Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se fòs nou ak pisans nou

Jewova se fòs nou ak pisans nou

Kantik 22 (47)

Jewova se fòs nou ak pisans nou

(Izayi 12:2)

1. Jewova Dye, se ou menm ki vigè n,

Ou se sovè n, ou toujou satisfè n.

Nou se temwen k ap preche pawòl ou,

Menmsi gen moun ki pa vle koute nou.

(Refren)

2. Nan Kris Jezi, nou jwenn lajwa, lapè.

Grasa limyè verite nou wè klè.

Nou li Labib, nou aprann volonte w,

E nou chwazi pou n rete bò kote w.

(Refren)

3. N ap kontinye sèvi w ak kè kontan.

Byenke Satan ap frape n, nou konfyan.

Mennsi l dèyè touye n, o Ya, ede n

Pou nou toujou kenbe entegrite n.

(REFREN)

O Ya, pisans nou, o Wòch nou ki sen !

N ap fè konnen non w tout lajounen.

Glorye Jewova, Bondye Toupisan,

Ou se kachèt nou, fòtrès nou toutan.