Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann fè lòt moun mizèrikòd

Ann fè lòt moun mizèrikòd

Kantik 96 (215)

Ann fè lòt moun mizèrikòd

(Lik 6:36)

1. Jewova te di l pral fè yon delij

K ap detwi tout mechan sou latè.

Li te bay Noye yon kokenn misyon :

‘ Fè yon lach ! Preche moun san w pa pè ! ’

Èske Noye te refize fè sa,

Pou l ta di : ‘ Mwen pa konn bati lach ’ ?

Non, li te suiv egzanp konpasyon Ya,

Li bati, li preche san relach.

2. Kounye a, vye sistèm nan ap fini,

E Bondye lanmou an dekrete :

Yo dwe fè moun konnen lafen an pre,

Konsa, moun ki vle ap ka koute.

Èske w di : ‘ Mwen pa ka bay pawòl la.

Mwen twò fèb e m pa konn pale byen ’ ?

Pa bliye, ak mizèrikòd Bondye,

W ap ka preche grasa lespri sen.

3. Verite, konpasyon sot nan Bondye,

E gen bèl lajwa nan mitan nou.

Jewova gen pou l ranje tout bagay,

Men, deja nou jwenn yon avangou.

Donk, nou dwe fè lòt moun mizèrikòd

Lè n egzòte tout moun nou kapab :

‘ Aji vit ! Vwe tèt ou ! Pa gad dèyè !

Sèvi Bondye, s’a trè pwofitab ! ’