Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova, kote nou abite

Jewova, kote nou abite

Kantik 56 (135)

Jewova, kote nou abite

(Sòm 90:1)

1. O Ya, ou se kote n abite.

Ou sèl nou vle toujou beni.

Anvan w te fè kolin ak montay,

Majeste w te deja tabli.

Ou se Bondye pou letènite.

Pou toutan ou rete menm j’an.

Ou te fè lòm retounen pousyè,

Men, lanmou w rachte nou vrèman.

2. Mil an, ki parèt si long pou nou,

Tankou yon jou pou ou, Trè Sen.

Men lòm se tankou zèb ki pouse

Nan lawouze, apre l fennen.

Si nou rive viv swasanndizan,

Katreventan, nou gen pisans.

Laj sa yo se pwoblèm yo pote,

Epi yo chaje ak soufrans.

3. Aprann nou jan pou nou konte jou n,

Pou nou ka toujou gen lajwa.

Pandan n ap fè efò pou nou saj,

Ak rekonesans, n ap ba w glwa.

O se pou cham ou, Jewova Dye,

Parèt sou tout sèvitè w yo.

Tanpri, beni sèvis n ap ba ou,

Konsa, n ap ka louwe w byen wo.