Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Liv Bondye a se yon trezò

Liv Bondye a se yon trezò

Kantik 80 (180)

Liv Bondye a se yon trezò

(Pwovèb 2:1)

1. Gen yon liv, nan paj li yo, ki bay lajwa,

Lapè, lespwa pou tout moun sou latè.

Panse estw’òdinè l yo gen anpil fòs.

Li bay espwa lavi pou moun sensè.

Liv sen s’a se Labib, Pawòl Bondye a.

Se moun Li enspire ki te ekri l,

Mesye sa yo te renmen Ya sensèman,

E zèl yo te chofe grasa lespri l.

2. Yo te ekri istwa kreyasyon Bondye,

Kòman l fè linivè ak pisans li.

Yo rakonte tou kòman lòm te pafè,

E jan paradi l la te fè pèdi.

Epitou, yo pale konsènan yon zanj

Ki konteste souvrènte Jewova.

Kontestasyon s’a te mennen nan peche,

Men talè Bondye pral pot laviktwa.

3. Jodi a sou tout tè a, gen anpil jwa.

Wayòm nan tabli ak Kris kòm Seyè.

Se jou s’a Jewova Dye bay delivrans

Pou tout moun k ap sèvi l e ki sensè.

Anndan liv s’a nou jwenn yon trè bon nouvèl.

Ki pi bon lontan pase lò ki fen.

Li bay espwa ki depase sa n panse.

Se pi bèl istwa nou kontan konnen.