Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou nan lajwa tout lajounen

Nou nan lajwa tout lajounen

Kantik 7 (19)

Nou nan lajwa tout lajounen

(Sòm 32:11)

1. Nou kontan ! Nou rejwi !

Paske n gen favè Bondye.

Nou santi n nan lajwa,

Travay la ap pwogrese.

Nou pa manke anyen, Bondye pran swen n byen,

Kouny’a, ki sa k nesesè pou n mande ?

Nou anpè, kè n poze,

Nou gen yon lajwa total.

Nou aprann kontante,

Bondye pwòch nou, l amikal.

Kè kontan anvayi n, nou gen disiplin,

N ap travay di pou yon rekòt final.

2. Verite Wayòm nan

Libere n, sa fè n rejwi.

Pitit Bondye bay lòd,

Kidonk nou koute vwa li.

Se ak san l li achte n, li byen anseye n,

Konsa, nou menm ak Bondye ka zanmi.

Wayòm nan deja la,

Li pot yon jwa san parèy.

Bondye bay yon “ esklav ”

Ki pran swen n, ki ban n konsèy.

Nou jwenn eklèsisman, avni nou briyan,

N ap avèti moun yo ki nan somèy.

3. Preche limanite

Se yon kokenn sous lajwa.

Nou santi nou kontan

Lè nou jwenn mouton pou Ya !

Frè nou yo nou renmen, n akeyi vwazen,

Ini ann espri, n ap bay Bondye glwa.

Tout lajounen n kontan,

Tank n ap fè konn Wayòm nan.

Yon gwo foul vin parèt.

Gade pou w wè jan l vin gran !

Ann kite Jewova kondui n, ban n lebra,

Li se sèl vrè Dye, n ap louwe l toutan.