Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annavan, minis Wayòm nan !

Annavan, minis Wayòm nan !

Kantik 19 (43)

Annavan, minis Wayòm nan !

(2 Timote 4:5)

1. Ann kontinye preche Wayòm nan

Pou tout moun kapab tande.

Si nou gen lanmou pou pwochen nou,

Moun enb yo n ap ka ede.

Nou dwe veye sou rad n ap mete,

Pou n ka toujou bay Bondye glwa.

Ministè nou an presye anpil.

N ap cheri sèvis sakre a.

(Refren)

2. Kontinye mache, nouvo minis,

Fikse je n sou pwomès la.

Bliye bagay nou kite dèyè,

N ap jwenn fòs nan Pawòl Ya.

Antanke mesaje Trè Sen an,

Nou ta dwe fè ladiferans.

Li nòmal pou sèvitè Bondye

Rete lwen move enfliyans.

(Refren)

3. Ansanm nou kontinye avanse,

Kretyen wen ak lòt mouton.

Granmoun, jèn gason avèk jèn fi,

Zele nan predikasyon.

Nou gen yon ministè ki sakre,

Wi, li diy e sa fè nou fyè.

Li bay moun sensè yo rekonfò

E Jewova jwenn tout onè.

(REFREN)

Annou ale

Preche mesaj Wayòm nan toujou pi lwen.

Ann kontinye

Montre nou fidèl, nou pap travay anven.