Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Jewova li menm vin wa ! ”

“ Jewova li menm vin wa ! ”

Kantik 13 (33)

“ Jewova li menm vin wa ! 

(Sòm 97:1)

1. Mèsi, Jewova nou di w mèsi,

Se pou moun tout nasyon konnen sa ou fè.

Avèk jwa, n ap chante melodi pou Bondye.

Kokenn aksyon l yo touche n anpil.

(Refren)

2. Ann fè nasyon yo konnen glwa li.

Chak jou, ann fè konnen li bay delivrans.

Paske Jewova gran, li merite louwanj,

Se li pou n krenn, nou pa nan fo dye.

(Refren)

3. Bèl renome ak fòs se pou Ya.

Remèsye l pou Pitit li Jezi ki Wa.

Avèk bèl òneman, vin pwostène devan l.

Avèk jwa, louwe l epi ba l glwa.

(REFREN)

Nou menm syèl mèt rejwi, tè a mèt nan lajwa,

Paske Jewova se li ki gran Wa !

Nou menm syèl mèt rejwi, tè a mèt nan lajwa,

Paske Jewova se li ki gran Wa !