Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Aklame premye Pitit Jewova a !

Aklame premye Pitit Jewova a !

Kantik 44 (105)

Aklame premye Pitit Jewova a !

(Ebre 1:6)

1. Glwa pou premye Pitit Ya,

— Glwa pou eritye Li. —

Depi Bondye fin kreye l,

Li toujou obeyi.

Pa mwayen l tout bagay fèt

Sou tè tankou nan syèl,

E kòm pòtpawòl Bondye,

Li ba l glwa ak tout kè l.

2. Byenke l te nan fòm Bondye,

Li pa t janm gen anvi

Pou l vin egal Jewova,

Ni pou l ta rival li.

Men, avèk imilite,

Fòm kò moun li te pran

Pou l defann souvrènte Ya,

Pou lòm ka viv toutan.

3. Alò, Bondye elve Kris

Nan yon plas siperyè.

Li fè l tounen Ajan li,

Pou l fè konn non l aklè.

Talè, nan Amagedòn,

Moun jis yo, l ap defann,

L ap disparèt tout mechan,

Lapè pap janm sispann.

4. Glwa pou premye Pitit Ya !

Fè konnen li se Wa.

Toujou preche kay an kay,

Defann pawòl Bib la.

Avèk amou anseye

Tout moun sa Bondye vle.

Ankouraje frè nou yo

Bay Kris glwa l merite.