Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lanmou fidèl Bondye

Lanmou fidèl Bondye

Kantik 49 (114)

Lanmou fidèl Bondye

(Izayi 55:1-3)

1. Jewova se lanmou !

Verite s’a touche nou.

Lanmou te fè l voye Kris

Vin bay vi l an sakrifis.

Konsa, jistis nou ka jwenn,

Lavi san fen n ap atenn.

(Refren)

2. Jewova se lanmou !

Zèv li pwouve sa chak jou.

Li montre lanmou fidèl,

Lè l bay Kris yon twòn nan syèl

Pou l akonpli pwomès li.

Wayòm nan deja tabli !

(Refren)

3. Jewova se lanmou !

Li vide lapè sou nou.

Li ban n esklav fidèl la,

Ki pote non l sou tè a,

E ki gen yon gwo misyon :

Defann Ya nan tout nasyon.

(Refren)

4. Jewova se lanmou !

Lanmou l dwe fè n renmen tou.

Fidèlman, annou ede

Moun ki vle jistis Bondye.

Se pou n preche kay an kay,

Soulajman, espwa, n ap bay.

(REFREN)

Tout moun ki swaf mèt vini,

Bwè dlo lavi san peye.

Wi, moun ki swaf mèt vini,

Vin jwi bonte Bondye.