Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ak kouraj, ann kontinye vanse

Ak kouraj, ann kontinye vanse

Kantik 26 (56)

Ak kouraj, ann kontinye vanse

(1 Timote 1:12)

1. Nou menm Temwen ki fidèl, ki entèg,

Nou pap ni pè, ni fremi.

Men n ap preche pawòl la ak anpil kran,

N ap di Wayòm nan tabli.

(Refren)

2. Lafwa se fòs k ap pouse nou aji.

Grasa lanmou, nou fidèl.

Pou n kontinye ret aktif nan sèvis la,

Zèl pou Bondye esansyèl.

(Refren)

3. Chak jou, Bondye egzòte n pou n fidèl,

Li menm ki fò nan konba.

Nan Amagedòn li pral detwi monn nan

E l ap pote laviktwa.

(REFREN)

Avèk kouraj, annou vanse.

Limyè nou se verite.

Jewova di : ‘ M ap ban nou fòs, m ap ede n.

Pou sa ki dwat, fò n lite. ’