa apot Pòl te ekri kretyen yo : “ Se pou [pitit oubyen pitit pitit yo] aprann pratike atachman pou Bondye avèk pwòp moun lakay yo anvan. Epitou se pou yo kontinye bay paran yo ak gran paran yo yon konpansasyon pou sa yo dwe yo, paske se bagay ki agreyab nan je Bondye. ” ​(1 Timote 5:4). Timoun ki vin gran yo bay paran yo ak gran paran yo “ konpansasyon pou sa yo dwe yo ”, lè yo montre rekonesans yo pou kantite ane yo te pase ap temwaye yo lanmou, y ap pran swen yo, e y ap travay pou yo. Yon fason timoun yo ka fè sa, se lè yo pran konsyans, menm jan ak tout moun, moun ki aje yo bezwen lanmou e yo bezwen yo reba yo konfyans. Byen souvan se pa ti swaf yo swaf sa. Menm jan ak nou tout, yo bezwen santi yo gen valè. Yo bezwen santi yo itil nan lavi yo.

3. Kòman nou ka onore paran nou ak gran paran nou ?

3 Kidonk, nou kapab onore paran nou ak gran paran nou lè nou fè yo konnen nou renmen yo (1 Korentyen 16:14). Si paran nou pap viv ansanm ak nou, nou dwe sonje, lè yo pran nouvèl nou sa gen anpil enpòtans pou yo. Yon ti lèt janti, yon kout fil, oubyen yon vizit, ka fè yo plezi anpil. Men sa Miyo, k ap viv nan peyi Japon, te ekri lè li te gen 82 an : “ Pitit fi m nan [ki gen mari l siveyan itineran] di m : ‘ Manman, silvouplè “ vwayaje ” avèk nou ’. Li voye pwogram kote y ap ye chak semèn ak tout nimewo telefòn. Konsa, mwen ka ouvri kat mwen e m di : ‘ Aha, kounye a yo la a ! ’ Mwen toujou di Jewova mèsi pou benediksyon m genyen dèske m gen yon pitit fi konsa. ”

SOUTNI YO NAN DOMÈN MATERYÈL

4. Ki jan tradisyon relijye juif yo te pouse moun yo fè kè di ak paran yo ki aje ?

4 Èske onore paran ka gen ladan l tou sousye de yo nan domèn materyèl ? Wi. Souvan se sa sa vle di. Nan epòk Jezi a, chèf relijye juif yo t ap defann tradisyon ki fè kwè si yon moun deklare lajan li oubyen pwopriyete l genyen se “ yon kado ki vwe bay Bondye ”, li libere anba responsablite li genyen pou l sèvi ak li pou l pran swen paran l (Matye 15:3-6). Ala kè yo te di ! An reyalite, chèf relijye sa yo t ap ankouraje moun yo pou yo pa onore paran yo, men, pou yo trete yo avèk mepri lè yo refize ba yo sa yo gen bezwen, yon fason egoyis. Pinga nou janm fè yon bagay konsa ! — Detewonòm 27:16.

5. Malgre dispozisyon gouvènman nan kèk peyi pran, poukisa onore paran pafwa gen ladan l ba yo èd materyèl ?

5 Nan anpil peyi jodi a, gen pwogram èd sosyal gouvènman yo met sou pye pou konble kèk bezwen materyèl moun ki aje yo genyen, tankou yo ba yo manje, rad ak kote pou yo rete. Akote de sa, moun ki aje yo menm ka te mete kèk rezèv sou kote pou lè yo granmoun. Men, si rezèv sa yo fini oubyen si yo pa ase, timoun yo ap onore paran yo lè yo fè sa yo kapab pou yo konble bezwen paran yo. Anfèt, lè yon moun pran swen paran l ki aje se yon prèv ki montre li gen atachman pou Jewova Dye, li menm ki pran dispozisyon pou gen fanmi.

LANMOU AK ABNEGASYON

6. Ki aranjman kèk moun fè nan domèn lojman dekwa pou yo pran swen paran yo ?

6 Anpil timoun ki vin gran konble bezwen paran yo ki pa viv sante, avèk amou e avèk abnegasyon. Gen kèk ki pran paran yo lakay yo oubyen yo demenaje al ret toupre yo. Gen lòt ki demenaje y al rete lakay paran yo. Souvan, aranjman konsa se yon benediksyon ni pou paran ni pou pitit.

7. Poukisa li bon pou yon moun pa aji twò vit lè l ap pran desizyon ki konsène paran l ki aje ?

7 Sepandan, dèfwa, jan de demenajman sa yo konn vire mal. Poukisa ? Petèt, paske desizyon an te pran twò vit oubyen li te baze sèlman sou emosyon. Bib la bay konsèy saj sa a : “ Moun ki entèlijan an veye kote l ap met pye l. ” ​(Pwovèb 14:15). Pa egzanp, sipozon manman w ki aje gen pwoblèm pou l viv poukont li e ou panse li t ap pi bon pou l vin abite ansanm ak ou. Si w konsidere kote w ap met pye w an moun ki entèlijan, w ap reflechi sou kesyon sa yo : Ki bezwen reyèl li genyen ? Èske gen òganizasyon prive oubyen òganizasyon leta sibvansyone ki ofri yon solisyon akseptab ? Èske li vle demenaje ? Si se wi, kòman sa ap afekte lavi l ? Èske l ap oblije kite zanmi l yo dèyè ? Ki efè sa ap fè sou li nan domèn afektif ? Èske w pale de bagay sa yo avè l ? Kòman demenajman sa a ka afekte ni ou menm, ni konjwen w, ni pitit ou ? Si manman w bezwen swen, kiyès ki pral ba li l ? Èske gen mwayen pou w pataje responsablite a ? Èske w pale de sijè a ak tout moun ki konsène dirèkteman nan kesyon an ?

8. Ki moun petèt ou kapab kontakte anvan w pran desizyon sou fason pou w ede paran w ki aje ?

8 Piske responsablite pou pran swen paran aje yo repoze sou do tout timoun ki nan fanmi an, l ap saj pou w fè yon reyinyon familyal dekwa pou tout moun ka patisipe nan desizyon k ap pran an. Pale ak ansyen nan kongregasyon an oubyen pale ak zanmi k ap fè fas ak menm sitiyasyon an kapab itil tou. Bib la di : “ Pwojè yo echwe kote ki pa gen konvèsasyon konfidansyèl, men nan anpil konseye gen reyalizasyon. ” — Pwovèb 15:22.

METE NOU NAN PLAS YO EPI KONPRANN YO

9, 10. a) Ki konsiderasyon nou dwe bay moun ki aje yo ? b) Kèlkeswa dispozisyon yon pitit ki vin gran pran an favè paran l, ki sa li dwe toujou ba yo ?

9 Onore paran nou yo ki aje mande pou nou mete nou nan plas yo epi pou nou konprann yo. Etandone ane k ap pase yo gen efè sou sante moun ki aje yo, chak jou li ka vin pi difisil pou yo mache, pou yo manje e pou yo sonje. Yo ka bezwen èd. Timoun yo konn tèlman vle pwoteje paran yo depase mezi, yo konn eseye dirije yo. Men, moun ki aje yo se granmoun ki chaje ak sajès ak eksperyans yo ranmase tout yon vi kote yo t ap pran swen tèt yo, e yo te konn pran pwòp desizyon yo. Idantite yo ak diyite yo santre petèt sou wòl yo jwe antanke paran e antanke moun responsab. Paran ki santi yo oblije lage kontwòl lavi yo nan men pitit yo ka vin gen lapenn oubyen yo ka vin irite. Gen kèk ki vin egri e ki fè rezistans devan sa yo konsidere kòm tantativ pou retire endepandans yo nan men yo.

10 Pa gen okenn solisyon mirak pou pwoblèm konsa, men se demontre bonte lè w kite paran w ki aje pran swen tèt yo e ou kite yo pran desizyon yo otank posib. Li saj pou w pa pran desizyon sou sa k ap pi bon pou yo san w pa pale ak yo dabò. Petèt, yo pèdi anpil deja akoz laj. Pèmèt yo konsève ti sa yo rete ankò a. W ap remake sa, mwens ou eseye kontwole lavi paran w yo, relasyon w avèk yo ap vin pi bon. Y ap pi kontan, e ou menm tou w ap pi kontan. Menmsi sa nesesè pou w ensiste sou yon seri de bagay pou byen paran w yo, onore yo mande pou w trete yo ak diyite e ak respè yo merite. Pawòl Bondye a ban nou konsèy sa a : “ Ou dwe leve kanpe devan cheve gri, e ou dwe montre konsiderasyon pou moun ki aje. ” — Levitik 19:32.

TOUJOU GEN YON BON PWENNVI

11-13. Si yon timoun ki vin gran pa t gen bon relasyon ak paran l oparavan, kòman li ka toujou pran swen yo nan granmoun menmsi sa difisil ?

11 Yon pwoblèm timoun ki vin gran yo konn rankontre lè pou yo onore paran yo ki aje gen rapò ak kalite relasyon yo te genyen ak paran yo oparavan. Petèt, papa w se yon moun ki te frèt ak moun, yon moun ki te manke lanmou, manman w te yon moun ki renmen domine, yon moun ki di. Ou ka santi w desi, ou irite, oubyen ou gen lapenn paske yo pa t jan de paran ou ta renmen pou yo ye a. Èske w ka venk jan de santiman sa yo * ?

12 Men sa Basse, ki te leve nan peyi Finlann, rakonte : “ Bòpè m te ofisye S.S. ann Almay nazi. Li te pèdi metriz fasil, e nan moman sa yo li te yon danje. Plizyè fwa li te bat manman m devan de je m. Yon jou, li te an kòlè kont mwen, li pran sentiwon l e li frape m ak bouk la nan figi. Sa te tèlman frape m fò, mwen te tonbe sou kabann nan. ”

13 Toutfwa, te gen yon lòt fasèt nan pèsonalite l. Basse ajoute : “ Yon lòt bò, li te travay di anpil e li pa t menaje tèt li pou l pran swen fanmi an materyèlman. Li pa t janm demontre lanmou pou mwen tankou yon papa, men mwen konnen se yon moun ki make nan domèn afektif. Manman l te mete l deyò lè l te timoun. Li te grandi nan voye kout pwen, e li te patisipe nan lagè pandan li te jèn gason. Mwen te eseye konprann li e mwen pa t repwoche l. Lè m te vin gran, mwen te deside ede l otan m kapab jiskaske l mouri. Sa pa t fasil, men m te fè sa m kapab. Mwen te fè efò pou m yon bon pitit gason jiska lafen, e mwen panse se konsa li te konsidere m. ”

14. Ki vèsè biblik ki aplikab nan tout sitiyasyon, san wete sitiyasyon kote moun ap pran swen paran ki aje ?

14 Ni nan lavi familyal, ni nan lòt sitiyasyon ankò, konsèy biblik sa a aplikab : “ Abiye nou avèk tandrès, afeksyon, konpasyon ansanm ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt san grate tèt, si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova padone nou san grate tèt, nou menm tou fè menm jan an. ” — Kolosyen 3:12, 13.

MOUN K AP PRAN SWEN MALAD LA BEZWEN ATANSYON TOU

15. Poukisa pran swen paran aje yo se yon bagay ki konn bay anpil lapenn ?

15 Pran swen yon paran ki pa viv sante se bagay ki egzije anpil efò, sa mande anpil travay, anpil tan, e se yon gwo responsablite. Men byen souvan, pi gwo difikilte a se nan domèn afektif. Sa bay anpil lapenn pou w wè paran w pèdi sante l, memwa l ak endepandans li. Men sa Sandy ki moun Pòtoriko rakonte : “ Se manman m ki te poto mitan fanmi an. Sa te fè m mal anpil pou m wè jan l ap soufri lè m ap pran swen l. Toudabò li te kòmanse bwete, ansuit li te bezwen yon baton, apre sa li vin bezwen yon wòkè, e annapre yon chèz woulant. Finalman, li vin pi mal jiskaske l mouri. Li te gen kansè nan zo e li te toujou bezwen swen lajounen kou lannuit. Nou te konn benyen l, nou ba l manje e nou fè lekti pou li. Sa te trè difisil, sitou nan domèn afektif. Lè m vin rann mwen kont manman m pral mouri, mwen te kriye paske mwen te renmen l anpil. ”

16, 17. Ki konsèy ki ka ede yon moun k ap pran swen yon moun malad pou l toujou gen yon pwennvi ekilibre sou bagay yo ?

16 Si ou ta twouve w nan yon sitiyasyon konsa, ki sa w ka fè pou fè fas avè l ? Koute Jewova lè w li Labib epi pale ak li nan lapriyè, sa ap ede w anpil (Filipyen 4:6, 7). Nan yon fason pratik, asire w ou manje nouriti ki ekilibre, fè efò pou w dòmi ase. Si w fè sa, w ap nan pi bon kondisyon, ni nan domèn fizik ni nan domèn afektif, pou w pran swen moun ou renmen an. Petèt, ou ka fè aranjman tanzantan pou w chanje woutin. Menmsi li pa posib pou w pran vakans, li toujou saj pou w pwograme kèk moman pou w detann ou. Pou w jwenn tan pou sa, ou kapab fè aranjman pou yon lòt moun rete ak paran ki malad la pou ou.

17 Li pa ra pou moun k ap pran swen moun malad atann bagay ki pa rezonab de tèt yo. Men, pa santi w koupab pou bagay ou pa ka fè. Nan kèk ka, ou ka oblije konfye moun ou renmen an bay yon mezon retrèt. Si w ap pran swen yon moun malad, egzije tèt ou bagay ki rezonab. Ou dwe fè ekilib ant bezwen paran w ki aje yo ak bezwen pitit ou, bezwen konjwen w ak bezwen pa w.

PISANS KI DEPASE SA KI NÒMAL LA

18, 19. Ki sipò Jewova pwomèt l ap bay, e ki eksperyans ki montre li kenbe pwomès sa a ?

18 Pa mwayen Pawòl Jewova a, Labib, avèk amou, Jewova bay moun k ap pran swen paran yo ki aje konsèy ki ka ede yo anpil, men, se pa èd sa a sèlman li bay. Men sa yon salmis enspire te ekri : “ Jewova pre tout moun ki envoke li [...]. L ap tande rèl yo fè pou mande l sekou, e l ap delivre yo. ” Jewova ap delivre moun ki fidèl yo, oubyen l ap prezève yo, menm nan sitiyasyon ki pi difisil. — Sòm 145:18, 19.

19 Se sa Myrna, k ap viv nan peyi Filipin, te konstate lè li t ap pran swen manman l ki te paralize apre li fin fè yon stwok. Myrna ekri : “ Pa gen anyen ki bay plis lapenn pase lè w ap gade moun ou renmen an k ap soufri epi li pa ka di w ki kote k ap fè l mal. Se tankou mwen t ap gade l k ap nwaye tikras pa tikras epi m pa ka fè anyen. Se pa ni youn ni de fwa, mwen te mete ajenou e m te pale ak Jewova pou m di l jan m te fatige. Mwen te kriye tankou David, ki te sipliye Jewova pou l mete dlo nan je l yo nan bidon an po li genyen an e pou L sonje l [Sòm 56:8]. E jan Jewova te pwomèt sa, li te ban mwen fòs mwen te bezwen an. ‘ Jewova te vin tankou yon sipò pou mwen. ’” — Sòm 18:18.

20. Ki pwomès biblik ki ede moun k ap pran swen malad yo pou yo rete optimis, menmsi moun y ap okipe a ta mouri ?

20 Yo di pran swen paran ki aje se yon “ istwa ki pa bay kè kontan nan fen li ”. Malgre tout efò moun k ap pran swen moun ki aje a fè, granmoun nan ka mouri, tankou sa te rive manman Myrna. Men moun ki kwè nan Jewova konnen lanmò pa fen istwa a. Apot Pòl di : “ Mwen gen espwa nan Bondye [...] pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” ​(Travay 24:15). Moun ki pèdi paran yo ki aje jwenn rekonfò nan esperans rezirèksyon an ak nan pwomès monn nouvo mayifik Bondye pral fè a, kote “ lanmò pap la ankò ”. — Revelasyon 21:4.

21. Ki bon rezilta moun jwenn lè yo onore paran yo ki aje ?

21 Sèvitè Bondye yo gen gwo respè pou paran yo, menmsi yo vin granmoun (Pwovèb 23:22-24). Yo onore yo. Konsa, yo viv sa pwovèb enspire sa a di a : “ Papa w ak manman w ap rejwi, e manman w ki te fè w la ap gen lajwa. ” ​(Pwovèb 23:25). E sa ki pi enpòtan, sèke moun ki onore paran yo ki aje fè Jewova Dye plezi e yo onore l tou.

^ § 11 Nou pap pale la a de sitiyasyon kote paran yo te koupab paske yo te sèvi ak pouvwa yo pou yo fè timoun yo abi ki grav, e yo te abize konfyans yo alekstrèm, sa moun ka konsidere kòm yon zak kriminèl.