Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Medam yo se yon gwo lame

Medam yo se yon gwo lame

Kantik 37 (82)

Medam yo se yon gwo lame

(Sòm 68:11)

1. Bondye Jewova bay pawòl la,

Medam yo simaye l ak zèl.

Yo fòme yon gwo lame temwen,

K ap preche tout moun bon nouvèl.

Pou sa, byen bonè nan jounen an,

Yo pran swen tout moun lakay yo.

Kòm yo saj, yo zele pou preche,

Yo toujou briye kou flanbo.

2. Nou priye pou Jewova beni

Sè sa yo, ki konpayon nou.

Yo fè anpil nan ministè a,

Frè yo kontan di sa chak jou.

Genyen ki vèv, genyen ki aje,

E yo tout jwenn difikilte.

Li ra pou yo pa nan reyinyon.

Andirans yo nou admire.

3. Annou ba yo anpil atansyon,

Pitit fi, manman, kou madanm.

Yo patisipe nan rekòt la,

Y ap preche pou yo sove nanm.

Gwo lame sè sa yo vrèman diy.

Efò yo fè pote bon fwi.

Annou pran swen yo avèk tandrès.

Pawòl Ya pa t pou granmesi.