Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fwi lespri a

Fwi lespri a

Kantik 71 (163)

Fwi lespri a

(Galat 5:22, 23)

1. Nou tout dwe chèche byen kiltive

Fwi lespri sen Jewova Dye.

Konsa, n ap kapab onore li,

N ap ka viv pou letènite.

Kidonk, annou demontre toutan

Lanmou ki pwòp, ki sot nan Ya.

Ann chèche toujou gen kè kontan,

Pou n andire grasa lajwa.

2. Nou dwe posede lapè Bondye,

Pou n pwospere, pou nou ini.

Li enpòtan pou n gen pasyans tou,

Anvè tout moun, san patipri.

Ala bèl efè bonte genyen !

Li fè moun dispoze koute.

Byenveyans pouse nou alaksyon :

Mesaj la, li fè n pataje.

3. Bèl fwi lafwa fè nou gen kouraj,

Li ede n gen bi nan lavi.

E dousè se yon gwo avantaj !

Chirepit ak kont, l’adousi.

Nou bezwen tou gen bonjan metriz

Pou Ya pa dezapwouve nou.

Tout kalite sa yo enpòtan,

Ann kiltive yo toulejou.