Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou pote laviktwa sou monn nan

Nou pote laviktwa sou monn nan

Kantik 1 (3)

Nou pote laviktwa sou monn nan

(Jan 16:33)

1. Grasa gwo pisans Jewova,

N ap vanse san n pa faya.

Nan lagè pou n fè sa ki dwat,

Li ban n viktwa sou viktwa.

N ap sibi lahèn nasyon yo

Pou Pawòl la n ap preche.

Nou gen tout konfyans n ap genyen,

N ap mache san kè sote.

2. Nan monn nan nou pral jwenn pwoblèm,

Se bagay nou byen konnen.

Men Jezi Kris di n : “ Pran kouraj ! ”

‘ M ap veye sou nou trè byen. ’

Wi, nou ka pote laviktwa,

Batay la se pa pou nou.

Se Jewova Dye k ap goumen,

Tout ènmi l yo pral pran kou.

3. Grasa lafwa nan Jezi Kris,

Nou triyonfe sou monn nan.

Wayòm li an deja tabli,

Kris pran epe l angranjan.

Li te venk monn nan sou tè a.

Si n suiv li n ap fè menm j’an.

Ak konfyans nan Jewova Dye,

Laviktwa pral pou toutan.