Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT KATÒZ

Vyeyi ansanm

Vyeyi ansanm

1, 2. a) Ki chanjman ki fèt lakay nou pandan vyeyès la ap pwoche ? b) Kòman moun ki te gen atachman pou Bondye nan tan biblik yo te jwenn satisfaksyon nan vyeyès yo ?

GEN anpil chanjman ki fèt lakay nou pandan n ap vyeyi. Fizikman n ap pèdi fòs. Yon koudèy nan yon glas montre nou nouvo rid e tikras pa tikras, cheve nou ap vin blan, yo menm kòmanse tonbe. Nou ka gen kèk twoub memwa. Nou vin devlope nouvo relasyon lè timoun nou yo marye e n ap fè menm bagay la ankò lè pitit pitit nou yo fèt. Kèk moun oblije chanje fason yo t ap viv, akoz retrèt yo pran nan travay pwofàn yo.

2 Anfèt, lè moun ap pran laj sa ka penib (Eklezyas 12:1-8). Men, ann pran egzanp sèvitè Bondye nan tan biblik yo. Se vre, finalman yo te mouri, men, sajès ak klèvwayans yo te genyen te pote gwo satisfaksyon pou yo nan vyeyès yo (Jenèz 25:8 ; 35:29 ; Jòb 12:12 ; 42:17). Kòman yo te fè rive konsève jwa yo pandan y ap vyeyi ? Sètènman se paske yo te viv ann amoni ak prensip nou jwenn jodi a nan Bib la. — Sòm 119:105 ; 2 Timote 3:16, 17.

3. Ki konsèy Pòl te bay pou granmoun gason ak granmoun fi ?

3 Nan lèt apot Pòl te voye bay Tit la, li te bay bonjan konsèy pou moun ki t ap pran laj yo. Li te ekri : “ Se pou granmoun gason yo modere nan abitid yo, pou yo serye, pou yo gen bonsans, pou yo solid nan lafwa, nan lanmou ak nan andirans. Menm jan an tou, se pou granmoun fi yo gen yon konduit ki montre yo gen gwo respè pou Bondye, pou yo pa ni medizan, ni esklav anpil diven, pou yo se moun k ap anseye sa ki byen. ” ​(Tit 2:2, 3). Si w prete atansyon ak pawòl sa yo, sa ka ede w fè fas ak difikilte ki gen nan vyeyès la.

LÈ PITIT OU YO VIN GRAN E YO LAKAY PA YO, ADAPTE W AK SA

4, 5. Kòman anpil paran reyaji lè pitit yo kite kay la, e kòman kèk nan yo adapte yo ak nouvo sitiyasyon an ?

4 Tout chanjman wòl mande souplès. Sa sitou vrè, lè pitit ou yo vin gran, yo marye e yo kite kay la ! Se premye bagay ki fè anpil paran sonje y ap vyeyi. Malgre paran yo kontan pitit yo vin gran, souvan yo enkyè, y ap mande si yo te fè tout sa yo kapab pou yo prepare timoun yo pou yo vin endepandan. E yo ka santi yo tris paske timoun yo pa la nan kay la.

5 Nou ka konprann sa, paran yo kontinye enkyete pou byennèt pitit yo, menm apre yo fin kite kay la. Gen yon manman ki di : “ Si sèlman mwen te ka resevwa nouvèl yo souvan, pou m sèten yo byen, sa t ap fè m kontan. ” Yon papa di : “ Lè pitit fi nou an te kite kay la, se te yon moman trè difisil. Sa te kite yon gwo vid nan fanmi nou paske nou te toujou fè tout bagay ansanm. ” Kòman paran sa yo te rive sipòte absans pitit yo ? Nan anpil ka, se lè yo enterese nan lòt moun e yo ede yo.

6. Ki sa k ap ede paran yo toujou gen yon bon pwennvi sou relasyon familyal yo ?

6 Lè timoun yo marye, wòl paran yo chanje. Jenèz 2:24 di : “ Yon gason ap kite papa l ak manman l, e li dwe atache ak madanm li e yo dwe vin yon sèl chè. ” Yon bon konpreyansyon sou prensip otorite Bondye etabli a ansanm ak bon lòd ap ede paran yo toujou gen yon bon pwennvi sou bagay yo. — 1 Korentyen 11:3 ; 14:33, 40.

7. Ki bèl atitid yon papa te kiltive lè pitit fi l yo te marye e yo te kite kay la ?

7 Apre yon koup te fin gen de pitit fi yo ki marye e ki kite kay la, yo te santi yon vid nan lavi yo. Okòmansman mari a te egri kont bofis li yo. Men kòm li te reflechi sou prensip otorite a, li te rann li kont kounye a se mari pitit fi l yo ki responsab fanmi yo fonde a. Konsa, lè pitit fi l yo vin mande l konsèy, li mande yo ki sa mari yo panse, e ansuit li fè tout posib li pou l soutni pwennvi mari yo. Kounye a, bofis li yo konsidere l kòm yon zanmi e yo aksepte konsèy li.

8, 9. Kòman kèk paran adapte yo ak sitiyasyon kote pitit yo vin gran e yo lakay pa yo ?

8 Bon, e si nouvo marye yo, toutpandan yo pa fè anyen ki kontrè ak Ekriti yo, yo pa fè sa paran yo panse ki pi bon an ? Yon koup ki gen pitit yo marye esplike : “ Nou toujou ede yo wè bagay yo jan Jewova wè yo, men, si nou pa dakò ak yon desizyon yo pran, nou aksepte sa e nou ba yo sipò nou ak ankourajman nou. ”

9 Nan sèten peyi ann Azi, gen kèk manman ki twouve li vrèman difisil pou yo admèt pitit gason yo granmoun lakay yo. Sepandan, si manman sa yo respekte lòd teyokratik ansanm ak prensip otorite a, y ap remake konfli ak bèlfi yo vin diminye. Gen yon kretyèn ki te twouve kite pitit gason l yo kite fanmi an sa te fè l vin gen yon “ rekonesans ki pa janm sispann ogmante ”. Li kontan wè avèk ki abilite y ap dirije nouvo kay yo. Anretou, sa soulaje li menm ak mari l ni fizikman ni mantalman pandan y ap vyeyi.

RANFÒSE LYEN MARYAJ NOU

10, 11. Site kèk konsèy Ekriti yo bay k ap ede moun evite kèk nan pyèj ki genyen lè moun andezaj.

10 Moun yo reyaji divès fason lè yo andezaj. Gen gason ki abiye lòt jan pou yo ka parèt pi jèn. Anpil fi enkyè pou chanjman ki mache ak menopoz. Malerezman, gen kèk moun andezaj ki fè konjwen yo egri e ki pwovoke jalouzi lakay yo, paske yo tonbe flète ak moun lòt sèks ki pi jèn. Sepandan, granmoun gason ki gen atachman pou Bondye “ gen bonsans ”, yo frennen tout move dezi yo gen lakay yo (1 Pyè 4:7). Menm jan an tou, medam ki aje yo fè efò pou maryaj yo rete stab, paske yo renmen mari yo e yo gen dezi pou yo fè Jewova plezi.

11 Anba enspirasyon Bondye, wa Lemouwèl te fè elòj pou “ madanm kapab ” la ki te rekonpanse mari l “ ak sa ki byen, e non ak sa ki mal, tout jou nan lavi l ”. Yon mari kretyen pap manke pa apresye efò madanm li fè pou l fè fas ak kèlkeswa moman dekourajman li rankontre pandan ane tranzisyon yo. Lanmou mari a gen pou madanm li ap pouse l fè ‘ elòj pou li ’. — Pwovèb 31:10, 12, 28.

12. Kòman de moun marye yo ka vin pi pwòch youn ak lòt ofiramezi ane ap pase ?

12 Pandan ane nou te okipe nou t ap leve timoun yo, nou toule de te kontan mete dezi pèsonèl nou akote pou nou konble bezwen pitit nou yo. Apre yo fin ale, se moman pou nou konsantre nou ankò sou lavi pa nou antanke moun marye. Gen yon mari ki di : “ Lè pitit fi m yo te kite kay la, mwen te rekòmanse koutize madanm mwen ankò. ” Gen yon lòt mari ki di : “ Youn voye je sou sante lòt, youn fè lòt sonje nou bezwen fè egzèsis. ” Pou yo pa santi yo sèl, madanm li avè l montre ospitalite anvè lòt manm kongregasyon an. Wi, lè nou montre nou enterese nan lòt moun, sa pote byenfè. Anplis de sa, sa fè Jewova plezi. — Filipyen 2:4 ; Ebre 13:2, 16.

13. Ki wòl franchiz ak onètete jwe toutpandan de moun marye yo ap vyeyi ansanm ?

13 Nan domèn kominikasyon, pa kite yon vid devlope ant ou menm ak konjwen w. Se pou nou pale ansanm avèk franchiz (Pwovèb 17:27). Gen yon mari ki fè remak sa a : “ Nou aprann konnen nou youn lòt pi byen lè nou montre afeksyon ak konsiderasyon youn pou lòt. ” Men sa madanm li ajoute : “ Ofiramezi n ap vyeyi, nou vin renmen bwè ti te nou ansanm, nou pale e nou kowopere youn ak lòt. ” Franchiz ou ak onètete w kapab kontribye pou fè relasyon nou nan maryaj la vin pi sere, y ap ba li rezistans pou l stope atak Satan yo, li menm k ap mache kraze maryaj.

APRESYE PITIT PITIT OU YO

14. Ki wòl evidan grann Timote te jwe nan pwogrè Timote pou l vin yon kretyen ?

14 Pitit pitit se “ kouwòn ” moun ki aje yo (Pwovèb 17:6). Konpayi yo kapab vrèman agreyab, amizan e rafrechisan. Bib la pale an byen de Loyis, yon grann (ansanm ak pitit fi l Enis) ki te pataje kwayans li ak pitit pitit li, Timote. Jèn gason sa a te grandi, li te konnen manman l ak grann li te bay verite ki nan Bib la anpil enpòtans. — 2 Timote 1:5 ; 3:14, 15.

15. Anrapò ak pitit pitit, ki wòl trèzenpòtan gran paran yo ka jwe, men ki sa yo ta dwe evite ?

15 Se yon domèn kote gran paran yo ka jwe yon wòl trèzenpòtan. Gran paran, ou deja pataje konesans ou sou objektif Jewova yo ak pitit ou. Kounye a ou ka fè menm bagay la pou yon lòt jenerasyon ! Anpil timoun kontan tande gran paran yo k ap rakonte yo istwa biblik yo. Natirèlman, ou pap pran plas papa a ki gen responsablite pou l fè verite ki nan Bib la antre nan lespri pitit li yo (Detewonòm 6:7). Olye de sa, w ap konplete fòmasyon sa a. Menm jan ak salmis la ou ka fè priyè sa a : “ Menm jiskaske m vyeyi e cheve m gri, o Bondye, pa kite m, jiskaske m pale ak jenerasyon an konsènan bra w, ak tout moun ki gen pou vini yo konsènan pisans ou. ” — Sòm 71:18 ; 78:5, 6.

16. Kòman gran paran yo ka evite pou se pa yo menm ki lakòz kont nan fanmi an ?

16 Malerezman, gen kèk gran paran ki tèlman gate pitit pitit yo, sa konn fè gen kont ant gran paran ak pitit yo ki vin gran. Toutfwa, li ka rive bonte sensè ou demontre fè li fasil pou pitit pitit ou yo vin rakonte w sekrè yo, lè yo pa santi yo alèz pou yo revele paran yo bagay sa yo. Pafwa, timoun yo gen espwa gran paran yo ki yon jan toleran ap pran pozisyon pou yo kont paran yo. Ki sa pou w fè nan ka sa a ? Aji avèk sajès e ankouraje pitit pitit ou yo pou yo fran ak paran yo. Ou ka esplike yo sa fè Jewova plezi (Efezyen 6:1-3). Si sa nesesè, ou ka pote w volontè pou w fasilite yo abòde paran yo, lè ou menm ou pale ak paran yo dabò. Se pou w pale franchman ak pitit pitit ou konsènan sa ou menm ou aprann avèk letan. Onètete w ak franchiz ou ka pwofitab pou yo.

ADAPTE W OFIRAMEZI W AP PRAN LAJ

17. Ki detèminasyon yon salmis te genyen kretyen aje yo ta dwe imite ?

17 Ofiramezi ane ap pase, w ap vin rann ou kont ou pa ka fè tout bagay ou te konn fè oubyen tout bagay ou vle fè. Kòman yon moun ka aprann aksepte vyeyès la ? Nan lespri w ou ka panse ou gen 30 an, men yon koudèy nan yon glas montre yon lòt reyalite. Pa dekouraje. Yon salmis te sipliye Jewova konsa : “ Pa voye m jete nan peryòd vyeyès mwen. Lè fòs mwen ap bese, pa kite m. ” Pran rezolisyon pou w imite detèminasyon salmis lan. Li di : “ M ap toujou tann, e m ap ajoute sou tout louwanj ou. ” — Sòm 71:9, 14.

18. Kòman yon kretyen ki gen matirite ka byen sèvi ak retrèt li ?

18 Anpil moun prepare yo alavans pou yo louwe Jewova plis apre yo fin pran retrèt nan travay pwofàn yo. Yon papa ki retrete kounye a di : “ Mwen te planifye alavans sa mwen t ap fè lè pitit fi nou an kite lekòl. Mwen te deside mwen t ap rantre nan sèvis aplentan, e mwen te vann biznis mwen an dekwa pou m ka lib pou m sèvi Jewova pi konplètman. Mwen te priye pou Bondye ban m direksyon. ” Si ou toupre laj retrèt, w ap jwenn rekonfò nan deklarasyon sa a gran Kreyatè nou an fè : “ Jis nan vyeyès yon moun, mwen rete menm Moun nan, e jiskaske cheve yon moun gri, mwen menm m ap kontinye bay sipò m. ” — Izayi 46:4.

19. Ki konsèy yo bay moun k ap pran laj yo ?

19 Li ka pa fasil pou w adapte w ak retrèt apre w fin kite travay pwofàn ou. Apot Pòl te konseye granmoun gason yo pou yo “ modere nan abitid yo ”. Sa mande metriz, sa mande pou yo pa sede devan tantasyon pou yo chèche mennen yon vi fasil. Lè moun retrete, yo ka gen plis nesesite pou yo òganize yo e pou yo disipline tèt yo pase anvan. Kidonk, se pou nou okipe, se pou nou “ toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a, paske anrapò ak Seyè a nou konnen nou pap travay anven ”. (1 Korentyen 15:58.) Elaji aktivite w pou w ede lòt moun (2 Korentyen 6:13). Se sa anpil kretyen fè lè yo preche bon nouvèl la avèk zèl nan yon rit ki apwopriye pou yo. Ofiramezi w ap pran laj, se pou w “ solid nan lafwa, nan lanmou ak nan andirans ”. — Tit 2:2.

AFWONTE LANMÒ KONJWEN W

20, 21. a) Nan sistèm de choz sa a, ki sa finalman k ap oblije separe de moun marye ? b) Ki bèl egzanp Àn bay konjwen ki andèy yo ?

20 Sa tris, men se yon reyalite, nan sistèm de choz sa a, yon jou lanmò gen pou l separe de moun marye. Konjwen kretyen ki andèy yo konnen moun yo renmen yo ap dòmi, e yo sèten y ap wè yo ankò (Jan 11:11, 25). Men, yon pèt konsa toujou pote gwo chagren. Ki sa moun ki rete a ka fè pou l fè fas ak sitiyasyon an * ?

21 Si nou sonje sa yon sèten pèsonaj biblik te fè sa kapab ede nou. Àn te vèv sèlman setan apre maryaj li, e nan moman y ap pale de li a, li te gen 84 an. Nou ka sèten, li te gen gwo chagren lè l te pèdi mari l. Kòman li te rive fè fas ak sa ? Li te bay Jewova Dye yon sèvis sakre nan tanp lan lajounen kou lannuit (Lik 2:36-38). Lefètke Àn te ranpli lavi l ak sèvis sakre li t ap bay la, sandout, sa te yon gwo èd pou li kont chagren e kont solitid li te santi antanke vèv.

22. Kòman kèk vèv ak vèf rive venk solitid ?

22 Men sa yon dam aje ki gen 72 an e ki vèv depi dizan esplike : “ Pi gwo pwoblèm mwen se lefètke m pa gen pyès moun pou m pale. Mari m te yon moun ki te konn koute moun byen. Nou te konn pale de kongregasyon an ansanm ak aktivite nou nan ministè kretyen an. ” Gen yon lòt vèv ki di : “ Byenke tan geri blesi, men, mwen twouve li pi egzak pou m di se sa yon moun fè ak tan l ki kontribye pou ede l geri pito. Ou nan pi bon pozisyon pou w ede lòt moun. ” Yon vèf ki gen 67 an gen menm opinyon an tou, li di : “ Pi bon fason pou w lite kont chagren se ofri tèt ou pou w konsole lòt moun. ”

BONDYE BAY MOUN KI NAN VYEYÈS YO ANPIL VALÈ

23, 24. Ki gwo rekonfò Bib la bay moun ki aje yo, sitou sa ki pèdi konjwen yo ?

23 Menmsi lanmò pote konjwen nou renmen an ale, Jewova toujou rete fidèl, avèk li pa janm gen dout. Nan vyeyès wa David, li te chante : “ Yon bagay mwen mande Jewova — se sa mwen pral chèche : Se pou m abite nan mezon Jewova a tout jou nan lavi m, pou m kontanple cham Jewova e pou m gade tanp li an avèk admirasyon. ” — Sòm 27:4.

24 Apot Pòl òdone nou pou nou “ onore vèv yo sa ki vrèman vèv yo ”. (1 Timote 5:3.) Konsèy ki vini apre enstriksyon sa a montre vèv ki pa gen fanmi pwòch ka bezwen èd materyèl nan men kongregasyon an. Toutfwa, sans enstriksyon sa a, ki mande pou nou “ onore ” a, gen ladan l tou bay vèv yo anpil valè. Se pa ti rekonfò vèv ak vèf ki gen atachman pou Bondye yo ka jwenn lefètke yo konnen Jewova ba yo anpil valè e l ap soutni yo ! — Jak 1:27.

25. Ki pèspektiv ki toujou la devan moun ki aje yo ?

25 Pawòl enspire Bondye a deklare : “ Sa ki fè bote estrawòdinè granmoun yo se cheve gri yo. ” Yo se “ yon kouwòn bote lè yo twouve yo nan chemen jistis ”. (Pwovèb 16:31 ; 20:29.) Kidonk, kit ou marye, kit ou tounen selibatè ankò, kontinye bay sèvis Jewova premye plas nan lavi w. Konsa, w ap gen yon bon repitasyon devan Bondye depi kounye a e w ap gen pèspektiv pou w viv etènèlman nan yon monn kote doulè ak vyeyès pap la ankò. — Sòm 37:3-5 ; Izayi 65:20.

^ § 20 Pou plis detay sou sijè sa a, gade bwochi Quand la mort frappe un être aimé, se Temwen Jewova ki pibliye l.