Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Men chemen an ”

“ Men chemen an ”

Kantik 18 (42)

“ Men chemen an ”

(Izayi 30:20, 21)

1. Vwa Jewova ap di : ‘ Men wout pou n pase ! ’

Nou mèt mache ladan l, se chemen Bondye.

Li gen yon entandan ki fidèl, ki fyab,

Li sèvi avè l kòm yon gid apresyab.

Men chemen an, mache ladan l !

Pa fè reta ! Mete n anbranl !

Ak zòrèy nou ouvè, nou tande vwa l byen klè,

Nou chèche suiv tout ansèyman l.

Lespri l ap ede nou kontinye vanse.

Nan chemen ladwati, se la pou n mache.

2. Vwa ki sot dèyè n nan se yon vwa ki bèl,

Se Gran Pwofesè n nan k ap fè nou rapèl.

Avèk bon disènman, n ap koute li byen,

N ap chèche bon chemen, nou pap tatonnen.

Chemen Bondye ban nou limyè,

Ann ret ladan l, n ap jwenn favè.

Nou wè ak je lafwa, lapè pral byen chita,

Kris ap reye kòm sèl Seyè.

Ni adwat ni agoch, nou pa vle ale,

Men n ap toujou vanse nan chemen Bondye.

3. Nou dwe fè moun konnen chemen Jewova,

Sitou sa yo ki vle koute pawòl la.

Yo tout tankou pijon k ap vin nan kalòj,

Bò kote vrè Dye a ki tou jwenn elòj.

Chemen Bondye : chemen lapè.

Li libere n, fè n pa distrè.

Nan chemen sa ki jis, nan wout ki pa gen vis,

Li mennen nou, nou pa enkyè.

Annou leve tèt nou, ann akselere,

Je nou sou Wayòm nan, sèl espwa nou vre.