Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan

Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan

Kantik 93 (211)

Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan

(Matye 9:37, 38)

1. N ap viv nan gwo moman rekòt la,

Se yon privilèj espesyal.

Zanj fidèl yo la ap rekòlte,

Ann ba yo yon èd ki total.

Jezi te derape travay s’a,

Lè l simen semans nan tè a.

Ble a tou pare pou yo rekòlte.

Ann keyi fwi yo ak lajwa.

2. Kouny’a, yo met ble a nan depo.

Move zèb la parèt byen klè.

Mechan sa yo vle ralanti nou,

Y ap manje dan, yo vle fè n pè.

Pèp sen Bondye a byen okipe,

Chak jou, yo pa sispann travay.

Rekòt moun sensè yo vrèman anpil,

Ann toujou ede yo san fay.

3. Lanmou pou Ya e pou pwochen nou

Fè n aji vit san ralanti.

Travay rasanble enb yo ijan,

Paske li rive nan bout li.

Pandan rekòt la nou dwe aktif,

Pou n ede moun yo konn Bondye.

Wi, chak jou klas ble a gen kè kontan,

Dèske enb yo ap rasanble.

4. Se Jezi Kris ki Mèt rekòt la,

Li konn ki lè grenn yo pare.

Jaden yo byen blan pou rekòlte,

Gen anpil moun pou n anseye !

Nou se konpayon travay Bondye,

Donk, sa fè nou gen anpil jwa.

Nou dwe lite pou n toujou ret aktif.

Se pou n fidèl nan rekòt la.