Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou chèche gen yon bèl non nan je Bondye

Annou chèche gen yon bèl non nan je Bondye

Kantik 16 (37)

Annou chèche gen yon bèl non nan je Bondye

(Eklezyas 7:1)

1. Nou swaf ak tout kè n

Apwobasyon Bondye.

Toujou fè l plezi,

Wi, se sa nou tout vle.

Pou n gen yon non ki bèl,

Nou tout dwe ret fidèl,

Nan je Souvren an,

S’a esansyèl.

2. Pawòl ak aksyon

Ap ka ede nou jwenn

Yon non devan Ya,

Li menm, toutbon, nou krenn.

Piske Bondye ki bon

Gide n tankou mouton,

N ap ka jwenn anpil

Benediksyon.

3. N ap gen yon bèl non

Si n fè Bondye plezi.

Toutotan n ap viv,

N ap onore non li.

Si n defann Pawòl la,

Si n lite ak lafwa,

L ap vin zanmi nou,

N ap ba li glwa.

4. Jou yo makawon,

E nou tout dwe lite

Pou n gen yon bèl non

Devan Jewova Dye.

Ann toujou aji byen,

Annou viv kòm kretyen,

Ann preche ak zèl

Jiska lafen.