Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chan nouvo a

Chan nouvo a

Kantik 75 (169)

Chan nouvo a

(Sòm 98:1)

1. Glwa pou Jewova, chante pou li yon chan nouvo.

Fè konnen tout sa l fè, e tout pwomès li yo.

Louwe bra l ki sen ak men dwat li ki bay viktwa.

Li jije ak jistis, tout moun kapab wè sa.

(Refren)

2. Tè a dwe pouse yon gwo kri lajwa pou Bondye,

Se pou l chante chak jou, ak kè kontan, gete.

Louwe Jewova, chante byen fò nan prezans li.

Nou menm kòn ak twonpèt, louwe l ann amoni.

(Refren)

3. Se pou lanmè a, rivyè ak flèv yo bat bravo.

Tout sa ki sou tè a, leve vwa nou byen wo.

Se pou nou rejwi, se pou n louwe Bondye chak jou.

Mòn, montay, tout peyi dwe chante pou li tou.

(REFREN)

Ann chante !

Yon chan nouvo pou Ya.

Ann chante !

Jewova Dye vin Wa.