Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Modèl lanmou Bondye bay la

Modèl lanmou Bondye bay la

Kantik 41 (89)

Modèl lanmou Bondye bay la

(1 Jan 4:19)

1. Jewova Dye bay avèk anpil sajès,

Pou nou tout,

Wi, nou tout,

Yon modèl lanmou ki chaje ak tandrès

Pou n pa tonbe,

Pou n pa tonbe.

Se yon bon chemen li toujou prezève,

E li envite n pou nou toujou lite

Pou n pa janm kite l, non pou n pa janm kite

Chemen lanmou.

Bondye se lanmou.

2. Si n suiv chemen Ya, lanmou n gen pou frè nou

Ap sensè,

Byen sensè.

L ap fè n veyatif pou n demontre lanmou

Nan tout aksyon n,

Nan tout aksyon n.

Annou demontre se yon vrè afeksyon,

Ki fè n ede yo pa pran lòt direksyon.

Donk, yo pap pèdi bonjan frekantasyon.

Nou gen lanmou,

Pou yo n gen lanmou.

3. Bondye se lanmou. Òganizasyon l lan

Ap toujou,

Wi, toujou,

Sèvi souvrènte l, se sa li wè anvan.

L ap louwe Ya,

L ap louwe Ya.

Ann fè moun konn non l, tout moun ki vle tande,

Ede lòt mouton aprann laverite.

Se pou sèvis la, chak jou, vin pi presye,

Se sa lanmou,

Wi, se vrè lanmou.