Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann preche “ bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan ”

Ann preche “ bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan ”

Kantik 86 (193)

Ann preche “ bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan ”

(Matye 24:14)

1. Bon nouvèl Wayòm nan, se sa nou dwe preche

Kòm yon temwayaj pou tout nasyon.

Tout moun nèt dwe konnen gran non Jewova Dye

Anvan l gentan pase alaksyon.

(Refren)

2. Piske jou yo move, se pou nou rachte tan

Sou tout detant ki pa esansyèl.

Se pou n met an premye bèl sèvis Wayòm nan,

Konsa, n ap jwenn trezò etènèl.

(Refren)

3. Toutpandan n ap preche pawòl la, nou pap pè,

Menm lè n jwenn anpil opozisyon.

Men ak tak, jantiyès, n ap vanse san distrè.

N ap toujou preche, se yon misyon.

(REFREN)

Ann preche moun bon nouvèl la,

Pou enb yo ka sèvi Jewova.

N ap ede moun ki vle envoke non Bondye,

Konsa, n ap travay pou l sangtifye.