Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

N al “ kay an kay ”

N al “ kay an kay ”

Kantik 12 (32)

N al “ kay an kay ”

(Travay 20:20)

1. N al kay an kay, n al pòt an pòt,

Pou n gaye Pawòl la.

N al vil an vil, pou nou pran swen

Tout mouton Jewova.

Wayòm Bondye ap domine,

Se sa Kris te predi.

Se mesaj s’a k ap simaye,

Granmoun, timoun, bay li.

2. N al kay an kay, n al pòt an pòt,

Delivrans n ap preche.

Se moun ki chwazi envoke

Non Bondye k ap sove.

Ki jan y ap envoke yon non

San yo pa menm konnen l ?

Donk, kit nan kay, kit nan papòt,

Nou sipoze nonmen l.

3. Se vre, nou pap jwenn nan chak pòt

Yon moun ki vle koute.

Pafwa gen moun ki repouse n,

Lòt menm pa vle tande.

Se menm sa k te rive Jezi,

Tout moun pa t koute li.

Men, mouton l ap rekonèt vwa l,

Kidonk, nou pap desi.

4. Wi, pòt an pòt, annou preche,

Lajounen kou lannuit.

Moun y ap chwazi sa yo vle ye :

Mouton oswa kabrit.

Omwen, n ap fè konn Jewova,

Verite l n ap gaye.

E, tank nou prale pòt an pòt,

N ap jwenn mouton l yo vre.