Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mèsi, o Jewova !

Mèsi, o Jewova !

Kantik 94 (212)

Mèsi, o Jewova !

(1 Tesalonisyen 5:18)

1. Mèsi, Jewova, pou limyè ou ban nou,

Ki klere n toutan, ki gide n chak jou.

Mèsi, bon Papa, paske nou ka priye w,

Pou n di w sa k nan kè n, pou n pwoche pi pre w.

2. Mèsi, Jewova, pou Jezi k ap reye,

Viktwa sou lanmò, li te ranpòte.

Mèsi pou èd ou, ki fè nou sèvi w byen,

Konsa, n ap kenbe ve n fè kòm Temwen.

3. Mèsi, Jewova, pou frè n yo nan lafwa,

Yo se zanmi nou, yo suiv lòd Bib la.

Mèsi, o Bondye, paske w ban n lespri sen,

Ki fè n ret fidèl pou lavi san fen.

4. Mèsi dèske n ka pwoklame non w ki gran.

Se yon privilèj ki fè kè n kontan.

Mèsi paske tout sa ki mal pral fini,

Grasa Wayòm ou, latè pral beni.