Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kouri al jwenn Wayòm Bondye a !

Kouri al jwenn Wayòm Bondye a !

Kantik 62 (146)

Kouri al jwenn Wayòm Bondye a !

(Sefànya 2:3)

1. Nou menm ki enb, se pou n chèche Jewova,

Imilite ak jistis fò n chèche.

Konsa, li posib, nan jou kòlè li a,

Pou l kache nou pou n ka chape.

(Refren)

2. Nou menm ki swaf verite avèk jistis,

Poukisa nou gen chagren ak doulè ?

Pou n chape anba Satan, chèche Bondye,

E obeyi Kris kòm Seyè.

(Refren)

3. Leve tèt nou, wi, gade ak kè kontan

Tout prèv ki montre Wayòm nan tabli !

Aklame limyè Jewova voye a,

E nou dwe gen krentif pou li.

(REFREN)

Se Wayòm Bondye a ki sèl espwa.

Pou li, ann pran pozisyon (pozisyon).

Kòmandman l yo, nou tout dwe suiv ak lajwa,

Konsa, n ap jwenn pwoteksyon (pwoteksyon).