Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se refij nou

Jewova se refij nou

Kantik 38 (85)

Jewova se refij nou

(Sòm 91:1, 2)

1. Jewova se refij nou,

Nan li sèl nou konfyan.

Lonbray li ban n pwoteksyon,

Anba l n ap ret toutan.

Grasa Bondye nou ka sove

Anba tout pyèj, anba danje.

Jewova se yon fòtrès,

Pou moun ki obeyisan.

2. Plizyè milye mèt tonbe

Toupre w, ou pap brannen,

Wi, dimil sou bò dwat ou,

Malè pap fè w anyen.

Ou pa dwe ni tranble, ni pè,

Menmsi toupre w ou wè malè.

Piske w ret anba zèl Ya,

L ap pwoteje w, se sèten.

3. Gwo flewo pap janm frape w,

Ni gwo kalamite.

Bondye ap bay zanj li lòd

Pou ba w sekirite.

Ou pap kouri pou mal lyon an.

E w ap mache sou twou sèpan.

Wòch pap janm fè w kilbite,

Si w ret fidèl ak Bondye.

4. Louwe Ya ki fè n pwomès,

Pwoklame jistis li.

Fè konnen bèl kalite l,

Mache nan ladwati.

Si nou sèvi l ak tout nanm nou,

L ap delivre nou anretou.

Jewova se refij nou.

Grasa non l n ap jwenn lavi.