Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann louwe Bondye nou an ki Wa

Ann louwe Bondye nou an ki Wa

Kantik 63 (148)

Ann louwe Bondye nou an ki Wa

(Sòm 145:1)

1. Ann chante lwanj pou Jewova !

Annou louwe l avèk lafwa.

Non li, ann fè tout moun konnen,

Ann pwoche kote l, li pa lwen.

Bra li toujou ouvè pou nou,

Pou l ede n si n tonbe yon jou.

Nou tout, nou ta dwe ret fidèl,

Bonte Jewova etènèl.

2. Se pou nou fidèl e sensè,

Nou dwe beni l, nou ki pousyè.

Paske chemen l yo jis, yo bèl,

Nou dwe toujou louwe grandè l.

Tout moun ki renmen l mèt trankil,

Delivrans lan pap difisil.

Li ede nou fè fas ak strès.

N ap beni Ya, ki gen sajès.

3. Kounye a Wayòm nan toupre,

Sa ki dwat, ki gran, l ap pote.

Pwoklame li sou tout tè a,

Ou menm, li deja bay lajwa.

Wa li a, Jewova tabli,

E pèsonn pa ka ba l defi.

Talè, l ap detwi tout mechan.

E souvrènte l ap eklatan.